BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bhs chap. 17 p. 174-184
  • Lapriyè se yon privilèj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lapriyè se yon privilèj
  • Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Li nan Sa Labib anseye
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA NOU DWE PRIYE JEWOVA?
  • KI SA NOU DWE FÈ POU BONDYE KOUTE PRIYÈ NOU?
  • KÈK KESYON MOUN KONN POZE SOU LAPRIYÈ
  • FASON BONDYE REPONN PRIYÈ NOU YO
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Lapriyè se yon privilèj nou bezwen bay anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Jezi aprann nou priye
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Ki sa Labib kapab anseye nou?
bhs chap. 17 p. 174-184

CHAPIT DISÈT

Lapriyè se yon privilèj

Yon dam k ap priye anba yon syèl ki plen zetwal.

Sila a “ki fè syèl la ak tè a” vle tande priyè nou yo. — Sòm 115:15.

1, 2. Poukisa w panse lapriyè se yon kado ki espesyal anpil, e poukisa nou bezwen konnen sa Labib anseye sou sa?

LÈ NOU konpare tè a ak linivè, nou wè tè a piti anpil. Lè Jewova gade tè a, li wè tout moun nan tout nasyon parèt tankou yon ti gout dlo nan yon bokit (Sòm 115:15; Ezayi 40:15). Menmsi nou piti anpil lè yo konpare nou ak linivè, Sòm 145:18, 19 di: “Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo.” Ala yon bèl privilèj nou genyen! Jewova, Kreyatè toupisan an, vle pwoche bò kote nou, e li vle koute priyè nou. Vrèmanvre, lapriyè se yon privilèj, se yon kado espesyal Jewova bay nou chak.

2 Men, Jewova ap koute nou sèlman si nou pale avè l fason li aksepte a. Ki jan nou ka fè sa? Ann gade sa Labib di sou lapriyè.

POUKISA NOU DWE PRIYE JEWOVA?

3. Poukisa ou dwe priye Jewova?

3 Jewova vle w priye l, oswa li vle w pale avè l. Ki jan nou fè konn sa? Tanpri, li Filipyen 4:6, 7. Fè yon ti reflechi sou bèl envitasyon sa a. Chèf linivè a vrèman enterese nan ou e li vle w pale avè l sou fason w santi w ak sou pwoblèm ou genyen.

4. Lè w priye Jewova regilyèman, ki jan sa fè amitye w gen avè l la vin pi solid?

4 Lapriyè ede n gen yon amitye solid ak Jewova. Lè moun ki zanmi pale youn ak lòt regilyèman sou sa yo panse, sou enkyetid yo genyen ak sou santiman yo, sa fè amitye yo vin pi solid. Se menm bagay la lè nou priye Jewova. Nan Labib, Jewova fè nou konnen panse l ak santiman l, e li fè nou konnen sa li pral fè alavni. Ou ka pataje ak Jewova menm santiman ki pi pwofon ou genyen lè w pale avè l regilyèman. Pandan w ap fè sa, amitye w gen ak Jewova a ap vin pi solid. — Jak 4:8.

KI SA NOU DWE FÈ POU BONDYE KOUTE PRIYÈ NOU?

5. Ki jan nou fè konnen Jewova pa koute tout priyè?

5 Èske Jewova koute tout priyè? Non. Nan epòk pwofèt Ezayi, men sa Jewova te di Izrayelit yo: “Malgre n ap fè anpil priyè, Mwen pap koute nou. Men nou chaje ak san.” ​(Ezayi 1:15). Kidonk, si nou pa fè atansyon, nou ka fè yon seri bagay ki ka fè nou pran distans nou ak Jewova, sa ki ka lakòz li pa koute priyè nou.

6. Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen lafwa? Ki jan w ka montre ou gen lafwa?

6 Si nou vle Jewova koute priyè nou yo, nou dwe gen lafwa nan li (Mak 11:24). Men sa apot Pòl fè konnen: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi, paske yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” ​(Ebre 11:6). Men, li pa sifi pou n annik di nou gen lafwa. Nou bezwen bay prèv klè ki montre nou gen lafwa lè nou obeyi Jewova chak jou. — Li Jak 2:26.

7. a) Poukisa nou dwe demontre imilite ak respè lè n ap priye Jewova? b) Ki jan nou ka montre nou sensè lè n ap priye?

7 Nou dwe demontre imilite ak respè lè n ap priye Jewova. Poukisa? Si nou ta gen pou n pale ak yon wa oswa yon prezidan, nou t ap fè sa avèk respè. Jewova se Bondye Toupisan an, donk, èske nou pa ta dwe demontre plis respè ak plis imilite toujou lè n ap pale avè l (Jenèz 17:1; Sòm 138:6)? Anplis de sa, nou dwe sensè e nou dwe priye Jewova ak tout kè nou, nou pa dwe annik plede repete menm bagay yo. — Matye 6:7, 8.

8. Lè n ap priye konsènan yon bagay, ki lòt bagay nou bezwen fè?

8 Finalman, lè n ap priye konsènan yon bagay, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou aji ann amoni ak priyè nou fè a. Pa egzanp, si nou priye Jewova pou l ban nou sa nou bezwen chak jou, nou pa kapab ap fè parès epi pou n espere Jewova ap ban nou tout sa n bezwen alòske nou kapab travay pou n genyen yo. Nou dwe travay di e nou dwe aksepte kèlkeswa travay nou kapab fè (Matye 6:11; 2 Tesalonisyen 3:10). Oubyen si nou priye Jewova pou l ede nou sispann fè yon bagay ki mal, nou dwe evite tout sitiyasyon ki ka fè nou tonbe nan tantasyon (Kolosyen 3:5). Kounye a, annou egzamine kèk kesyon moun konn poze sou lapriyè.

KÈK KESYON MOUN KONN POZE SOU LAPRIYÈ

9. Kiyès nou dwe priye? Ki sa Jan 14:6 anseye nou sou lapriyè?

9 Kiyès nou dwe priye? Jezi te anseye disip li yo pou yo priye “Papa nou ki nan syèl la”. (Matye 6:9.) Li te di tou: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” ​(Jan 14:6). Donk, se sèl Jewova nou dwe priye e nou dwe pase pa Jezi. Ki sa sa vle di nou dwe pase pa Jezi lè n ap priye? Pou Jewova aksepte priyè nou yo, nou bezwen montre respè pou misyon espesyal Jewova te bay Jezi a. Jan nou te aprann sa, Jezi te vin sou tè a pou l sove nou anba peche ak lanmò (Jan 3:16; Women 5:12). Mete sou sa, Jewova nome Jezi Gran prèt ak Jij. — Jan 5:22; Ebre 6:20.

Kèk moun k ap priye nan divès sitiyasyon.

Ou ka priye nenpòt ki lè.

10. Èske nou bezwen nan yon pozisyon espesyal lè n ap priye? Esplike.

10 Èske nou bezwen nan yon pozisyon espesyal lè n ap priye? Non, Jewova pa mande nou pou n ni mete ajenou, ni chita, ni kanpe lè n ap priye. Labib fè nou konnen nou kapab pale ak Jewova nan kèlkeswa pozisyon ki demontre respè (1 Kwonik 17:16; Neyemi 8:6; Dànyèl 6:10; Mak 11:25). Sa ki pi enpòtan pou Jewova, se pa pozisyon nou pran lè n ap priye l, men se pou n gen yon atitid ki kòrèk lè n ap pale avè l. Nou kapab priye awotvwa oswa an silans kèlkeswa kote nou ye e kèlkeswa lè a, lajounen kou lannuit. Lè n ap priye Jewova, nou kapab gen konfyans l ap tande nou menm lè pèsonn pa tande sa n di. — Neyemi 2:1-6.

11. Site kèk bagay nou kapab pale ak Jewova sou yo.

11 Pou ki bagay nou kapab priye? Nou kapab priye pou kèlkeswa bagay Jewova dakò. Men sa Labib di: “Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” ​(1 Jan 5:14). Èske nou ka priye pou afè pèsonèl nou? Wi. Lè n ap priye Jewova, nou ta dwe fè sa tankou se ak yon bon zanmi nou n ap pale. Nou kapab di Jewova nenpòt bagay ki nan lespri nou ak nan kè nou (Sòm 62:8). Nou kapab priye l pou l ban nou lespri sen l ki pisan pou ede nou fè sa ki dwat (Lik 11:13). Anplis de sa, nou kapab mande Jewova sajès pou n ka pran bon desizyon, e nou ka priye l pou nou jwenn fòs pou n fè fas ak difikilte yo (Jak 1:5). Nou dwe mande Jewova padon pou peche nou (Efezyen 1:3, 7). Nou dwe priye pou lòt moun tou, sa gen ladan l fanmi nou, frè ak sè nou yo nan kongregasyon an. — Travay 12:5; Kolosyen 4:12.

12. Ki sa k ta dwe pi enpòtan nan priyè nou yo?

12 Ki sa k ta dwe pi enpòtan nan priyè nou yo? Se Jewova ansanm ak volonte l. Nou dwe di l mèsi ak tout kè nou pou tout sa li fè pou nou (1 Kwonik 29:10-13). Nou konnen sa paske lè Jezi te sou tè a, li te anseye disip li yo fason pou yo priye. (Li Matye 6:9-13.) Li te di yo premye bagay yo ta dwe priye pou li se pou non Bondye vin sen, sa vle di pou yo respekte non sa a kòm yon non ki sakre oswa ki sen. Apre sa, Jezi te montre nou dwe priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Jewova fèt sou tout tè a. Se sèlman apre Jezi te fin priye pou bagay sa yo ki vrèman enpòtan li te di nou dwe priye pou bezwen pèsonèl nou. Lè nou mete Jewova ansanm ak volonte l an premye nan priyè nou yo, nou montre ki sa ki pi enpòtan pou nou.

13. Ki longè priyè nou yo ta dwe ye?

13 Ki longè priyè nou yo ta dwe ye? Labib pa di anyen sou sa. Priyè nou yo kapab kout oswa long, selon sitiyasyon an. Pa egzanp, nou ka fè yon priyè tou kout anvan nou manje, men, nou ka fè yon priyè ki pi long lè n ap di Jewova mèsi oswa lè n ap fè l konnen enkyetid nou yo (1 Samyèl 1:12, 15). Nou pa dwe fè priyè ki long jis pou nou ka enpresyone lòt moun, jan kèk moun nan epòk Jezi a te konn fè sa (Lik 20:46, 47). Priyè sa yo pa enpresyone Jewova. Sa ki enpòtan pou Jewova se lè nou priye l ak tout kè nou.

14. Konbyen fwa nou ta dwe priye, e ki sa sa aprann nou sou Jewova?

14 Konbyen fwa nou ta dwe priye? Jewova envite nou pale avè l regilyèman. Labib di nou dwe “kontinye priye”, “pèsevere nan lapriyè”, epi “priye toutan”. (Matye 26:41; Women 12:12; 1 Tesalonisyen 5:17.) Jewova toujou dispoze koute nou. Nou ka di l mèsi chak jou pou lanmou li e poutèt li donan. Epitou, nou ka mande l pou l ban nou konsèy, fòs ak konsolasyon. Si nou bay privilèj nou genyen pou nou priye Jewova a anpil valè, n ap pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou pale avè l.

15. Poukisa nou ta dwe di “amèn” nan fen yon priyè?

15 Poukisa nou ta dwe di “amèn” nan fen yon priyè? Mo “amèn” nan vle di se “sèten” oswa “se konsa pou sa ye”. Se yon fason nou montre nou konprann sa nou di nan priyè nou an, sa vle di, nou sensè (Sòm 41:13). Labib fè nou konnen li bon tou pou nou di “amèn”, an silans oswa awotvwa, nan fen yon priyè ki fèt an piblik pou nou montre nou dakò ak priyè a. — 1 Kwonik 16:36; 1 Korentyen 14:16.

FASON BONDYE REPONN PRIYÈ NOU YO

16. Èske Jewova reponn priyè nou yo vre? Esplike.

16 Èske Jewova reponn priyè nou yo vre? Wi, li fè sa. Labib rele l: “Ou menm ki tande lapriyè.” ​(Sòm 65:2). Jewova tande priyè sensè plizyè milyon moun fè e li reponn priyè sa yo divès fason.

17. Ki jan Jewova sèvi ak zanj yo ansanm ak sèvitè li yo sou tè a pou l reponn priyè nou?

17 Jewova sèvi ak zanj ansanm ak sèvitè li yo sou tè a pou l reponn priyè nou (Ebre 1:13, 14). Gen anpil egzanp moun ki te priye Jewova pou l ede yo konprann Labib, e yon ti tan annapre, yo resevwa vizit yon Temwen Jewova. Labib montre zanj yo ap patisipe nan anonse “bon nouvèl” la sou tout tè a. (Li Revelasyon 14:6.) Epitou, gen anpil nan nou ki te priye Jewova pou yon pwoblèm oswa yon bezwen byen presi, epi apre sa, nou resevwa èd nou te bezwen an nan men yon frè oswa yon sè. — Pwovèb 12:25; Jak 2:16.

Yon koup kretyen k ap ede yon zanmi yo ki granmoun e ki enfim.

Jewova ka reponn priyè nou yo pa mwayen èd nou jwenn nan men lòt kretyen.

18. Ki jan Jewova sèvi ak lespri sen l ansanm ak Labib pou l reponn priyè nou?

18 Jewova sèvi ak lespri sen l pou l reponn priyè nou. Lè nou priye pou nou jwenn èd pou nou fè fas ak yon pwoblèm, li ka sèvi ak lespri sen l pou l ban nou konsèy e pou l ban nou fòs (2 Korentyen 4:7). Jewova sèvi ak Labib tou pou l reponn priyè nou e pou l ede nou pran bon desizyon. Lè nou li Labib, nou ka jwenn vèsè k ap ede nou. Mete sou sa, Jewova ka pouse yon moun fè yon kòmantè nan yon reyinyon pou l di sa nou bezwen tande a oswa li ka sèvi ak yon ansyen nan kongregasyon an pou l pataje yon enfòmasyon ki sot nan Labib avèk nou. — Galat 6:1.

19. Ki sa k ka bay enpresyon Jewova pa reponn priyè nou yo?

19 Pafwa, nou ka ap mande tèt nou: ‘Poukisa Jewova poko reponn priyè m yo?’ Pa bliye, li konnen ki lè e ki fason pou l reponn priyè nou yo. Li konnen sa nou bezwen. Nou ka oblije kontinye priye pandan yon tan pou nou montre l nou vrèman bezwen sa nou mande l la e pou nou montre l nou vrèman gen lafwa nan li (Lik 11:5-10). Pafwa, Jewova reponn priyè nou yo yon fason nou gendwa pa t atann. Pa egzanp, nou ka priye konsènan yon sitiyasyon difisil, men olye li retire pwoblèm nan, li ka ban nou fòs pou nou andire l. — Li Filipyen 4:13.

20. Poukisa nou dwe priye Jewova souvan?

20 Se pa ti bèl privilèj nou genyen pou nou priye Jewova! Nou mèt sèten l ap koute nou (Sòm 145:18). Plis nou priye Jewova ak tout kè nou, se plis amitye nou gen avè l la ap vin pi solid.

REZIME

VERITE NO 1: JEWOVA VLE KOUTE PRIYÈ NOU YO

“Jewova toupre tout moun ki rele l, Li toupre tout moun ki rele l avèk senserite.” — Sòm 145:18.

Ki sa n dwe fè si nou vle Jewova koute priyè nou yo?

  • Ebre 11:6

    Nou dwe gen lafwa.

  • Sòm 138:6

    Nou dwe gen imilite ak respè.

  • Jak 2:26

    Konduit nou dwe ann amoni ak priyè nou yo.

  • Matye 6:7, 8

    Nou dwe sensè e nou dwe fran lè n ap priye. Nou pa dwe repete menm pawòl yo nan priyè nou yo.

  • Ezayi 1:15

    Nou dwe viv ann amoni ak volonte Bondye.

VERITE NO 2: KÈK KESYON MOUN KONN POZE SOU LAPRIYÈ

  • Kiyès nou dwe priye?

    Matye 6:9; Jan 14:6

  • Èske nou bezwen nan yon pozisyon espesyal pou n priye?

    1 Kwonik 17:16; Neyemi 8:5, 6; Dànyèl 6:10; Mak 11:25

  • Èske Jewova tande priyè nou fè an silans?

    Neyemi 2:1-6

  • Ki longè priyè nou yo ta dwe ye?

    1 Samyèl 1:12, 15; Lik 20:46, 47

  • Konbyen fwa nou ta dwe priye?

    Women 12:12; 1 Tesalonisyen 5:17

  • Poukisa nou di “amèn” nan fen yon priyè?

    1 Kwonik 16:36; 1 Korentyen 14:16

VERITE NO 3: SOU KI SIJÈ NOU KA PRIYE?

“Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Bay kèk bagay nou ka priye pou yo.

  • Matye 6:9, 10

    Priye pou volonte Jewova fèt.

  • 1 Kwonik 29:10-13

    Priye pou n eksprime rekonesans nou.

  • Matye 6:11-13

    Priye pou bezwen pèsonèl nou ak pou pwoblèm nou genyen.

  • Lik 11:13

    Priye pou n jwenn lespri sen.

  • Jak 1:5

    Priye pou n gen sajès pou n pran bon desizyon.

  • Filipyen 4:13

    Priye pou n jwenn fòs pou n andire.

  • Efezyen 1:3, 7

    Priye pou n jwenn padon pou peche nou.

  • Travay 12:5

    Priye pou lòt moun.

VERITE NO 4: JEWOVA REPONN PRIYÈ NOU YO

“O ou menm ki tande lapriyè, tout kalite moun gen pou yo vin devan w.” — Sòm 65:2.

Ki fason Jewova reponn priyè nou yo?

  • Pwovèb 12:25; Revelasyon 14:6

    Jewova kapab sèvi ak zanj oswa ak moun pou l ede n.

  • 2 Korentyen 4:7

    Lespri sen l ban nou èd nou bezwen.

  • Filipyen 4:6, 7, 13

    Bondye ban nou lapè ak fòs nou bezwen pou n andire.

  • Galat 6:1; 2 Timote 3:16, 17

    Bondye ban nou sajès pa mwayen Labib ak kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje