CHAPIT KENZ
Yon sèl fason ki bon pou n adore Bondye
1. Kiyès ki dwe di nou sèl fason ki bon pou n adore Bondye?
PIFÒ relijyon fè konnen yo anseye laverite sou Bondye. Men, sa pa posib paske relijyon yo pa anseye menm bagay ditou konsènan kiyès Bondye ye ak fason nou dwe adore l. Ki jan nou ka konnen sèl fason ki bon pou n adore Bondye? Se Jewova sèl ki ka di nou fason nou dwe adore l.
2. Ki jan w ka aprann sèl fason ki bon pou w adore Bondye?
2 Jewova ban nou Labib pou nou ka aprann sèl fason ki bon pou nou adore l. Kidonk, etidye Labib, e Jewova ap ede w jwenn byenfè nan ansèyman l ap ba ou paske li gen anpil sousi pou ou. — Ezayi 48:17.
3. Ki sa Bondye vle nou fè?
3 Gen kèk moun ki di Bondye aksepte tout relijyon, men se pa sa Jezi te anseye nou. Men sa Jezi te di: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m.” Donk, li nesesè pou nou aprann konnen volonte Bondye epi pou nou fè l. Se yon bagay ki enpòtan anpil paske Jezi te konpare moun ki pa obeyi Bondye ak kriminèl, li te di yo se moun “k ap vyole lalwa”. — Matye 7:21-23.
4. Ki sa Jezi te di konsènan fè volonte Bondye?
4 Jezi te avèti nou n ap jwenn anpil difikilte lè nou vle fè volonte Bondye. Men sa l te di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” (Matye 7:13, 14). Wout ki jennen an, oswa sèl fason ki bon pou n adore Bondye a, mennen nan lavi ki pap janm fini an. Wout ki gran an, oswa move fason moun adore Bondye a, mennen nan lanmò. Men, Jewova pa ta renmen okenn moun mouri. Li bay chak moun posiblite pou yo aprann konnen l. — 2 Pyè 3:9.
YON SÈL FASON KI BON POU N ADORE BONDYE
5. Ki jan n ka rekonèt moun k ap adore Bondye sèl fason ki bon an?
5 Jezi te di nou kapab rekonèt moun k ap adore Bondye sèl fason ki bon an. N ap rive fè sa lè nou egzamine kwayans yo ak aksyon yo. Men sa l te di: “Se aksyon yo k ap fè nou rekonèt yo.” Apre sa, li te di: “Tout bon pyebwa bay bon fwi.” (Matye 7:16, 17). Sa pa vle di moun k ap adore Bondye yo pafè. Men, sèvitè Bondye yo toujou fè efò pou yo fè sa ki dwat. Kounye a, nou pral wè ki sa k ap ede nou rekonèt moun k ap adore Bondye sèl fason ki bon an.
6, 7. Poukisa vrè adorasyon an baze sou Labib? Ki sa egzanp Jezi anseye nou?
6 Adorasyon nou an dwe baze sou Labib. Men sa Labib di: “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis, dekwa pou moun pa Bondye a vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen pou l fè tout bon travay.” (2 Timote 3:16, 17). Men sa apot Pòl te ekri kretyen yo: “Lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye.” (1 Tesalonisyen 2:13). Vrè adorasyon an baze sèlman sou Labib, Pawòl Bondye a. Li pa baze sou ide lèzòm, sou tradisyon yo ak sou okenn lòt bagay.
7 Tout sa Jezi te anseye te baze sou Pawòl Bondye a. (Li Jan 17:17.) Byen souvan, li te konn site Ekriti yo (Matye 4:4, 7, 10). Vrè sèvitè Bondye yo suiv egzanp Jezi e yo baze tout ansèyman yo bay sou Labib.
8. Ki sa Jezi te anseye nou konsènan adorasyon n ap bay Jewova a?
8 Se Jewova sèlman nou dwe adore. Men sa Sòm 83:18 di: “Ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” Jezi te vle moun byen konnen kiyès vrè Dye a ye, e li te fè yo konnen non Bondye. (Li Jan 17:6.) Men sa Jezi te di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” (Matye 4:10). Kidonk, antanke sèvitè Bondye, nou suiv egzanp Jezi. Se Jewova sèlman nou adore, nou sèvi ak non l, e nou anseye lòt moun non Bondye ak sa Bondye pral fè pou nou.
9, 10. Ki jan nou demontre lanmou youn pou lòt?
9 Nou bezwen gen bonjan lanmou pou moun yo. Jezi te anseye disip li yo pou yo renmen youn lòt. (Li Jan 13:35.) Kèlkeswa kote nou soti, kèlkeswa kilti nou, oswa kit nou rich, kit nou pòv, se pa sa ki enpòtan. Lanmou nou gen youn pou lòt dwe ini nou antanke frè ak sè (Kolosyen 3:14). Se sa k fè nou pa patisipe nan lagè e nou pa touye moun. Labib di: “Men ki jan w ka rekonèt pitit Bondye yo ak pitit Dyab la: Yon moun ki pa pratike sa ki jis pa soti nan Bondye, ni moun ki pa renmen frè l.” Apre sa, li di: “Se pou nou youn renmen lòt. Se pa menm jan ak Kayen ki te soti nan Mechan an e ki te touye frè l la.” — 1 Jan 3:10-12; 4:20, 21.
10 Nou sèvi ak tan nou, ak fòs nou, ak bagay materyèl nou genyen pou n ede youn lòt e pou n ankouraje youn lòt (Ebre 10:24, 25). Nou “fè byen ak tout moun”. — Galat 6:10.
11. Poukisa nou aksepte Jezi kòm chemen ki mennen kot Bondye?
11 Nou bezwen obeyi Jezi paske li se chemen ki mennen kot Bondye. Labib di: “Okenn lòt moun pa ka ban nou delivrans, paske Bondye pa t bay non okenn lòt moun anba syèl la pami lèzòm ki ka pèmèt nou sove.” (Travay 4:12). Nan chapit 5 nan liv sa a, nou te aprann Jewova te voye Jezi pou l bay lavi l kòm ranson pou moun ki obeyisan yo (Matye 20:28). Jewova chwazi Jezi pou dirije kòm Wa sou tout tè a. Se sa k fè Labib di nou dwe obeyi Jezi si nou vle viv pou toutan. — Li Jan 3:36.
12. Poukisa nou pa mele nan politik?
12 Nou pa dwe mele nan politik. Jezi pa t konn patisipe nan politik. Lè yo t ap jije l, men sa l te di Pilat, yon dirijan women: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Li Jan 18:36.) Menm jan ak Jezi, nou fidèl ak Wayòm Bondye a ki nan syèl la, e se pou rezon sa a, kèlkeswa kote n ap viv, nou pa mele nan politik. Men, Labib ban nou lòd pou nou obeyi “otorite yo”, anpalan de gouvènman yo (Women 13:1). Nou obeyi lwa peyi kote n ap viv la. Natirèlman, lè yon lwa opoze ak lwa Bondye yo, nou imite apot yo ki te di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Travay 5:29; Mak 12:17.
13. Ki sa nou preche konsènan Wayòm Bondye a?
13 Nou kwè Wayòm Bondye a se sèl solisyon pou pwoblèm ki gen nan monn nan. Jezi te di yo t ap gen pou preche “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan” nan lemonnantye. (Li Matye 24:14.) Pa gen okenn gouvènman lèzòm ki ka fè sa Wayòm Bondye a pral fè pou nou (Sòm 146:3). Jezi te aprann nou priye pou Wayòm Bondye a lè l te di: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:10). Labib fè nou konnen Wayòm Bondye a pral detwi tout gouvènman lèzòm yo e se “li menm sèl k ap rete pou toutan”. — Dànyèl 2:44.
14. Dapre ou, kiyès k ap adore Bondye sèl fason ki bon an?
14 Apre w fin egzamine pwen sa yo, mande tèt ou: ‘Kiyès ki baze ansèyman y ap bay yo sou Labib? Kiyès ki fè lòt moun konn non Bondye? Kiyès ki demontre vrè lanmou youn pou lòt e ki kwè Bondye te voye Jezi vin sove nou? Kiyès ki pa mele nan politik? Kiyès ki preche pou fè konnen se sèl Wayòm Bondye a ki ka rezoud pwoblèm nou yo?’ Se sèl Temwen Jewova yo ki fè sa. — Ezayi 43:10-12.
KI SA W AP FÈ?
15. Ki sa nou dwe fè si nou vle Bondye aksepte adorasyon nou an?
15 Sa pa sifi pou n annik kwè Bondye egziste. Menm demon yo kwè Bondye egziste, men yo pa obeyi l (Jak 2:19). Si nou vle Bondye aksepte adorasyon nou an, nonsèlman nou dwe kwè li egziste, men tou, nou dwe fè sa l di.
16. Poukisa nou dwe rejte fo relijyon?
16 Pou Bondye aksepte adorasyon nou an, nou dwe rejte fo relijyon. Men sa pwofèt Ezayi te ekri: “Soti ladan l! Rete pwòp.” (Ezayi 52:11; 2 Korentyen 6:17). Se sa k fè nou dwe rejte tout bagay ki gen rapò ak fo adorasyon.
17, 18. Ki sa “Gran Babilòn nan” ye, e poukisa li ijan pou w rejte l?
17 Ki sa fo relijyon ye? Se nenpòt relijyon ki anseye nou pou n adore Bondye yon fason ki kontrè ak Pawòl Bondye a. Labib rele tout fo relijyon yo “Gran Babilòn nan”. (Revelasyon 17:5.) Poukisa? Se paske apre delij ki te fèt nan epòk Noye a, gen anpil ansèyman fo relijyon yo bay ki soti nan vil Babilòn. Fo ansèyman sa yo gaye sou tout tè a. Pa egzanp, moun ki t ap viv nan vil Babilòn te konn adore yon seri dye an twa pèsòn. Menm jan an tou, jodi a, gen anpil relijyon ki anseye Bondye se yon Trinite. Men, Labib montre aklè gen yon sèl vrè Dye, anpalan de Jewova, epi Jezi se Pitit li (Jan 17:3). Mete sou sa, moun ki t ap viv nan vil Babilòn yo te kwè moun gen yon pati nan yo ki kontinye viv apre kò a fin mouri, e pati sa a kapab al soufri nan lanfè. Men, se pa vre. — Gade nòt 14, nòt 17 ak nòt 18.
18 Bondye fè konnen li pral detwi tout fo relijyon talè konsa (Revelasyon 18:8). Èske w konprann poukisa li ijan anpil pou w kite fo relijyon an? Jewova vle w fè sa anvan li twò ta. — Revelasyon 18:4.
Lè w sèvi Jewova ansanm ak pèp li a, w ap vin fè pati yon fanmi entènasyonal.
19. Lè w deside sèvi Jewova, ki jan Jewova ap pran swen w?
19 Lè w deside kite fo relijyon pou w sèvi Jewova, gen kèk zanmi w oswa kèk moun nan fanmi w ki gendwa pa konprann desizyon w lan e yo ka rann lavi w difisil. Men, Jewova pap abandone w. W ap vin fè pati yon fanmi entènasyonal ki gen plizyè milyon moun ki demontre vrè lanmou an youn pou lòt, e w ap gen espwa pou w viv pou toutan nan monn nouvo Bondye pwomèt la (Mak 10:28-30). Petèt, gen kèk zanmi w oswa kèk moun nan fanmi w ki opoze ak desizyon w pran pou w sèvi Jewova a ki gendwa deside etidye Labib annapre.
20. Poukisa li enpòtan pou w adore Bondye sèl fason ki bon an?
20 Talè konsa, Bondye pral detwi tout mechanste e Wayòm li an pral dirije tout tè a (2 Pyè 3:9, 13). Se pral yon bèl epòk! Tout moun pral adore Jewova fason Jewova vle nou fè sa. Kidonk, li enpòtan pou w aji depi kounye a e pou w adore Bondye sèl fason ki bon an.