BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 72 p. 170-p. 171 par. 2
  • Jezi ki jèn tigason

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi ki jèn tigason
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere
    Annou imite lafwa yo
  • Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jezi grandi Nazarèt
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi te aprann obeyisans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 72 p. 170-p. 171 par. 2
Jezi ki chita nan mitan ansyen yo nan tanp lan lè l te gen 12 an.

LESON 72

Jezi ki jèn tigason

Jozèf ak Mari t ap viv Nazarèt ak Jezi ansanm ak lòt pitit gason ak pitit fi yo te genyen. Jozèf te travay kòm bòs chapant pou l pran swen fanmi an. Li te fè yo konnen kiyès Jewova ye e l te anseye yo Lalwa. Fanmi an te toujou al adore Bondye nan sinagòg la e yo te konn al Jerizalèm pou fèt Pak la chak ane.

Lè Jezi te gen 12 an, fanmi an te fè vwayaj byen long yo konn abitye fè pou y al Jerizalèm nan. Vil sa a te chaje ak moun ki te vini nan fèt Pak la. Annapre, Jozèf ak Mari te kòmanse vwayaje pou yo retounen lakay yo e yo te panse Jezi t ap vwayaje ak gwoup la tou. Men, lè yo chèche Jezi pami fanmi yo, yo pa t ka jwenn li.

Yo te tounen Jerizalèm, e yo te fè twa jou ap chèche pitit gason yo a. Alafen, yo t al nan tanp lan. Se la yo te jwenn Jezi ki chita nan mitan anseyan yo, li te pran tan pou l byen koute sa yo t ap di e l t ap poze yo bonjan kesyon. Anseyan yo te tèlman sezi tande sa Jezi t ap di, yo te kòmanse poze l kesyon. Epi, yo te sezi wè fason li reponn. Yo te kapab wè li konprann Lwa Jewova te bay la.

Jozèf ak Mari te enkyete anpil. Mari te di Jezi: ‘Kote w te ye pitit? Nou chèche w tout kote wi!’ Jezi di: ‘Èske nou pa konnen se lakay Papa m mwen dwe ye?’

Apre sa, Jezi al lakay Jozèf ak Mari nan vil Nazarèt. Jozèf te montre Jezi ki jan pou l travay kòm bòs chapant. Ki kalite moun ou panse Jezi te ye toutpandan l t ap grandi? Pandan Jezi t ap grandi, li te vin gen plis sajès. Epi ni Bondye ni moun te renmen l.

Jozèf ak Mari chita bò yon tab ak Jezi ansanm ak kèk nan frè ak sè Jezi yo.

“O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” — Sòm 40:8.

Kesyon: Ki kote Jozèf ak Mari te jwenn Jezi? Ki sa l t ap fè lòtbò a?

Matye 13:55, 56; Mak 6:3; Lik 2:40-52; 4:16; Detewonòm 16:15, 16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje