CHAPIT 14
Kongregasyon an dwe kontinye gen lapè ladan l e li dwe rete pwòp
CHAK ane, gen plizyè milye moun ki vin nan òganizasyon Jewova a pou yo patisipe nan adorasyon ki pwòp la, jan Labib te anonse sa (Miche 4:1, 2). Se pa ti kontan nou kontan resevwa moun sa yo nan “kongregasyon Bondye a”! (Tra. 20:28.) Yo apresye posiblite yo genyen pou yo sèvi Jewova ansanm ak nou e pou yo fè pati paradi espirityèl nou ladan l lan ki pwòp e ki gen lapè ladan l. Lespri sen Bondye ansanm ak bon konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a ede nou pou gen lapè nan kongregasyon an e pou kongregasyon an rete pwòp. — Sòm 119:105; Zak. 4:6.
2 Lè nou aplike prensip nou jwenn nan Bib la nan lavi nou, sa ede nou abiye nou ak “nouvo pèsonalite a”. (Kol. 3:10.) Nou pa kite ti pwoblèm nou gen ak frè ak sè n yo ak diferans nou gen ak yo met divizyon nan mitan nou. Lefètke nou wè bagay yo menm jan ak Jewova, enfliyans monn nan pa divize nou e nou travay nan tèt ansanm antanke yon fanmi entènasyonal. — Tra. 10:34, 35.
3 Malgre sa, pafwa, frè ak sè yo kapab gen ti pwoblèm antre yo ki mete lapè ak inite kongregasyon an an danje. Ki sa ki konn fè sa? Nan pifò ka, se paske yo pa aplike prensip ki nan Bib la. Nou tout oblije goumen ak move tandans nou genyen lefètke nou enpafè. Pa gen youn nan nou ki san peche (1 Jan 1:10). Yon moun gendwa fè yon fo pa ki lakòz vin gen move konduit nan kongregasyon an, e konsa adorasyon frè ak sè yo ap bay Jewova a vin pa pwòp. Nou ka fè yon moun fache paske nou te di yon bagay oswa nou te fè yon bagay san reflechi, oubyen nou kapab bite akoz yon frè oswa yon sè te di yon bagay oswa li te fè yon bagay ki choke nou (Wom. 3:23). Lè konsa, ki sa nou kapab fè pou nou rezoud pwoblèm nan?
4 Jewova konprann tout sa e li ede nou avèk amou. Pawòl li a ban nou konsèy ki montre ki sa pou n fè lè nou gen ti pwoblèm ak frè ak sè n yo. Ansyen yo tou ki se bèje ki gen lanmou e ki renmen Bondye kapab ban nou konsèy k ap ede nou. Lè nou aplike konsèy yo ban nou ki soti nan Bib la, sa ap ede n vin gen bon relasyon ankò ak frè ak sè n yo e sa ap ede n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Si nou te resevwa disiplin poutèt nou te fè yon bagay ki pa sa, nou mèt sèten disiplin sa a se yon fason Papa nou ki nan syèl la montre li renmen nou. — Pwo. 3:11, 12; Ebre 12:6.
FASON POU NOU REGLE PWOBLÈM KI PA TWÒ GRAV
5 Pafwa, nou kapab gen diskisyon ak frè ak sè n yo oubyen nou gen kèk pwoblèm avèk yo ki pa twò grav. Nou dwe rezoud pwoblèm sa yo san pèdi tan e avèk amou (Efe. 4:26; Flp. 2:2-4; Kol. 3:12-14). Se sèten w ap remake ou kapab rezoud pwoblèm ki pa twò grav ou gen ak kretyen parèy ou lè w suiv konsèy apot Pyè te bay lè l te di “se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche”. (1 Pyè 4:8.) Bib la di tou: “Nou bite tanzantan.” (Jak 3:2). An jeneral, lè nou aplike yon prensip enpòtan ki gen nan Bib la ki mande pou nou fè pou lòt moun tout sa nou ta renmen yo fè pou nou, nou kapab annik pase sou ti bagay moun nan kongregasyon an fè nou ki pa grav. — Mat. 6:14, 15; 7:12.
6 Si w remake yon moun nan kongregasyon an fache akoz ou te di yon bagay oswa akoz ou te fè yon bagay, ou dwe pran devan pou w fè lapè ak moun nan san pèdi tan. Sonje sa, relasyon w ak lòt moun gen rapò ak relasyon w ak Bondye. Men yon konsèy Jezi te bay disip li yo: “Si w ap pote ofrann ou devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” (Mat. 5:23, 24). Petèt moun nan te mal konprann sa w te di a oswa l te mal konprann rezon ki fè w te aji jan w te aji a. Se sa k fè li bon pou w al pale ak moun nan. Lè frè ak sè yo gen bonjan kominikasyon youn ak lòt, li pi fasil pou youn konprann lòt e pou yo rezoud pwoblèm yo gen youn ak lòt akoz yo enpafè.
KONSÈY KI BAZE SOU BIB LA
7 Pafwa, siveyan yo ka twouve li nesesè pou yo bay konsèy pou yo ede yon frè oswa yon sè ajiste fason l panse. Sa pa toujou fasil. Men sa apot Pòl te ekri kretyen Galat yo: “Frè m yo, menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè.” — Gal. 6:1.
8 Lè siveyan yo pran swen twoupo a, yo kapab pwoteje moun nan kongregasyon an kont yon seri danje ki ka fè yo pèdi bon relasyon yo ak Bondye e yo kapab anpeche kongregasyon an vin gen gwo pwoblèm ladan l. Chak ansyen dwe fè sa yo kapab pou pwomès Jewova te fè pa mwayen pwofèt Ezayi a vin yon reyalite nan ka pa l. Konsènan ansyen yo, men sa Jewova te di: “Yo chak ap vin tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli, tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk, tankou lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk.” — Eza. 32:2.
PRAN PREKOSYON AK MOUN K AP MACHE YON FASON DEZÒDONE
9 Apot Pòl te pale konsènan kèk moun ki te kapab gen move enfliyans sou kongregasyon an. Men sa l te ekri: “Men enstriksyon nou ban nou [...]: Se pou nou pran distans nou ak tout frè k ap mache yon fason dezòdone e ki pap mache selon enstriksyon nou te resevwa nan men nou.” Li te klarifye sa l te ekri a konsa: “Si yon moun pa obeyi pawòl nou di nan lèt sa a, pran prekosyon ak moun sa a, e sispann frekante l, pou l ka vin wont. Epoutan, pa konsidere l tankou yon ènmi, men kontinye avèti l tankou yon frè.” — 2 Tes. 3:6, 14, 15.
10 Pafwa, yon moun gendwa pa pratike yon peche ki grav ki ta ka fè yo mete l deyò nan kongregasyon an, men, li gendwa montre li pa gen okenn respè pou prensip Bondye yo kretyen yo dwe suiv nan lavi yo. Li gendwa se yon moun ki parese anpil, ki renmen kritike lòt moun oswa ki montre li malpwòp anpil. Petèt li gen abitid “mele nan sa k pa gade [l]”. (2 Tes. 3:11.) Petèt tou li konn ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon oubyen li konn patisipe nan divètisman ki pa kòrèk. Antouka, sa l ap fè a se yon bagay ki grav ki ka sal repitasyon kongregasyon an e ki ka gen move enfliyans sou frè ak sè yo.
11 Premye bagay ansyen yo dwe fè pou yo ede yon moun k ap mache yon fason dezòdone se bay moun nan konsèy ki soti nan Bib la. Men, si moun nan kontinye montre li pa gen okenn respè pou prensip ki nan Bib la malgre yo pale avè l plizyè fwa, ansyen yo gendwa deside bay yon diskou pou avèti kongregasyon an. Ansyen yo bezwen reflechi pou yo wè si sitiyasyon an grav toutbonvre e si l kontrarye moun nan kongregasyon an nan pwen pou yo oblije bay yon diskou pou avèti kongregasyon an. Frè k ap bay diskou a ap bay bonjan konsèy konsènan move konduit moun nan genyen an, men li pap site non moun nan. Konsa, moun ki konnen de ki sitiyasyon y ap pale nan diskou a ap veye pou yo pran distans yo ak moun nan, menm lè yo kapab kontinye patisipe avè l nan aktivite kongregasyon an genyen, toutpandan y ap “kontinye avèti l tankou yon frè”.
12 Lè frè ak sè fidèl ki nan kongregasyon an pran pozisyon fèm kont moun k ap mache yon fason dezòdone a, sa kapab fè moun nan vin wont e sa kapab fè l sispann fè sa l t ap fè a. Lè tout moun wè aklè moun nan sispann fè sa l t ap fè a, li pap nesesè ankò pou yo pran prekosyon avè l.
LÈ YON MOUN FÈ W YON BAGAY KI GRAV
13 Se vre nou dwe dispoze pase sou sa moun fè nou e nou dwe dispoze padone, men sa pa vle di sa yon moun fè nou pa di nou anyen oswa nou dakò ak sa moun nan fè a. Se pa tout sa yon moun fè ki pa bon nou dwe annik di se enpèfeksyon ki fè moun nan fè l, ni li pa bon tou pou n annik pase sou bagay grav moun nan kongregasyon an fè nou (Lev. 19:17; Sòm 141:5). Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la rekonèt gen peche ki pi grav pase yon lòt, e se sa kretyen yo panse tou. — 1 Jan 5:16, 17.
14 Jezi te bay yon metòd ki gen plizyè etap kretyen yo dwe suiv lè yo gen gwo pwoblèm youn ak lòt. Men etap li te bay yo: “Si yon frè w peche kont ou, [1] al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou fè frè w la tounen nan bon chemen. Men, si l pa koute w, [2] pran youn oswa de lòt moun avè w, dekwa pou tout bagay ka regle sou baz temwayaj de oswa twa temwen. Si l pa koute yo, [3] pale ak kongregasyon an. Si l pa koute ata kongregasyon an, konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè.” — Mat. 18:15-17.
15 Lè nou konsidere egzanp Jezi te bay annapre nou jwenn nan Matye 18:23-35 lan, sanble youn nan peche nou kapab suiv etap nou jwenn nan Matye 18:15-17 la gen rapò ak kesyon lajan oswa tè ak lòt bagay moun posede. Pa egzanp, yon frè oswa yon sè gendwa pa remèt kòb li te prete oswa li pran kòb yon frè oswa yon sè nan move kondisyon. Oubyen, yon moun nan kongregasyon an gendwa bay kout lang sou yon lòt moun, sa ki ka sal repitasyon moun nan.
16 Si w gen prèv ki montre gen yon moun nan kongregasyon an ki fè w youn nan bagay sa yo, pinga w kouri al kot ansyen yo pou w mande yo pale avè l. Jan Jezi te di sa, premye bagay pou w fè lè w gen rezon pou w ta pote plent kont yon moun se pale ak moun nan. Fè sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan ant ou menm ak moun nan. W ap remake Jezi pa t di ‘al kote l yon sèl fwa epi fè l wè fot li fè a’. Kidonk, si moun nan pa rekonèt li te fè w yon bagay ki mal e li pa mande w pou w padone l, l ap bon pou w tounen bò kote l ankò. Si nou ka rezoud pwoblèm nan konsa, moun ki te peche kont ou a ap kontan dèske w pa t di lòt moun sa l te fè w e w pa t sal bon repitasyon li genyen nan kongregasyon an. Konsa, w ap ede frè w la oswa sè w la “tounen nan bon chemen” an.
17 Si moun ki te fè w bagay ki grav la admèt sa l te fè a, li mande w pou w padone l e li fè sa ki nesesè pou l repare sa l te fè a, pa gen rezon pou w al pi lwen. Menmsi moun nan te fè w yon bagay ki grav, ou menm ak moun nan ka rezoud pwoblèm nan poukont nou.
18 Si w pa ka ede frè w la oswa sè w la tounen nan bon chemen an lè w “al kote l poukont ou”, jan Jezi te di sa a, ou kapab “pran youn oswa de lòt moun avè w” pou w al pale avè l ankò. Moun ou pran avè w yo dwe moun ki vle wè moun nan tounen nan bon chemen an. Li pi bon pou moun sa yo se moun ki te wè sa moun nan te fè w la. Men, si pa gen moun ki te wè sa moun nan te fè w la, ou kapab mande youn oswa de moun pou yo la lè w ap pale ak moun nan. Petèt yo se moun ki gen eksperyans e y ap kapab wè si se toutbonvre moun nan te fè w yon bagay ki mal. Lè ansyen yo sèvi kòm temwen, yo pa reprezante kongregasyon an, piske se pa gwoup ansyen an ki mande yo fè sa.
19 Si pwoblèm nan pa rezoud apre w fin fè plizyè demach pou sa (ou pale ak moun nan poukont ou, ou pran youn oswa de lòt moun avè w) e w santi w pa ka pase sou sa moun nan fè a, ou dwe prezante pwoblèm nan devan siveyan yo nan kongregasyon an. Men, ou bezwen sonje objektif yo se travay pou gen lapè nan kongregasyon an e pou kongregasyon an rete pwòp. Depi w fin prezante pwoblèm nan devan ansyen yo, kite sa nan men yo epi fè Jewova konfyans. Pa janm kite konduit yon moun fè w bite oswa fè w pèdi jwa w nan sèvis w ap bay Jewova a. — Sòm 119:165.
20 Bèje yo k ap pran swen twoupo a ap mennen ankèt konsènan pwoblèm nan. Si li vin klè moun nan te fè w yon bagay ki grav, li pa repanti e li pa dispoze fè sa k nesesè pou l repare sa l te fè a, yon komite ki gen plizyè siveyan ladan l ka pran desizyon pou moun nan pa fè pati kongregasyon an ankò. Konsa, y ap pwoteje twoupo a e kongregasyon an ap rete pwòp. — Mat. 18:17.
LÈ GEN PECHE GRAV KI FÈT
21 Gen yon seri peche grav tankou imoralite seksyèl, adiltè, fi k ap kouche ak fi, gason k ap kouche ak gason, vye pawòl, apostazi, idolatri ak lòt peche grav ankò de moun pa ka rezoud poukont yo. Pou kalite peche sa yo, yon moun pa ka annik di moun ki fè peche a li padone l epi sa fini (1 Kor. 6:9, 10; Gal. 5:19-21). Lefètke peche grav sa yo kapab fè adorasyon kongregasyon an ap bay Jewova a vin kontamine e yo kapab fè vin gen konduit ki pa pwòp anndan kongregasyon an, lè yon moun fè yon peche ki grav, yo dwe fè ansyen yo konn sa yon fason pou yo kapab fè sa k nesesè (1 Kor. 5:6; Jak 5:14, 15). Yon frè oswa yon sè kapab al pale ak ansyen yo pou l fè konnen ki peche l te fè oswa ki peche yon lòt moun nan kongregasyon an te fè (Lev. 5:1; Jak 5:16). Kèlkeswa jan gwoup ansyen an vin konnen gen yon frè oswa yon sè batize ki te fè yon peche ki grav, gen de nan ansyen yo k ap mennen yon ankèt. Si sa ansyen yo te aprann nan se vre e gen prèv ki montre gen yon preche grav ki te fèt, gwoup ansyen an ap fòme yon komite disiplin k ap gen twa ansyen ladan l, e se komite sa a k ap regle pwoblèm nan.
22 Ansyen yo ap veye sou twoupo a, y ap chèche pwoteje l kont move enfliyans ki kapab fè moun nan twoupo a pèdi bon relasyon yo ak Bondye. Yo fè anpil efò tou pou yo byen sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo disipline nenpòt moun ki ta fè yon peche ki grav e pou yo ede moun sa a retounen gen bon relasyon ak Bondye (Jid 21-23). Sa tonbe daplon ak yon enstriksyon apot Pòl te bay Timote. Men sa Pòl te ekri l: “Men lòd fòmèl mwen ba w devan Bondye e devan Kris Jezi, li menm k ap jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo [...], korije moun, reprimande yo, ankouraje yo, fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye.” (2 Tim. 4:1, 2). Travay sa a mande anpil tan, men, sa antre nan travay di ansyen yo ap fè. Kongregasyon an apresye travay y ap fè a e yo rekonèt yo “merite yon onè doub”. — 1 Tim. 5:17.
23 Depi li vin klè se toutbonvre yon moun te fè yon peche ki grav, premye bagay siveyan yo chèche fè, se ede moun sa a retounen vin gen bon relasyon ak Bondye. Si moun nan repanti toutbonvre e li kite ansyen yo ede l, lè yo reprimande l an prive oswa devan moun ki ta sèvi kòm temwen kont li devan komite disiplin nan, sa ap sèvi kòm yon disiplin pou li e sa ap fè moun ki aprann yo reprimande frè a oswa sè a vin gen bonjan lakrentif pou Bondye (2 Sam. 12:13; 1 Tim. 5:20). Nan kèlkeswa ka kote yo reprimande yon moun, y ap toujou ba l kèk restriksyon. Konsa, y ap ede moun ki te fè peche a ‘fè chemen l dwat’. (Ebre 12:13.) Rive yon lè, yo retire restriksyon yo sou moun nan lè yo wè aklè moun nan retounen vin gen bon relasyon ak Bondye.
ANONS KONSÈNAN REPRIMANN
24 Si yon komite disiplin remake moun ki te parèt devan komite a repanti, men, yo panse moun nan kongregasyon an oswa moun nan tèritwa a ap fini pa konnen sa moun nan te fè a, oswa yo panse kongregasyon an bezwen pran prekosyon ak moun ki repanti a, y ap fè yon anons tou kout nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] te sibi yon reprimann.”
LÈ YO PRAN DESIZYON POU YO ESKOMINYE YON MOUN
25 Nan kèk ka, moun ki peche a kapab vin anrasinen nan peche l ap fè a e li pa byen reyaji devan efò ki fèt pou yo ede l. Lè l devan komite disiplin nan, frè yo gendwa remake li pa t fè ase “aksyon ki mache ak repantans”. (Tra. 26:20.) Ki sa y ap fè lè sa a? Nan yon ka konsa, li nesesè pou yo mete moun ki pa repanti a deyò nan kongregasyon an. Konsa, li pap ka nan zanmitay ak moun nan pèp Jewova a ankò, yon pèp ki pwòp. Lè yo mete moun nan deyò nan kongregasyon an, li pa ka gen move enfliyans sou frè ak sè yo ankò. Konsa, moun nan kongregasyon an ap kontinye gen yon konduit ki pwòp, y ap kontinye bay Jewova yon adorasyon ki pwòp e yo pap pèdi bon repitasyon yo genyen (Det. 21:20, 21; 22:23, 24). Lè apot Pòl te aprann gen yon moun nan kongregasyon Korent lan ki te gen move konduit, li te konseye ansyen yo pou yo “lage yon moun konsa bay Satan [...], yon fason pou [mantalite kongregasyon an] ka prezève”. (1 Kor. 5:5, nòt, 11-13.) Pòl te pale tou de lòt moun yo te eskominye nan premye syèk la poutèt yo te rebele kont laverite. — 1 Tim. 1:20.
26 Lè yon komite disiplin deside moun ki te peche men ki pa repanti a dwe eskominye, yo dwe fè moun nan konnen y ap eskominye l e pou ki rezon biblik y ap fè sa. Lè komite a ap di l sa, y ap fè l konnen tou, si l panse yo te pran yon move desizyon e li ta renmen fè apèl, se pou l ekri yon lèt e se pou l bay rezon ki fè li fè apèl la. Moun nan ap gen sèt jou pou l fè apèl, soti nan jou komite a te fè l konnen y ap eskominye l la. Si gwoup ansyen an resevwa yon lèt kote moun nan fè apèl, y ap kontakte siveyan sikonskripsyon an k ap chwazi lòt ansyen k ap fè pati yon komite apèl k ap tande ka a ankò. Komite apèl la ap fè tout sa l kapab pou l tande ka a ankò nan espas yon semèn, apre dat yo te resevwa lèt moun nan te ekri a. Si moun nan fè apèl, yo pap fè yon anons pou fè konnen moun nan eskominye. Nan ka sa a, moun ki te peche a pap ka fè kòmantè ni li pap ka priye nan reyinyon yo. Kèlkeswa privilèj li genyen, l ap pèdi yo.
27 Posiblite pou yon moun fè apèl la se yon koutwazi yo fè moun ki te peche a ki ba l yon lòt posiblite pou yo tande l. Kidonk, si moun ki te fè apèl la fè espre li pa vini devan komite apèl la, apre komite a fin fè tout sa l kapab pou l kontakte moun nan, men sa pa mache, y ap fè yon anons pou fè konnen moun nan eskominye.
28 Si moun ki te peche a pa vle fè apèl, komite disiplin nan ap fè l konnen li bezwen repanti e y ap fè l konnen ki sa pou l fè pou l gen posiblite pou yo reyentegre l nan kongregasyon an alavni. Sa ap ede moun nan e sa ap montre l komite a pa gen anyen kont li. Komite a dwe fè sa nan espwa moun nan ap chanje e l ap vin kalifye pi devan pou l retounen fè pati òganizasyon Jewova a. — 2 Kor. 2:6, 7.
ANONS KONSÈNAN ESKOMINIKASYON
29 Lè li nesesè pou yo eskominye yon moun nan òganizasyon an poutèt li te peche e li pa repanti, yo fè yon anons tou kout. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] pa Temwen Jewova ankò.” Anons lan ap fè frè ak sè yo konprann yo pa dwe nan zanmitay ak moun sa a ankò. — 1 Kor. 5:11.
RETRÈ VOLONTÈ
30 Ekspresyon “retrè volontè” a gen rapò ak yon Temwen ki batize e ki rejte privilèj li genyen pou l kretyen, lè l fè konnen li pa vle pou yo konsidere l kòm Temwen Jewova ankò. Li ka montre li pa kretyen ankò lè l fè yon aksyon ki montre sa aklè. Pa egzanp, li ka vin fè pati yon òganizasyon nan monn nan ki gen objektif ki kontrè ak ansèyman ki nan Bib la, sa ki fè òganizasyon sa a merite pou Jewova Dye kondane l. — Eza. 2:4; Rev. 19:17-21.
31 Men sa apot Jan te ekri konsènan kèk kretyen nan epòk li a ki te renye lafwa yo: “Yo soti nan mitan nou, men yo pa t menm jan avèk nou. Paske si yo te menm jan avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou.” — 1 Jan 2:19.
32 Lè yon moun fè retrè volontè, sitiyasyon l pa menm ak yon kretyen ki inaktif, sa vle di ki pa patisipe nan travay predikasyon an ankò. Yon moun kapab vin inaktif paske li sispann etidye Pawòl Bondye a regilyèman. Konsa tou, gendwa se pwoblèm oswa pèsekisyon ki fè l vin pa chofe ankò nan sèvis li t ap bay Jewova a. Ansyen yo ak lòt moun ki nan kongregasyon an dwe kontinye ede kretyen ki inaktif yo pou yo ka pran plezi ankò nan adore Bondye. — Wom. 15:1; 1 Tes. 5:14; Ebre 12:12.
33 Yon lòt bò, lè yon kretyen deside fè retrè volontè, y ap fè yon anons tou kout pou yo fè kongregasyon an konn sa. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] pa Temwen Jewova ankò.” Yo trete moun sa a menm jan yo trete moun ki eskominye yo.
LÈ YON MOUN MANDE POU L REYENTEGRE
34 Yo kapab reyentegre yon moun ki te eskominye oubyen ki te fè retrè volontè, lè moun nan montre aklè li repanti e li montre pandan yon tan ki rezonab li sispann fè move bagay li t ap fè a. Moun nan dwe montre li vle retounen gen bon relasyon ak Jewova. Ansyen yo ap veye pou yo kite ase tan pase pou moun nan pwouve li repanti toutbonvre. Selon jan bagay yo ye, sa ka mande pou yo kite plizyè mwa pase, pou yo kite yon ane oswa plis tan pase toujou. Lè gwoup ansyen an resevwa yon lèt kote yon moun mande pou l reyentegre, yon komite pou reyentegre moun ap pale avè l. Komite a ap gade pou l wè si moun nan “fè aksyon ki montre [li] repanti” e l ap deside si pou l reyentegre moun nan. — Tra. 26:20.
35 Si moun ki ekri pou l mande pou yo reyentegre l la pa nan kongregasyon kote yo te eskominye l la, yon komite ki fòme ak ansyen ki nan kongregasyon li ye a ap rankontre avè l pou yo pale sou demann li fè a. Si komite sa a kwè moun nan ka reyentegre, y ap voye rekòmandasyon yo a bay gwoup ansyen nan kongregasyon ki te trete ka a anvan an. Toule de komite yo ap travay ansanm pou yo rasanble tout enfòmasyon yo bezwen yon fason pou desizyon k ap pran an se yon bon desizyon. Men, komite k ap pran desizyon pou reyentegre moun nan se komite reyentegrasyon ki nan kongregasyon ki te trete ka a anvan an.
ANONS KONSÈNAN REYENTEGRASYON
36 Lè yon komite pou reyentegre moun gen konviksyon moun ki te eskominye a oswa ki te fè retrè volontè a repanti toutbonvre e moun sa a dwe reyentegre, gen yon anons k ap fèt nan kongregasyon ki te trete ka a anvan an pou fè konnen moun nan reyentegre. Si moun nan nan yon lòt kongregasyon, y ap fè anons lan nan kongregasyon sa a tou. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] reyentegre nan mitan Temwen Jewova yo.”
LÈ YON MINÈ KI BATIZE FÈ YON PRECHE GRAV
37 Lè yon minè ki batize fè yon peche ki grav, yo dwe fè ansyen yo konn sa. Lè ansyen yo ap trete ka kote yon minè ki batize te fè yon peche grav, si minè a gen paran l ki batize, yo dwe la. Paran yo dwe dispoze kolabore ak komite disiplin nan, yo pa dwe ap chèche kache sa minè a fè a, yon fason pou minè a pa jwenn disiplin li merite a. Komite disiplin nan ap chèche disipline minè a e l ap chèche ede l retounen vin gen bon relasyon ak Bondye, menm jan l t ap fè sa si li t ap trete ka yon moun ki adilt. Men, depi minè a pa repanti, yo dwe eskominye l.
LÈ YON PWOKLAMATÈ KI POKO BATIZE FÈ YON PECHE GRAV
38 Ki sa ki dwe fèt lè pwoklamatè ki poko batize yo fè yon peche ki grav? Kòm yo se Temwen ki poko batize, li pa posib pou yo eskominye yo. Men, petèt yo pa fin byen konprann prensip ki nan Bib la e yo bezwen bonjan konsèy pou ede yo “fè chemen yo dwat” pou pye yo. — Ebre 12:13.
39 Si yon pwoklamatè ki poko batize fè yon peche ki grav e li pa montre li repanti toutbon lè de ansyen pale avè l e yo eseye ede l, ansyen yo dwe fè yon anons tou kout devan kongregasyon an. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] pa yon pwoklamatè ki poko batize ankò.” Kongregasyon an ap konsidere pwoklamatè ki potko batize a tankou yon moun ki nan monn nan. Menm lè yo pa eskominye l, kretyen yo dwe pran prekosyon avè l (1 Kor. 15:33). Li pap gen dwa remèt yon rapò sèvis.
40 Rive yon lè, yon pwoklamatè ki poko batize ki te pèdi privilèj sa a gendwa ta renmen vin yon pwoklamatè ki poko batize ankò. Nan ka sa a, de ansyen ap rankontre avè l pou yo chèche wè si l fè pwogrè vre. Si li kalifye pou sa, y ap fè yon anons tou kout. Men sa y ap di nan anons lan: “[Non moun nan] retounen vin yon pwoklamatè ki poko batize.”
JEWOVA BENI MOUN K AP ADORE L NAN LAPÈ E YON FASON KI PWÒP
41 Tout moun ki fè pati kongregasyon Bondye a jodi a dwe kontan poutèt eritaj Jewova bay pèp li a ki pèmèt yo gen bon relasyon avè l. Vrèmanvre, nou jwenn bonjan manje espirityèl, e dlo laverite nou jwenn an kantite a fòtifye lafwa nou. Mete sou sa, Jewova pwoteje nou grasa dispozisyon li pran nan òganizasyon l lan Kris ap dirije (Sòm 23; Eza. 32:1, 2). Nan dènye jou sa yo, monn nan chaje ak pwoblèm, men, lefètke nou nan paradi espirityèl la, nou santi nou an sekirite.
Lè nou fè sa nou kapab pou kongregasyon an kontinye gen lapè ladan l e pou l rete pwòp, nou kontinye fè limyè verite konsènan Wayòm nan klere devan lèzòm.
42 Lè nou fè sa nou kapab pou kongregasyon an kontinye gen lapè ladan l e pou l rete pwòp, nou kontinye fè limyè verite konsènan Wayòm nan klere devan lèzòm (Mat. 5:16; Jak 3:18). Avèk benediksyon Bondye, n ap gen lajwa pou n wè plis moun toujou vin aprann konnen Jewova epi met ansanm ak nou pou yo fè volonte l.