Apendis
Yon mesaj pou paran ki kretyen yo:
Antanke paran, ou vle ede pitit ou, ki gen anpil enpòtans pou ou, pou yo renmen Jewova e pou yo vwe tèt yo ba li. Ki sa w kapab fè pou ede yo prepare tèt yo pou batèm? Ki lè y ap pare pou yo franchi etap enpòtan sa a?
Men sa Jezi te di disip li yo: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo.” (Mat. 28:19). Dapre vèsè sa a, sa ki pi enpòtan pou yon moun kapab batize, se pou l vin yon disip Jezi. Sa vle di, nonsèlman moun nan bezwen konprann ansèyman Jezi yo e li bezwen kwè nan yo, men tou li bezwen aplike yo nan lavi l fidèlman. Menm jèn yo kapab fè sa.
Ou bezwen bay pitit ou bon egzanp, epi mete ansèyman Jewova yo nan lespri yo (Det. 6:6-9). Sa mande pou w sèvi ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ak liv “Fason pou n rete nan lanmou Bondye” a pou w anseye yo verite de baz ki gen nan Bib la, pou w ede yo rezone sou baz prensip ki nan Bib la e pou yo suiv yo nan lavi yo. Ede pitit ou pou yo kapab esplike sa yo kwè yo ak pwòp mo pa yo (1 Pyè 3:15). Konesans ak ankourajman yo jwenn nan men w, nan etid pèsonèl yo fè, nan adorasyon an fanmi, nan reyinyon yo ak nan men lòt moun ki se bon egzanp pou yo ap ede yo pwogrese ni anvan batèm yo ni apre batèm yo. Se pou w ede yo reflechi sou fason yo ka vin pi pwòch ak Jewova.
Men sa Pwovèb 20:11 di: “Menm yon timoun, aksyon l fè montre kiyès li ye, yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat.” Ki aksyon yon timoun fè, kit se yon tigason, kit se yon tifi, k ap montre timoun nan vin yon disip Jezi Kris e li pare pou l batize?
Yon timoun k ap pwogrese pou l batize dwe obeyi paran l (Tra. 5:29; Kol. 3:20). Men sa Bib la di konsènan Jezi lè l te gen 12 an: “Li kontinye soumèt devan [paran l].” (Lik 2:51). Nòmalman, ou pa kapab atann pou pitit ou pafè. Men, yon timoun ki vle batize ap fè efò pou l suiv egzanp Jezi e pou yo konnen l kòm yon timoun ki soumèt devan paran l.
Timoun sa a ap montre tou li enterese nan verite ki nan Bib la (Lik 2:46). Èske pitit ou a renmen al nan reyinyon e li renmen patisipe ladan yo (Sòm 122:1)? Èske l renmen li Bib la regilyèman e l renmen fè etid pèsonèl regilyèman? — Mat. 4:4.
Yon timoun k ap pwogrese pou l batize fè efò pou l bay Wayòm nan premye plas nan lavi l (Mat. 6:33). Li konsyan de responsablite li genyen pou l pataje lafwa l ak lòt moun. Li patisipe nan divès aspè ki gen nan travay predikasyon an e li pa wont fè pwofesè l ak kamarad lekòl li konnen se Temwen Jewova li ye. Lè l gen patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an, li bay sa anpil enpòtans.
Timoun sa a ap fè efò tou pou l toujou fè sa ki byen lè l evite move frekantasyon (Pwo. 13:20; 1 Kor. 15:33). L ap montre sa nan chwa li fè anrapò ak mizik l ap koute, fim ak pwogram l ap gade nan televizyon, nan jwèt videyo l ap jwe ak nan fason li sèvi ak Entènèt.
Gen anpil jèn ki byen reyaji lè yo wè tout efò paran yo fè pou ede yo, ki fè laverite vin pa yo e ki rive kalifye pou yo batize pandan yo jèn. Nou espere Jewova ap beni efò w ap fè pou ede pitit ou franchi etap enpòtan sa a nan relasyon l ak Jewova.
Yon mesaj pou pwoklamatè ki poko batize:
Se yon privilèj sa ye pou yon moun sèvi nan kongregasyon an antanke yon pwoklamatè ki poko batize. Ou merite felisitasyon pou pwogrè w deja fè nan sèvis w ap bay Bondye. Ou vin gen konesans sou Bondye paske w etidye Pawòl li a e w vin gen lafwa nan pwomès li yo. — Jan 17:3; Ebre 11:6
Anvan w te kòmanse etidye ak Temwen Jewova yo, petèt ou te nan yon lòt relijyon. Konsa tou, ou gendwa pa t nan okenn lòt relijyon. Petèt ou te konn patisipe nan lòt aktivite ki depaman ak prensip ki nan Bib la. Men kounye a, ou demontre ou gen lafwa paske w repanti, sa vle di ou regrèt anpil poutèt move bagay ou te konn fè, e w konvèti, sa vle di ou sispann fè move bagay sa yo e w pran detèminasyon pou w fè sa ki dwat nan je Bondye. — Tra. 3:19.
Konsa tou, se petèt “depi w toupiti” ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo. Sa anpeche w gen move konduit e li anpeche w fè yon seri peche ki grav (2 Tim. 3:15). Konsa, ou aprann kòman pou w reziste kont presyon jèn parèy ou ap fè sou ou e w pa kite anyen enfliyanse w pou w fè sa ki mal nan je Jewova. Ou demontre ou gen lafwa lè w pran pozisyon pou vrè adorasyon an e lè w pataje kwayans ou ak lòt moun. Ou resevwa fòmasyon pou travay predikasyon an, e w deja pran desizyon pou w sèvi Jewova antanke yon pwoklamatè ki poko batize.
Kèlkeswa sitiyasyon an, kit se pandan w gran ou vin aprann chemen Jewova yo kit se depi w toupiti ou te aprann yo, ou gendwa ap anvizaje franchi de lòt etap nan relasyon w ak Bondye: ve ak batèm. Ou vwe lavi w bay Jewova lè w pwoche bò kote l nan lapriyè e w fè l konnen desizyon w pran pou se avè l sèlman ou rete atache pou toutan (Mat. 16:24). Annapre, lè w batize nan dlo, ou montre ou te fè ve sa a (Mat. 28:19, 20). Lè w vwe lavi w bay Bondye e w batize, sa pèmèt ou vin yon sèvitè Jewova Dye mandate. Èske se pa yon bèl privilèj?
Sepandan, jan w te aprann sa pandan w ap etidye Bib la, ou kapab rankontre divès eprèv. Pa bliye sa, yon tikras tan apre Jezi te fin batize, “lespri Bondye mennen Jezi nan dezè a, epi, Dyab la tante Jezi”. (Mat. 4:1.) Apre w fin batize antanke disip Kris, ou mèt atann ou w ap jwenn lòt eprèv (Jan 15:20). Y ap vini sou divès fòm. Ou gendwa rankontre opozisyon nan fanmi w (Mat. 10:36). Petèt kamarad lekòl ou, konpayon travay ou, oswa ansyen zanmi w te genyen ap pase w nan rizib. Men, toujou sonje pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mak 10:29, 30: “Anverite m ap di nou sa: Pa gen pèsonn ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa manman, oswa papa, oswa pitit, oswa jaden poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn depi kounye a 100 fwa plis kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, ansanm ak pèsekisyon, e ki pap jwenn lavi ki pap janm fini an nan sistèm k ap vini an.” Kidonk, se pou w kontinye fè tout sa w kapab pou w rete pwòch ak Jewova e se pou w kontinye aplike bon prensip li yo nan lavi w.
Lè w vle batize, fè kowòdonatè gwoup ansyen an konn sa. Kesyon ki vin apre yo ap sèvi kòm baz pou konvèsasyon ansyen yo pral fè avèk ou pou yo wè si w kalifye pou w batize. Ou mèt kòmanse gade kesyon sa yo pèsonèlman nan kad pwogram etid pèsonèl ou.
Pou w prepare w pou konvèsasyon sa yo, pran tan pou w li vèsè biblik yo site e yo bay kòm referans yo epi reflechi sou yo. Ou gendwa deside pran nòt nan liv sa a oswa pran nòt yon lòt fason. Si w vle, ou ka sèvi ak nòt sa yo e w ka kite liv ou ouvè pandan konvèsasyon w ap genyen avèk ansyen yo. Si w pa fin konprann youn nan kesyon yo, ou mèt santi w alèz pou w mande moun k ap etidye Labib avè w la oswa ansyen yo pou yo ede w.
Nan konvèsasyon w ap fè avèk ansyen yo, ou pa bezwen bay repons ki long oswa ki konplike. An jeneral, lè w ap reponn kesyon yo poze w la, li pi bon pou w bay yon repons ki dirèk e pou w itilize pwòp mo pa w. Pou anpil nan kesyon yo, li bon tou pou w fè referans ak youn oswa de vèsè biblik ki kore repons w ap bay la.
Si w poko gen ase konesans sou ansèyman biblik de baz yo, ansyen yo ap fè aranjman pou w resevwa èd yon fason pou w vin kapab itilize pwòp mo pa w pou w bay esplikasyon ki kòrèk konsènan verite ki nan Bib la e pou w rive kalifye pou w batize yon lòt lè.
[Nòt pou ansyen yo: N ap jwenn enstriksyon sou fason pou n fè konvèsasyon n ap gen pou n fè ak kandida batèm yo nan paj 208-212.]