BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 53 p. 128
  • Jewoyada te gen kouraj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewoyada te gen kouraj
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jewova rekonpanse moun ki fè aksyon ki demontre kouraj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Yo te pini yon dam ki te gen anbisyon e ki te mechan
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Entwodiksyon pou seksyon 9
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 53 p. 128
Gran prèt Jewoyada k ap prezante ti Jewowas kòm wa devan pèp la.

LESON 53

Jewoyada te gen kouraj

Jezabèl te gen yon pitit fi ki te rele Atali, li te mechan menm jan ak manman l. Atali te marye ak wa peyi Jida a. Lè mari l mouri, pitit gason l lan te pran pouvwa a. Men, lè pitit gason Atali a mouri, Atali te met tèt li chèf sou Jida. Epi, li te eseye detwi tout fanmi wa a, li te vle touye nenpòt moun ki ka vin dirije nan plas li, menm pwòp pitit pitit li. Tout moun te pè l.

Jewoyada, gran prèt la, ak Jewocheba, madanm li, te konnen sa Atali t ap fè a pa t bon menm. Yo te riske lavi yo pou yo kache youn nan pitit pitit gason Atali yo, yon tibebe ki te rele Jewowas. Yo te leve l nan tanp lan.

Lè Jewowas te gen setan, Jewoyada te reyini tout chèf yo ak Levit yo, epi li di yo: ‘Veye pòt tanp lan e pa kite pèsonn moun antre.’ Epi, Jewoyada met Jewowas wa peyi Jida e l met yon kouwòn sou tèt li. Moun Jida yo t ap di byen fò: ‘Se pou wa a viv lontan!’

Rèn Atali k ap rele.

Rèn Atali te tande bri foul moun yo e l te kouri antre nan tanp lan. Lè l wè nouvo wa a, li pran rele: “Konplo! Konplo!” Chèf yo pran rèn mechan sa a, yo soti avè l, epi yo touye l. Men, ki jan yo t ap fè ede pèp la sispann suiv move egzanp li te bay la?

Jewoyada te ede pèp la fè yon alyans ak Jewova kote yo te pwomèt se li sèl y ap adore. Jewoyada te fè yo kraze tanp Baal la e l te fè yo kraze zidòl yo fè miyèt moso. Li te met prèt ak Levit travay nan tanp lan pou pèp la ka vin adore Bondye nan tanp lan ankò. Li te met yon seri moun veye pòt tanp lan pou moun ki pa pwòp pa antre ladan l. Apre sa, Jewoyada ak chèf yo te mennen Jewowas nan palè a, epi yo mete l sou twòn nan. Moun Jida yo te kontan. Anfen, yo te kapab sèvi Jewova san pwoblèm, paske Atali pa t la e pa gen pèsonn ki t ap adore Baal ankò. Èske w wè jan kouraj Jewoyada te genyen an te ede anpil moun?

“Pinga nou pè moun ki ka touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan, okontrè, se pou nou pè Sila a ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan Jeyèn nan.” — Matye 10:28.

Kesyon: Ki jan Jewoyada te montre li gen kouraj? Èske w panse Jewova kapab ede w gen kouraj?

2 Wa 11:1–12:12; 2 Kwonik 21:1-6; 22:10-12; 23:1–24:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje