BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 34 p. 84-p. 85 par. 2
  • Jedeyon bat moun Madyan yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jedeyon bat moun Madyan yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Gideyòn ak 300 zòm li yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nou menm ansyen, suiv egzanp Jedeyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jewova — Pi bon Zanmi nou an!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Ale ak fòs ou genyen an”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 34 p. 84-p. 85 par. 2
Jedeyon ak mesye l yo k ap sonnen kòn, k ap kraze krich yo, k ap balanse tòch yo e k ap rele byen fò.

LESON 34

Jedeyon bat moun Madyan yo

Rive yon lè, pèp Izrayèl la te vire do bay Jewova ankò e yo te kòmanse adore fo dye. Pandan sèt ane, moun Madyan yo te konn vòlè bèt Izrayelit yo e yo te konn kraze jaden yo. Pou Izrayelit yo te chape anba men moun Madyan yo, yo te oblije al kache nan gwo twou wòch ak nan mòn. Yo te sipliye Jewova pou l sove yo. Se sa k fè, Jewova te voye yon zanj al pale ak yon jèn gason ki rele Jedeyon. Zanj lan te di l: ‘Jewova chwazi w pou w vin yon vanyan sòlda.’ Jedeyon mande zanj lan: ‘Ki jan m ap ka sove pèp Izrayèl la? Mwen pa anyen.’

Jedeyon te vle konnen si Jewova chwazi l. Se sa k fè, li met yon moso lenn atè, epi li di Jewova: ‘Demen maten, si lawouze mouye lenn nan nèt e atè a sèch, m ap konnen ou vle m sove pèp Izrayèl la.’ Nan demen, lenn nan te mouye nèt e atè a te sèch. Men, apre sa, Jedeyon te mande Bondye pou demen maten se lenn nan ki sèch e pou atè a mouye. Lè sa te rive, Jedeyon te resi kwè Jewova te chwazi l. Epi, li rasanble sòlda l yo pou y al goumen ak moun Madyan yo.

Jewova te di Jedeyon: ‘M ap fè Izrayelit yo genyen batay la. Men, piske nou gen tout sòlda sa yo, nou ka panse se ak fòs nou nou genyen batay la. Di nenpòt moun ki pè pou l al lakay li.’ Se konsa, 22 000 sòlda t al lakay yo e 10 000 te rete. Apre sa, Jewova di: ‘Nou gen twòp sòlda toujou. Mennen yo bò sous dlo a, epi mande yo pou yo bwè dlo. Sèl sòlda pou w kite al avè w se sòlda k ap veye pandan y ap bwè dlo.’ Se sèlman 300 nan mesye yo ki te ret ap veye pandan yo t ap bwè dlo. Jewova te pwomèt ti kantite mesye sa yo t ap bat 135 000 sòlda Madyan yo.

Jou swa sa a, Jewova di Jedeyon: ‘Li lè pou w atake moun Madyan yo!’ Jedeyon bay mesye l yo yon seri kòn ak yon seri gwo krich ki te gen tòch tou limen anndan yo. Men sa l te di yo: ‘Gade sa m fè, epi fè menm jan avè m.’ Jedeyon sonnen kòn li an, li kraze krich li a, li leve tòch li anlè, epi li di: ‘Epe Jewova a ak epe Jedeyon an!’ Tout 300 mesye ki te avè l yo te fè menm bagay la. Moun Madyan yo te vin pè anpil e yo t ap kouri tankou moun fou nan tout direksyon. Nan kouri konsa, youn te kòmanse atake lòt. Yon lòt fwa ankò, Jewova te ede Izrayelit yo bat ènmi yo.

Sòlda moun Madyan yo ki pè.

“Nou te resevwa yon pisans ki depase yon pisans nòmal, wi, yon pisans ki soti nan Bondye, men ki pa soti nan nou menm.” — 2 Korentyen 4:7.

Kesyon: Ki jan Jewova te fè Jedeyon konnen se li l chwazi? Poukisa lame Jedeyon an te gen 300 gason ladan l sèlman?

Jij 6:1-16; 6:36–7:25; 8:28.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje