BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 74 p. 174-p. 175 par. 8
  • Leson konsènan akeyi moun ak lapriyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Leson konsènan akeyi moun ak lapriyè
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li bay Mat konsèy e li montre fason pou n priye
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • “Mwen kwè”
    Annou imite lafwa yo
  • Esperans rezirèksyon an
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sèvi Jewova san nou pa distrè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 74 p. 174-p. 175 par. 8
Mari chita nan pye Jezi pandan Jezi ap konseye Mat.

CHAPIT 74

Leson konsènan akeyi moun ak lapriyè

LIK 10:38–11:13

  • JEZI VIZITE MAT AK MARI

  • ENPÒTANS POU N KONTINYE PRIYE

Vilaj Betani an twouve l nan yon distans anviwon twa kilomèt parapò ak Jerizalèm, sou pant ki sou bò lès Mòn Oliv la (Jan 11:18). Jezi al la e li antre nan kay de sè, ki se Mat ak Mari. Yo menm ak Laza, frè yo a, se zanmi Jezi, e yo byen akeyi l lakay yo.

Se yon gwo onè sa ye pou yon moun resevwa Mesi a lakay li. Mat chofe pou l fè tout sa l kapab pou Jezi, se sa k fè li vle prepare yon bon manje pou li. Pandan Mat ap travay, Mari, sè l la, chita nan pye Jezi l ap koute l. Apre sa, Mat di Jezi: “Seyè, sè m nan kite m poukont mwen ap travay, epi sa pa di w anyen? Di l pou l vin ede m.” — Lik 10:40.

Olye Jezi kritike Mari, li konseye Mat pou l sispann enkyete l twòp pou bagay materyèl, men sa l di l: “Mat, Mat, w ap bay tèt ou pwoblèm, w ap trakase kò w pou w fè anpil bagay, alòske de twa bagay sifi, pou m pa di yon sèl. Mari, bò kote pa l, chwazi bon pati a, e yo pap pran l nan men l.” ​(Lik 10:41, 42). Wi, Jezi montre li pa enpòtan pou Mat pase yon pakèt tan nan prepare yon repa. Yon senp manje sifi.

Mat gen bon entansyon. Li vle montre li se yon moun ki renmen akeyi moun. Men, lefètke l konsantre l sou prepare manje, sa vin fè l pa prete atansyon ak enstriksyon ki gen anpil valè Pitit Bondye a ap bay. Jezi montre Mari fè yon bon chwa, yon chwa k ap fè l jwenn byenfè k ap dire. Sa se yon leson nou pa dwe janm bliye.

Nan yon lòt okazyon, Jezi te bay yon lòt leson enpòtan, men ki sanble ak leson sa a. Te gen yon disip ki mande l: “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye, tankou Jan te montre disip li yo fè sa.” ​(Lik 11:1). Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, sa gen anviwon ennan edmi, li te montre moun yo ki jan pou yo priye (Matye 6:9-13). Sepandan, disip sa yo te ka pa t la. Se sa k fè, Jezi te repete pwen enpòtan yo. Donk, li bay yon egzanp pou montre jan li enpòtan pou nou kontinye priye.

Men sa Jezi di: “Sipoze youn nan nou ta gen yon zanmi e li ta al kot zanmi sa a a minui pou l di l: ‘Zanmi m, prete m twa pen, paske mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay la e mwen pa gen anyen pou m ba li.’ Ann sipoze etan zanmi sa a ta anndan lakay li, li reponn: ‘Kite m trankil. Pòt la fèmen deja, e timoun mwen yo nan kabann avè m. Mwen pap ka leve ba w anyen la a.’ M ap di nou sa: Menmsi li pap leve pou l ba l yon bagay paske li se zanmi l, men l ap leve san mank pou l ba li nenpòt sa l bezwen an paske zanmi sa a kole nan kò l.” — Lik 11:5-8.

Jezi pa vle di Jewova Dye pa dispoze ban nou sa nou mande l, menm jan ak zanmi nan istwa li bay la. Men, li montre si yon zanmi ki pa dispoze ap bay zanmi l, ki kole nan kò l, sa l mande, alewè pou Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou: L ap bay sèvitè fidèl li yo sa yo mande l ak tout kè yo. Men sa Jezi di: “Kontinye mande, y ap ban nou. Kontinye chèche, n ap jwenn. Kontinye frape, y ap ouvri pou nou. Paske tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo.” — Lik 11:9, 10.

Apre sa, pou Jezi pale plis toujou sou sa l vle di a li pran egzanp papa enpafè yo, men sa l di: “Ki papa pami nou la a si pitit li ta mande l yon pwason, [ki] t ap lonje yon koulèv ba li olye l ba l yon pwason? Oubyen, si l ta mande l yon ze, ki t ap lonje yon eskòpyon ba li? Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li!” ​(Lik 11:11-13). Wi, nou gen asirans Papa nou an dispoze koute priyè nou epi ban nou sa n bezwen!

  • Ki jan Mat ak Mari montre yo pa enterese nan menm bagay, e ki leson nou ka aprann nan sa?

  • Ki sa petèt ki pouse Jezi repete enstriksyon li te bay sou lapriyè yo?

  • Ki egzanp Jezi bay pou l montre jan l enpòtan pou nou pèsevere nan lapriyè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje