BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ypq kesyon 4 p. 12-14
  • Ki jan pou m repare erè m fè yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan pou m repare erè m fè yo?
  • Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Bon fason pou nou wè erè nou fè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Èske w aprann nan erè w fè yo?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Aprann nan erè w fè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
ypq kesyon 4 p. 12-14
De ti gason ap gade vit yon machin ki kraze.

KESYON 4

Ki jan pou m repare erè m fè?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Lè w rekonèt erè w fè, sa ap fè w vin yon moun ki pran responsablite l oserye, e moun ap plis fè w konfyans.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Pandan Tim ap jwe ak zanmi l yo, li voye yon boul k al kraze vit machin yon vwazen.

Si se ou ki te Tim, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

OU GEN TWA OPSYON:

  1. Kouri.

  2. Lage chay la sou do yon lòt moun.

  3. Esplike vwazen an sa k pase, epi di l ou vle bay kòb pou l achte yon lòt vit.

Ou ta ka anvi chwazi opsyon A a. Men, toujou gen bonjan rezon pou w rekonèt erè w fè, kit se yon vit machin ou kraze kit se yon lòt bagay ou fè.

TWA REZON KI FÈ W DWE REKONÈT ERÈ W FÈ

  1. Se pi bon bagay ou te ka fè.

    Men sa Bib la di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

  2. Moun pi dispoze padone moun ki rekonèt erè yo fè.

    Men sa Bib la di: “Moun ki kache peche l pap reyisi, Men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.” — Pwovèb 28:13.

  3. Sa k pi enpòtan an, Bondye kontan lè n fè sa.

    Men sa Bib la di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” — Pwovèb 3:32.

Karina, yon jèn ki gen 20 an, t ap eseye kache papa l yon kontravansyon yo te ba l paske li t ap fè eksè vitès. Men, li pa t kapab kache sa pou toutan. Men sa l di: “Apre anviwon ennan, papa m te vin okouran kontravansyon m te fè a. Sa te bay anpil pwoblèm!”

Ki sa Karina te aprann? Men sa l di: “Lè nou kache erè nou fè, sa toujou fè bagay yo vin pi mal. W ap peye sa yon lè kanmenm!”

FASON POU W APRANN NAN ERÈ W FÈ

Men sa Bib la di: “Nou tout nou fè erè tanzantan.” (Jak 3:2, nòt anba paj). Jan nou te wè sa, lè yon moun rekonèt erè l fè san pèdi tan, sa montre li gen imilite ak matirite.

Lòt bagay pou w fè a se aprann nan erè w yo. Men sa yon jèn fi ki rele Vera fè konnen: “Mwen eseye konsidere chak erè m fè kòm yon okazyon pou m aprann yon bagay k ap ede m vin yon pi bon moun e k ap ede m pi byen jere sitiyasyon an pwochèn fwa.” Ann wè kòman w ka fè sa.

Ou prete bisiklèt papa w la epi li vin gen yon pwoblèm nan men w. Ki sa w ap fè?

  • Pa di anyen toutpandan w espere papa w pap wè anyen.

  • Di papa w egzakteman sa k rive a.

  • Di papa w sa k rive a, men lage chay la sou do yon lòt moun.

Ou pa pase nan yon egzamen paske w pa t etidye. Ki sa w ap fè?

  • W ap di egzamen an te difisil.

  • Ou rekonèt se fòt ou.

  • Di se make pwofesè a ap make w.

Yon jèn fi ap gade nan retwovizè pandan l ap kondui.

Lè w ret ap reflechi sou erè w fè se kòmsi ou t ap kondui epi w ret ap gade nan retwovizè a.

Kounye a, gade sitiyasyon nou sot pale la yo epi eseye mete w nan plas 1) papa w e 2) pwofesè w la. Si w ta rekonèt erè w fè a tousuit, ki sa w panse papa w oswa pwofesè a t ap panse de ou? Ki sa yo t ap panse de ou si w ta kache erè w yo?

Kounye a, panse ak yon erè ou te fè pandan ane ki sot pase a epi reponn kesyon ki vin apre yo.

Ki erè w te fè? Ki sa w te fè apre sa?

  • Mwen te kache l.

  • Mwen te lage chay la sou do yon lòt moun.

  • Mwen te rekonèt erè a tousuit.

Si w pa t rekonèt erè w te fè a, ki jan w te santi w apre sa?

  • Byen — Mwen fin ak sa!

  • Antò — M te dwe di laverite.

Ki jan w te ka pi byen jere sitiyasyon an?

Ki sa w aprann nan erè w te fè a?

KI SA W PANSE?

Sa k fè gen kèk moun ki pa vle rekonèt erè yo fè?

Ki sa moun ap panse de ou si w toujou ap eseye kache erè w fè, men ki sa y ap panse de ou si w rekonèt erè w fè? — Lik 16:10.

SA M KONTE FÈ

  • Pandan 12 mwa k ap vini yo, ki objektif ou te ka fikse anrapò ak fason w ka reyaji lè w fè erè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje