BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 66 p. 158-p. 159 par. 1
  • Li nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Pandan li nan fèt Tabènak yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • “Pa janm gen yon moun ki pale konsa”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • L ap anseye pandan l ap vwayaje pou l al Jerizalèm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Pitit Gason Bondye a se “limyè pou monn nan”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 66 p. 158-p. 159 par. 1
Jezi ap anseye nan tanp lan nan Jerizalèm.

CHAPIT 66

Li nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo

JAN 7:11-32

  • JEZI AP ANSEYE NAN TANP LAN

Jezi gen prèske twazan depi l batize, e pandan tan sa a, anpil moun vin konnen l. Plizyè milye moun wè mirak li fè yo, e yo pale de aktivite l nan tout peyi a. Kounye a, moun yo ki vin Jerizalèm pou fèt Tabènak (oswa Tonèl) yo kòmanse chèche l.

Gen yon bann diskisyon k ap fèt sou Jezi. Gen moun ki di: “Li se yon bon moun.” Gen lòt ki di: “Se pa vre, se twonpe l ap twonpe foul la.” ​(Jan 7:12). Gen anpil pawòl konsa k ap pale nan kòmansman fèt la, nan premye jou yo. Epoutan, pèsonn pa gen kouraj pou yo pale an piblik an favè Jezi. Rezon an se paske anpil moun pè fason chèf relijye juif yo ka reyaji.

Jezi rive nan mitan fèt la, tout moun nan tanp lan wè l. Anpil moun sezi wè kapasite estrawòdinè li genyen pou l anseye. Piske Jezi pa janm al nan lekòl anseyan relijye juif yo, y ap mande: “Kòman mesye sa a fè konnen Ekriti yo konsa alòske li pa t fè etid li nan lekòl yo?” — Jan 7:15.

Men esplikasyon Jezi bay: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl Sila a ki voye m nan. Si yon moun vle fè volonte Bondye, moun sa a ap konnen si sa m ap anseye a soti nan Bondye, oswa si se pawòl pa m m ap pale.” ​(Jan 7:16, 17). Se sou Lwa Bondye a ansèyman Jezi a chita. Se poutèt sa li ta dwe klè pou tout moun se Bondye Jezi ap chèche bay glwa, se pa tèt pa l.

Donk, men sa Jezi di: “Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men, nou youn pa obeyi Lalwa. Poukisa n ap chèche touye m?” Moun ki nan foul la, petèt ki sot lòt kote pou vin nan fèt la, pa konnen si gen moun k ap chèche touye Jezi. Yo pa konprann poukisa yon moun ta vle touye yon anseyan konsa. Se poutèt sa yo kwè Jezi dwe gen yon pwoblèm ki fè l panse konsa. Men sa yo di Jezi: “Ou gen yon demon sou ou! Kiyès ki dèyè touye w la?” — Jan 7:19, 20.

Lè Jezi te geri yon mesye jou saba a, sa gen ennan edmi, chèf relijye juif yo t ap chèche touye l. Se poutèt sa, kounye a, pou Jezi montre jan yo pa rezonab, li di yon bagay ki fè moun reflechi. Li fè konnen, selon Lalwa yon tigason te dwe sikonsi sou uityèm jou a, menmsi se yon jou saba. Se sa k fè li mande yo: “Si nou sikonsi yon moun nan yon jou saba dekwa pou nou pa vyole Lwa Moyiz la, poukisa nou fache anpil konsa kont mwen poutèt mwen geri yon moun yon jou saba e moun nan vin anfòm nèt? Sispann jije sou aparans, men jije yon fason ki jis.” — Jan 7:23, 24.

Gen kèk moun ki abite Jerizalèm ki konnen gen moun k ap chèche touye Jezi, yo di: “Se pa mesye y ap [chèf yo ap] chèche touye a? Gade, apa l ap pale devan tout moun e yo pa di l anyen! Èske se konnen chèf yo vin konnen toutbon se li ki Kris la?” Men, poukisa moun yo pa kwè Jezi se Kris la? Men sa yo fè konnen: “Nou konnen ki kote mesye sa a soti. Tandiske lè Kris la vini, pèsonn pap konnen ki kote l soti.” — Jan 7:25-27.

Men repons Jezi ba yo pandan li nan tanp lan: “Nou konnen m e nou konnen kote m soti. Anplis de sa, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men Sila a ki voye m nan egziste toutbon, e nou pa konnen l. Mwen konnen l, paske mwen sot bò kote l antanke reprezantan l, e se li ki voye m.” ​(Jan 7:28, 29). Lè yo fin tande esplikasyon klè Jezi bay la, yo eseye met men sou Jezi, petèt pou yo mete l nan prizon oswa pou yo touye l. Men, yo pa t rive fè sa paske lè l potko rive pou l mouri.

Sepandan, anpil moun mete lafwa nan Jezi, e se sa yo te dwe fè depi anvan. Anfèt, li mache sou dlo, li kalme van, li fè mirak ak kèk pen ak pwason pou l bay plizyè milye moun manje, li geri malad, li fè moun ki bwete mache dwat, li ouvè je avèg, li geri moun ki gen lèp, e li menm leve moun mouri. Vrèmanvre, yo te gen bonjan rezon di: “Lè Kris la vini, èske l ap fè plis mirak pase mesye sa a?” — Jan 7:31.

Lè Farizyen yo tande sa foul la ap di, yo menm ak prèt an chèf yo voye gad al arete Jezi.

  • Lè Jezi rive nan fèt la, ki sa moun yo t ap di sou li?

  • Ak ki rezònman Jezi sèvi pou l montre li pa vyole Lwa Bondye a?

  • Poukisa anpil moun met lafwa nan Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje