BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 30 p. 76
  • Rahab kache espyon yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rahab kache espyon yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Rahab te gen lafwa nan Jewova
    Anseye pitit ou
  • Rahab te koute nouvèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Rahab kache espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yo te ‘deklare l jis pou sa l te fè’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 30 p. 76
Pou Rahab te pwoteje espyon yo, li te fè sòlda yo pase nan yon lòt wout.

LESON 30

Rahab kache espyon yo

Lè espyon Izrayelit yo t al nan vil Jeriko, yo te rete lakay yon dam ki te rele Rahab. Lè wa Jeriko a te vin konn sa, li te voye kèk sòlda al lakay Rahab. Rahab kache de espyon yo sou do kay li e li fè sòlda yo fè yon lòt wout. Li te di espyon yo: ‘M ap ede nou paske m konnen Jewova avèk nou e n ap pran peyi a. Tanpri, pwomèt mwen n ap sove fanmi m.’

Espyon yo di Rahab: ‘Nou pwomèt ou, yo pap fè pèsonn lakay ou mal.’ Yo di l: ‘Mare yon kòd wouj nan fenèt kay ou, e anyen pap rive fanmi w.’

Kay Rahab la ki te gen yon kòd wouj nan fenèt la te ret kanpe pandan miray Jeriko yo t ap vide atè.

Rahab te fè espyon yo desann nan yon kòd nan fenèt kay la. Yo t al nan mòn yo e yo te ret kache pandan twa jou anvan yo retounen al jwenn Jozye. Apre sa, Izrayelit yo travèse Rivyè Jouden an e yo t ap prepare yo pou yo pran peyi a. Jeriko se premye vil yo te pran. Jewova te mande yo pou yo fè wonn vil la yon fwa pa jou pandan sis jou. Sou setyèm jou a, yo te fè wonn vil la sèt fwa. Epi, prèt yo te sonnen twonpèt yo e sòlda yo te fè yon gwo rèl ak tout fòs yo. Miray vil la te vide atè! Men, kay Rahab la ki te sou miray la te ret kanpe. Rahab ak fanmi l te sove paske Rahab te fè Jewova konfyans.

“Menm jan an tou, èske yo pa t deklare Rahab [...] jis pou sa l te fè a, lè l te fin byen resevwa mesaje yo, e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale?” — Jak 2:25.

Kesyon: Poukisa Rahab te ede espyon yo? Ki sa Izrayelit yo te fè lè yo t ap pran Jeriko? Ki sa k te rive Rahab ak fanmi l?

Jozye 2:1-24; 6:1-27; Ebre 11:30, 31; Jak 2:24-26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje