Ki sa Wayòm Bondye a ye?
Èske w t ap di se...
yon bagay ki nan kè moun?
yon kote ki nan syèl la?
yon gouvènman ki nan syèl la?
MEN SA BIB LA DI
“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze.” — Dànyèl 2:44, Tradiksyon monn nouvo a.
“Yo ban nou yon pitit gason. E gouvènman an ap sou zepòl li.” — Ezayi 9:6, nòt.
BYENFÈ SA KA POTE POU OU
Yon gouvènman ki jis ki ka pote benediksyon pou ou. — Ezayi 48:17, 18.
Nan monn tounèf ki pral genyen an, moun pral gen bonjan lasante ak kè kontan. — Revelasyon 21:3, 4.
ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?
Wi, pou omwen de rezon:
Jezi te montre sa Wayòm Bondye a pral akonpli. Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt sou tè a (Matye 6:9, 10). Jezi te montre kòman Bondye pral reponn priyè sa a pa mwayen Wayòm nan.
Lè Jezi te sou tè a, li te konn bay moun ki grangou manje, li te konn geri malad e li te konn leve moun ki mouri (Matye 15:29-38; Jan 11:38-44). Antanke moun ki t apral dirije Wayòm Bondye a, li te bay yon ti apèsi sou byenfè moun pral jwenn anba dominasyon Wayòm sa a. — Revelasyon 11:15.
Jan bagay yo ye sou tè a montre Wayòm Bondye a pa lwen rive. Jezi te fè konnen t ap gen lagè, grangou ak tranblemanntè sou tout tè a anvan Wayòm nan pote lapè sou tè a. — Matye 24:3, 7.
Jodi a, nou wè tout bagay sa yo ap fèt sou tè a. Donk, nou ka gen konfyans talè konsa Wayòm Bondye a pral retire tout pwoblèm sa yo sou tè a.
FÈ YON TI REFLECHI
Ki jan lavi a ap ye anba dominasyon Wayòm Bondye a?
Bib la reponn kesyon sa a nan SÒM 37:29 ak nan EZAYI 65:21-23.