BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 4 p. 16-p. 17 par. 2
  • Kòlè fè l touye frè l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kòlè fè l touye frè l
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yon bon pitit, yon move pitit
    Liv istwa biblik mwen an
  • Kiyès ki te madanm Kayen?
    Repons Bib la bay
  • “Byenke l mouri, li kontinye ap pale”
    Annou imite lafwa yo
  • “Byenke l mouri, li kontinye ap pale”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 4 p. 16-p. 17 par. 2
Kayen ki fache pandan Abèl ap bay Jewova ofrann li an.

LESON 4

Kòlè fè l touye frè l

Apre Adan ak Èv te fin kite jaden Edenn nan, yo te fè anpil pitit. Kayen, premye pitit gason yo a, te konn fè jaden, e Abèl, dezyèm pitit gason yo a, te konn gade mouton.

Yon jou, Kayen ak Abèl te fè ofrann pou Jewova. Èske w konn ki sa yon ofrann ye? Se yon kado ki espesyal. Jewova te kontan pou ofrann Abèl te fè pou li a, men li pa t kontan pou ofrann Kayen an. Sa te fè Kayen fache anpil. Jewova te avèti Kayen, li te fè l konnen kòlè ka fè l fè sa k mal. Men, Kayen pa t koute.

Okontrè, Kayen te di Abèl: ‘Ann al nan jaden.’ Pandan yo te poukont yo nan jaden an, Kayen plonje sou frè l la e l touye l. Ki sa Jewova t apral fè Kayen pou sa l te fè a? Kòm pinisyon, Jewova te voye Kayen lwen fanmi l. Kayen pa t ap janm gen dwa tounen ankò.

Kayen avanse sou Abèl.

Èske nou ka aprann yon leson nan sa? Nou ka kòmanse fache si bagay yo pa pase jan nou te panse a. Si n santi kòlè nou ap monte, oubyen si lòt moun avèti nou paske yo wè nou an kòlè, nou dwe sispann fè kòlè san pèdi tan epi kontwole santiman nou anvan se santiman nou ki kontwole nou.

Abèl te renmen Jewova e li te fè sa ki dwat. Se sa k fè, Jewova ap toujou sonje l. Bondye pral fè Abèl retounen viv ankò lè l fè tè a tounen yon paradi.

“Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Matye 5:24.

Kesyon: Ki jan de premye pitit Adan ak Èv yo te rele? Poukisa Kayen te touye frè l la?

Jenèz 4:1-12; Ebre 11:4; 1 Jan 3:11, 12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje