BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 65 p. 154-p. 155 par. 1
  • Estè sove pèp li a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Estè sove pèp li a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Mòdekay ak Estè
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman
    Annou imite lafwa yo
  • Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a
    Annou imite lafwa yo
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 65 p. 154-p. 155 par. 1
Rèn Estè k ap antre nan lakou palè wa Asyeris, kote yon bann sòlda t ap fè pòs.

LESON 65

Estè sove pèp li a

Rèn Estè.

Estè te yon fi Juif ki t ap viv Souz, yon vil peyi Pès. Li te sot nan yon fanmi wa Nebikadneza te pran nan Jerizalèm sa gen anpil ane. Se Madoche, yon kouzen l, ki te leve l. Madoche te yon sèvitè wa Asyeris, moun peyi Pès la.

Wa Asyeris te bezwen yon nouvo rèn. Sèvitè l yo te mennen pi bèl medam nan peyi a ba li, e Estè te pami yo. Se Estè wa a te chwazi kòm rèn pami tout medam yo. Madoche te di Estè pou l pa di se Juif li ye.

Mesye ki te chèf tout prens nan peyi a te rele Aman. Li te vle pou tout moun bese byen ba devan l. Madoche te refize fè sa, e Aman te vin tèlman an kòlè, li te vle touye l. Lè Aman vin aprann Madoche se yon Juif, li fè yon plan pou l touye tout Juif nan peyi a. Men sa l te di wa a: ‘Juif yo se moun ki mechan anpil, se pou w elimine yo.’ Asyeris di l: ‘Fè tout sa k nesesè pou sa.’ Epi, wa a ba l pouvwa pou l fè yon lwa. Aman fè yon lwa ki te fè pèp li a konnen yo dwe touye tout Juif yo 13yèm jou nan mwa Ada. Jewova t ap gade tout bagay.

Estè pa t konnen si yo te fè yon lwa konsa. Se sa k fè, Madoche te voye yon kopi lwa a pou li, epi l di l: ‘Al pale ak wa a.’ Estè di: ‘Moun ki antre kot wa a san yo pa envite l ap mouri. Sa fè 30 jou depi wa a pa envite m vin kote l! Men, mwen prale. Si l lonje baton l lan, m ap viv. Si l pa fè sa, m ap mouri.’

Estè t al nan lakou palè wa a. Lè wa a wè l, li lonje baton l lan. Estè pwoche kot wa a, epi wa a mande l: ‘Estè, ki sa w vle m fè pou ou?’ Li di: ‘Mwen vle envite ou menm ak Aman nan yon resepsyon.’ Pandan yo nan resepsyon an, Estè envite yo nan yon dezyèm resepsyon pou demen. Pandan yo nan dezyèm resepsyon an, yon lòt fwa ankò, wa a mande Estè: ‘Ki sa w ta renmen m fè pou ou?’ Estè di l: ‘Gen yon moun ki pral touye m ansanm ak pèp mwen an, tanpri, delivre nou.’ Wa a mande l: ‘Kiyès ki vle touye w la?’ Estè di l: ‘Se vye nonm yo bay pou Aman an.’ Asyeris te tèlman an kòlè, li fè touye Aman lapoula.

Men, pèsonn pa t ka efase lwa Aman te fè a, menm wa a. Se sa k fè wa a te bay Madoche pouvwa pou l fè yon nouvo lwa. Madoche te fè yon lwa ki te pèmèt Juif yo defann tèt yo lè yo atake yo. Nan 13yèm jou mwa Ada, Juif yo te pot laviktwa sou ènmi yo. Depi lè sa a, yo te fete viktwa sa a chak ane.

“Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.” — Matye 10:18.

Kesyon: Ki plan yo te gen pou Juif yo? Ki jan Estè te montre li gen lafwa nan Jewova?

Estè 2:5-20; 3:1–5:8; 7:1–8:14; 9:1-28.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje