BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od chap. 17 p. 169-178
  • Rete atache ak òganizasyon Jewova a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rete atache ak òganizasyon Jewova a
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ EPRÈV YO AP OGMANTE
  • NOU BEZWEN GEN ANDIRANS
  • NOU BEZWEN ANDIRE ANBA TOUT KALITE EPRÈV
  • NOU DETÈMINE POU NOU RETE FIDÈL
  • “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “ Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire ” a
    “Vin suiv mwen”
  • Andirans bay rekonpans
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Ann chèche gen andirans menm jan ak Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od chap. 17 p. 169-178

CHAPIT 17

Rete atache ak òganizasyon Jewova a

JAK, yon disip Jezi, te ekri: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Vrèmanvre, menm lè se pechè nou ye, Jewova pa nan yon pozisyon ki tèlman wo, ni li pa twò lwen pou l pa ka tande lè n ap pale avè l (Tra. 17:27). Ki jan nou ka pwoche bò kote Bondye? Nou kapab fè sa lè nou travay pou nou vin gen yon bon relasyon ak Jewova, e sa mande pou nou gen abitid priye l ak tout kè nou (Sòm 39:12). Nou ka vin gen bon relasyon ak Bondye tou lè nou etidye Pawòl li a regilyèman, anpalan de Labib. Konsa, n ap aprann konnen Jewova Dye, objektif li genyen ak sa li vle pou nou (2 Tim. 3:16, 17). Se konsa n ap aprann renmen Bondye e n ap vin gen lakrentif pou li, sa vle di nou pap vle fè anyen ki pap fè l kontan. — Sòm 25:14.

2 Sepandan, se sèlman pa mwayen Jezi, Pitit Jewova a, nou kapab pwoche bò kote Jewova (Jan 17:3; Wom. 5:10). Pa gen okenn moun ki kapab ede nou pi byen konprann fason Jewova panse pase Jezi. Men sa Jezi te di tèlman li te pwòch ak Papa l: “Pèsonn pa konn kiyès Pitit la ye, eksepte Papa a, e pèsonn pa konn kiyès Papa a ye, eksepte Pitit la ak moun Pitit la vle fè konnen l.” ​(Lik 10:22). Kidonk, lè n ap etidye Evanjil yo pou nou aprann konnen fason Jezi te panse ak fason l te wè bagay yo, an reyalite se aprann n ap aprann konnen fason Jewova panse ak fason l wè bagay yo. Yon konesans konsa ap ede nou pwoche pi pre Bondye nou an.

3 Anba direksyon Pitit Bondye a, nou travay pou nou vin gen bon relasyon ak Jewova tou lè nou rete atache ak mwayen li itilize pou ede nou konnen fason pou nou fè volonte l la. Jan Bib la te anonse sa nan Matye 24:45-47, Jezi Kris, Mèt la, chwazi yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou l bay kongregasyon moun ki gen lafwa yo “manje nan bon moman”. Nan epòk pa nou an, esklav fidèl la ban nou manje espirityèl an kantite. Pa mwayen esklav sa a, Jewova ban nou konsèy pou nou li Pawòl li a chak jou, pou nou asiste reyinyon yo regilyèman e pou nou bay tout nou menm nan “preche bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. (Mat. 24:14; 28:19, 20; Joz. 1:8; Sòm 1:1-3.) Nou pa dwe kite opinyon nou antanke moun fè nou mal konsidere esklav la. Nou dwe fè tout sa n kapab pou nou rete atache ak pati nan òganizasyon Jewova a ki vizib la e pou n suiv direksyon li ban nou. Sa ap ede nou pwoche pi pre Jewova, Bondye nou an, sa ap ban nou fòs e sa ap pwoteje nou, menm lè nou jwenn eprèv.

REZON KI FÈ EPRÈV YO AP OGMANTE

4 Petèt ou gen anpil ane depi w nan laverite. Si se sa, se sèten ou konnen sa sa vle di andire anba eprèv ki teste fidelite w. Men, menmsi ou pa gen lontan depi w ap aprann konnen Jewova oswa depi w kòmanse pran kontak ak frè ak sè yo, ou konnen Satan Ledyab opoze ak nenpòt moun ki soumèt yo anba otorite Jewova (2 Tim. 3:12). Kit ou te andire anba anpil eprèv, kit ou pa t andire anba anpil eprèv, pa gen okenn rezon pou w pè oubyen pou w dekouraje. Jewova pwomèt l ap soutni w e l ap rekonpanse w lè l delivre w. Mete sou sa, li pwomèt l ap ba w lavi ki pap janm fini an. — Ebre 13:5, 6; Rev. 2:10.

5 Nan ti rès tan ki rete nan sistèm Satan an, nou tout kapab jwenn eprèv. Depi lè Wayòm Bondye a te etabli an 1914, Jewova pa pèmèt Satan gen aksè nan syèl la. Yo te pimpe Satan sou tè a, e se la li menm ak demon l yo ye kounye a. Lefètke gen plis pwoblèm sou tè a jodi a e sèvitè Jewova yo, ki vwe lavi yo ba li, jwenn plis pèsekisyon, sa montre Satan an kòlè vre e lè a prèske rive pou l sispann domine sou limanite. — Rev. 12:1-12.

6 Satan konnen li gen yon ti tan tou kout ki rete e li fache anpil poutèt yo pimpe l sou tè a. Li menm ansanm ak demon l yo fè tout sa yo kapab pou yo kanpe travay predikasyon an e pou yo kraze inite sèvitè Jewova yo genyen an. Nou sou chan batay yon gè espirityèl, e Bib la pale de gè sa a kòm “yon konba, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo ki nan syèl la”. Si nou vle genyen batay sa a bò kote Jewova, nou pa dwe sispann goumen, men nou dwe toujou abiye ak ekipman konba a. Nou bezwen “kenbe fèm kont manèv” Dyab la (Efe. 6:10-17). Sa mande pou nou gen andirans.

NOU BEZWEN GEN ANDIRANS

7 Andirans vle di “kapasite pou fè fas ak difikilte oswa pwoblèm”. Nan yon sans senbolik, andirans se yon kalite ki pèmèt yon moun kontinye fè sa ki dwat menm lè li jwenn difikilte, opozisyon, pèsekisyon oswa l ap fè fas ak nenpòt lòt bagay ki ta ka fè l pèdi fidelite l devan Bondye. Se sa k fè nou bezwen devlope andirans lakay nou. Men, sa pran tan. Ofiramezi n ap pwogrese nan relasyon nou ak Bondye, n ap vin gen plis kapasite pou n andire anba eprèv yo. Lè nou andire anba ti eprèv nou jwenn ki teste lafwa nou lè nou fèk vin kretyen, sa ap ede nou vin gen plis andirans. Konsa, n ap kapab andire anba pi gwo eprèv k ap vini, paske y ap vini wè pa wè (Lik 16:10). Nou pa dwe ret tann se lè gwo eprèv yo vini pou n pran detèminasyon pou n rete fèm nan lafwa. Nou bezwen pran desizyon sa a anvan eprèv yo vini. Men sa apot Pyè te ekri ki montre nou bezwen devlope andirans ak lòt kalite ankò lakay nou: “Fè bonjan efò pou nou mete bèl kalite sou lafwa nou, sou bèl kalite nou genyen, mete konesans, sou konesans nou, mete metriz, sou metriz nou, mete andirans, sou andirans nou, mete atachman pou Bondye, sou atachman nou gen pou Bondye, mete afeksyon pou frè yo, epi sou afeksyon nou gen pou frè yo, mete lanmou.” — 2 Pyè 1:5-7; 1 Tim. 6:11.

N ap vin gen plis andirans ofiramezi n ap rankontre eprèv e n ap andire anba yo.

8 Nan lèt disip Jak te ekri a, li te montre enpòtans pou n kiltive andirans lakay nou. Men sa l te ekri: “Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv, paske nou konnen lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans. Men, se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen.” ​(Jak 1:2-4). Disip Jak fè konnen kretyen yo dwe kontan lè eprèv yo vini, paske yo pèmèt yo vin gen andirans. Èske se konsa w wè bagay yo? Apre sa, Jak montre andirans gen yon travay li fè nan pèsonalite nou. Li fè nou vin gen yon pèsonalite ki pi pwòch ak pèsonalite Kris, sa ki fè nou gen favè Bondye. Wi, n ap vin gen plis andirans ofiramezi n ap rankontre eprèv e n ap andire anba yo. Mete sou sa, tank n ap vin gen plis andirans, sa ap ede nou devlope lòt bèl kalite nou bezwen genyen.

9 Lè nou gen andirans, sa fè Jewova kontan. Kalite sa a ap fè l ban nou lavi ki pap janm fini an, yon kado l ap ban nou pou l rekonpanse nou. Men yon lòt bagay disip Jak te di: “Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a, kouwòn Jewova pwomèt l ap bay moun ki kontinye renmen l yo.” ​(Jak 1:12). Wi, nou bezwen gen andirans pou nou kapab jwenn lavi ki pap janm fini an. Si nou pa gen andirans, nou pap ka rete nan laverite. Si nou sispann andire anba presyon monn nan ap fè sou nou, se sèten n ap retounen nan monn nan. Si nou pa gen andirans, Jewova pap kontinye ban nou lespri l, konsa, nou pap ka demontre fwi lespri a nan lavi nou.

10 Si nou vle kontinye gen andirans nan tan difisil n ap viv jodi a, nou bezwen vin byen wè kesyon soufri paske nou se kretyen an. N ap sonje disip Jak te di “konsidere se yon jwa” sa ye lè n ap soufri. Se vre sa gendwa pa fasil, paske soufrans pa dous, kit se soufrans fizik, kit se soufrans mantal. Men, nou bezwen sonje li enpòtan pou n andire si n vle resevwa lavi ki pap janm fini an. Gen yon eksperyans apot yo te fè ki kapab ede nou wè rezon ki ka fè nou rejwi lè n ap soufri. Nou jwenn eksperyans sa a nan liv Travay la. Men sa Bib la di: “Yo fè apot yo vini, yo bat yo, apre sa, yo ba yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi, epi yo lage yo. Konsa, yo soti devan Sanedren an. Yo te kontan dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi.” ​(Tra. 5:40, 41). Apot yo te konnen rezon ki fè yo te soufri a se paske yo t ap obeyi kòmandman Jezi te ba yo a. Mete sou sa, yo te konnen Jewova te kontan lefètke yo te andire. Plizyè ane annapre, nan premye lèt Bondye te enspire apot Pyè pou l ekri a, li te pale sou enpòtans sa genyen pou yon kretyen aksepte soufri poutèt l ap fè sa ki jis. — 1 Pyè 4:12-16.

11 Apot Pòl ak Silas te fè yon eksperyans ki kapab ede nou tou. Nan travay yo t ap fè antanke misyonè nan vil Filip, yo te arete yo e yo te akize yo kòmkwa yo t ap boulvèse vil la e yo t ap anonse yon seri koutim moun yo pa t gendwa aksepte selon lalwa. Sa te lakòz yo bat yo byen bat e yo lage yo nan prizon. Bib la fè konnen, menm lè yo te nan prizon e pèsonn pa t panse blese yo te genyen yo, “nan mitan lannuit, Pòl ak Silas t ap priye, yo t ap chante pou yo louwe Bondye, e prizonye yo te tande yo”. (Tra. 16:16-25.) Pòl ak Silas te byen wè bagay yo. Nonsèlman yo te konsidere soufrans yo t ap andire poutèt Kris la kòm yon prèv ki montre yo fidèl devan Bondye e devan lèzòm, men, aktout yo t ap soufri, yo te pwofite okazyon an pou yo bay moun ki te enterese nan bon nouvèl la temwayaj. Lavi lòt moun te an danje. Nan menm nuit lan, gadyen prizon an ak tout moun lakay li te koute Pòl ak Silas e yo te vin disip Jezi (Tra. 16:26-34). Pòl ak Silas te fè Jewova konfyans, yo te konte sou pisans li e yo te konnen li dispoze ede yo andire sitiyasyon an. Yo pa t desi.

12 Jodi a tou, Jewova ban nou tout sa nou bezwen yon fason pou l soutni nou lè nou jwenn eprèv paske li vle pou nou andire anba eprèv yo. Li ban nou Pawòl li a ki ede nou byen konnen objektif li, sa ki pèmèt lafwa nou vin pi solid. Nou gen posiblite pou n pase tan ak kretyen parèy nou yo e pou n bay Jewova yon sèvis sakre. Anplis de sa, nou gen privilèj pou n gen bon relasyon ak Jewova grasa lapriyè. Li koute nou lè n ap fè louwanj pou li ak lè nou mande l ak tout kè nou pou l ede nou rete pwòp devan l (Flp. 4:13). Lòt bagay ki ban nou fòs pou nou andire, se esperans nou genyen pou lavni an. — Mat. 24:13; Ebre 6:18; Rev. 21:1-4.

NOU BEZWEN ANDIRE ANBA TOUT KALITE EPRÈV

13 Eprèv nou jwenn jodi a pa diferan ak eprèv premye disip Jezi Kris yo te konn jwenn. Nan epòk pa nou an, Temwen Jewova yo jwenn opozan ki pale mal ak yo oswa ki fè vyolans fizik sou yo paske yo mal enfòme. Menm jan sa te ye nan epòk apot yo, pifò opozisyon nou jwenn jodi a, se fanatik ki nan lòt relijyon ki dèyè yo. Pawòl Bondye a montre aklè sa moun sa yo ap anseye e y ap pratike yo depaman ak Pawòl Bondye a (Tra. 17:5-9, 13). Pafwa, pèp Jewova a konn jwenn soulajman lè l reklame dwa gouvènman yo rekonèt relijyon yo genyen (Tra. 22:25; 25:11). Men, gen dirijan tou ki konn mete entèdiksyon sou travay n ap fè a, paske y ap chèche fè nou sispann travay sa a (Sòm 2:1-3). Lè nou nan sitiyasyon sa yo, nou mete kran sou nou e nou suiv egzanp apot yo ki te fidèl e ki te di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Tra. 5:29.

14 Ofiramezi moun sou tout tè a ap vin pi nasyonalis, pwoklamatè yo k ap preche bon nouvèl la jwenn plis presyon pou yo sispann travay sa a Bondye ba yo fè a. Sèvitè Bondye yo pi byen konprann avètisman nou jwenn nan Revelasyon 14:9-12 konsènan moun k ap adore “bèt sovaj la ak estati l la”. Nou konprann enpòtans pawòl Jan te ekri yo. Men sa l te ekri: “Se la a moun ki sen yo, moun ki suiv kòmandman Bondye yo e ki kenbe lafwa yo gen nan Jezi, bezwen andirans.”

15 Lè nou jwenn eprèv akoz gen lagè, akoz gen revolisyon, akoz pèsekisyon nou jwenn oswa akoz entèdiksyon gouvènman yo mete sou travay n ap fè a, li ka difisil pou nou adore Bondye lib e libè. Tout moun nan kongregasyon an gendwa pa ka reyini ansanm. Li gendwa enposib tou pou nou kontakte biwo filyal la. Siveyan sikonskripsyon an gendwa pa kapab al vizite kongregasyon yo, e nou gendwa pa ka jwenn piblikasyon yo ankò. Si nenpòt nan bagay sa yo ta rive, ki sa nou dwe fè?

16 Men repons lan: Fè tout sa w kapab nan sitiyasyon an. Li ta dwe posib pou w fè etid pèsonèl. An jeneral, nou kapab reyini an ti gwoup nan yon mezon prive pou nou etidye. Nou ka sèvi ak Bib la ak piblikasyon nou te etidye deja pou nou fè reyinyon. Ou pa bezwen panike. An jeneral, Kolèj santral la pa pran anpil tan pou l pran kontak ak frè ki responsab yo.

17 Si sa ta rive ou pèdi kontak ak frè ak sè yo, w ap bezwen sonje ou pa pèdi kontak ak Jewova e ak Pitit li a, Jezi Kris. W ap toujou kapab kenbe esperans ou an fèm. Jewova ap toujou kapab tande priyè w e l ap toujou kapab fòtifye w grasa lespri sen. L ap bon pou w chèche direksyon nan men l. Pa bliye sa, ou se yon sèvitè Jewova e w se yon disip Jezi Kris. Kidonk, l ap bon pou w pwofite tout okazyon w jwenn pou w bay temwayaj. Jewova ap beni efò w fè. Konsa, anvan lontan, lòt moun kapab vin jwenn ou nan vrè adorasyon an. — Tra. 4:13-31; 5:27-42; Flp. 1:27-30; 4:6, 7; 2 Tim. 4:16-18.

18 Sepandan, si w ta wè li posib pou w pèdi lavi w menm jan ak apot yo ak lòt moun ankò, lè sa a, w ap bezwen met konfyans ou nan “Bondye, li menm ki fè moun mouri leve” a (2 Kor. 1:8-10). Si w gen lafwa nan esperans rezirèksyon an, w ap kapab andire anba opozisyon ki pi rèd la (Lik 21:19). Kris Jezi kite yon egzanp pou nou. Li te konnen, lefètke li te rete fidèl anba eprèv li t ap andire yo, sa t ap bay disip li yo fòs pou yo andire tou. Ou menm tou, ou kapab fòtifye frè ak sè yo menm jan an. — Jan 16:33; Ebre 12:2, 3; 1 Pyè 2:21.

19 Apa pèsekisyon ak opozisyon, gen lòt sitiyasyon difisil ankò ki ka mande pou nou andire. Pa egzanp, gen frè ak sè ki konn vin dekouraje akoz moun yo nan tèritwa a pa enterese nan mesaj y ap preche a. Gen lòt moun ki oblije andire anba maladi oswa anba pwoblèm mantal, oswa ki oblije andire akoz limit yo genyen paske yo enpafè. Apot Pòl tou te oblije andire anba yon pwoblèm li te genyen ki te gen efè sou sèvis li oswa ki te fè l gen difikilte pafwa pou l fè sèvis li (2 Kor. 12:7). Epafwodit, yon lòt kretyen nan premye syèk la ki te moun vil Filip, te vin “tris anpil poutèt [zanmi l yo] te tande li te malad”. (Flp. 2:25-27.) Enpèfeksyon nou menm ak lòt moun gen lakay yo konn bay pwoblèm ki difisil pou n andire anba yo. Nou ka gen gwo pwoblèm ak kèk frè ak sè nan kongregasyon an oswa ak moun nan fanmi nou poutèt nou pa gen menm pèsonalite ak yo. Sepandan, lè nou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Jewova a, non sèlman nou ka rive andire anba pwoblèm sa yo, men tou, nou ka menm rezoud yo. — Eze. 2:3-5; 1 Kor. 9:27; 13:8; Kol. 3:12-14; 1 Pyè 4:8.

NOU DETÈMINE POU NOU RETE FIDÈL

20 Nou bezwen rete atache ak Chèf kongregasyon an, anpalan de Jezi Kris (Kol. 2:18, 19). Nou bezwen byen kolabore ak “esklav fidèl ki prevwayan an” ansanm ak siveyan yo nome yo (Ebre 13:7, 17). Lè nou respekte dispozisyon Bondye pran yo e nou kolabore ak moun k ap pran latèt nan kongregasyon an, n ap rete òganize pou nou fè volonte Jewova. Nou bezwen byen pwofite privilèj nou genyen pou n priye Bondye a. Sonje sa, menmsi nou ta dèyè mi prizon, oswa yo ta fèmen nou yon kote poukont nou, pa gen anyen ki kapab anpeche nou pale ak Papa nou ki nan syèl la, ni ki ka kraze inite nou genyen nan mitan nou an.

21 Avèk detèminasyon ak andirans, nou bezwen fè tout sa nou kapab pou n toujou patisipe nan travay predikasyon an, nou bezwen pèsevere nan travay sa a Jezi te bay disip li yo fè apre l te fin resisite a. Men sa li te di yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” ​(Mat. 28:19, 20). Se pou nou andire menm jan ak Jezi. Se pou nou kenbe esperans Wayòm nan ak esperans lavi etènèl la nan lespri nou (Ebre 12:2). Antanke disip Kris ki batize, nou gen privilèj pou n patisipe nan reyalizasyon pwofesi Jezi te bay konsènan “fen sistèm nan”. Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” ​(Mat. 24:3, 14). Si nou bay tout nou menm nan travay sa a k ap fèt nan epòk nou an, n ap gen privilèj pou nou antre nan monn nouvo ki jis Jewova sere pou nou an e pou nou jwenn lavi ki pap janm fini an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje