BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 52 p. 128-p. 129 par. 7
  • Li sèvi ak kèk pen ansanm ak kèk pwason pou l bay plizyè milye moun manje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li sèvi ak kèk pen ansanm ak kèk pwason pou l bay plizyè milye moun manje
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi bay plizyè milye moun manje
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi bay anpil moun manje
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li fè mirak pou l bay plizyè milye moun pen e li bay avètisman konsènan ledven
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 52 p. 128-p. 129 par. 7
Jezi kase senk pen ak de pwason epi li bay disip li yo pou yo bay foul la.

CHAPIT 52

Li sèvi ak kèk pen ansanm ak kèk pwason pou l bay plizyè milye moun manje

MATYE 14:13-21 MAK 6:30-44 LIK 9:10-17 JAN 6:1-13

  • JEZI BAY 5 000 GASON MANJE

Kanpay predikasyon 12 apot yo te fè nan tout Galile a fè yo kontan. Yo rakonte Jezi “tout sa yo te fè e tout sa yo te anseye”. Kòm Jezi wè yo fatige epi yo pa menm gen tan pou yo manje akoz moun yo ki t ap fè ale vini, li di yo: “Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” — Mak 6:30, 31.

Yo monte nan yon bato, petèt toupre Kapènawòm. Yo met tèt sou yon zòn ki izole, sanble nan direksyon lès Rivyè Jouden an pa lòtbò Betsayida. Men, gen anpil moun ki wè lè yo ale a, e gen lòt ki vin aprann sa. Yo tout kouri arebò lanmè a, e lè bato a fè tè, moun yo te gentan la pou vin rankontre yo.

Pandan Jezi ap desann bato a, li wè gwo foul moun nan, li santi l gen pitye pou yo, paske moun yo tankou mouton ki san bèje. Se sa k fè li kòmanse “anseye yo anpil bagay” konsènan Wayòm nan (Mak 6:34). Anplis de sa, li geri “moun ki te bezwen gerizon”. (Lik 9:11.) Tan an pase vit, e disip Jezi yo vin kote l, yo di l: “Zòn nan izole, e li fin ta. Voye moun yo ale, pou yo ka al nan bouk yo pou y al achte manje pou yo manje.” — Matye 14:15.

Jezi di yo: “Yo pa bezwen deplase. Nou mèt ba yo manje.” ​(Matye 14:16). Lè sa a, kòm Jezi deja konn sa l pral fè, li teste Filip, li mande l: “Ki kote nou pral achte pen pou moun sa yo manje?” Jezi gen rezon pou poze Filip kesyon sa a paske Filip soti toupre Betsayida. Sepandan, achte pen pa solisyon an paske gen anviwon 5 000 gason e kantite moun ki genyen antou a dwe de fwa plis kantite sa a, si yo konte fi ak timoun! Men sa Filip reponn: “200 denye pen [yon denye se salè yon jounen travay] pap ase pou chak moun ta jwenn menm yon ti moso.” — Jan 6:5-7.

Jezi k ap pale ak tigason ki gen senk pen ak de pwason an.

Petèt pou Andre montre li enposib pou yo bay tout moun sa yo manje, li di: “Gen yon tigason la a ki gen senk pen lòj ak de ti pwason. Men, ki sa sa ka fè pou tout moun sa yo?” — Jan 6:9.

Nou nan sezon prentan, yon ti tan anvan fèt Pak ane 32 epòk nou an, e gen anpil zèb ki kouvri mòn nan. Jezi di disip li yo pou yo fè moun yo chita sou zèb la pou yo fè gwoup 50 ak gwoup 100 moun. Li pran senk pen yo ak de pwason yo epi li gade syèl la e li fè yon priyè. Apre sa, li kase pen yo ak pwason yo. Li lonje yo bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. Sa ki etonan, tout moun manje vant plen.

Apre sa, Jezi di disip li yo: “Ranmase rès ki rete yo, dekwa pou anyen pa gaspiye.” ​(Jan 6:12). Lè yo fè sa, yo plen 12 pànye ak rès ki rete nan sa yo te manje yo!

  • Poukisa Jezi ap chèche yon kote apa pou apot li yo?

  • Ki kote Jezi ale ansanm ak disip li yo, e ki sa yo jwenn lè yo rive kote yo ale a?

  • Ki sa disip yo mande Jezi pou l fè, men, ki jan Jezi ede moun yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje