BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 81 p. 190-p. 191 par. 2
  • Diskou Jezi te bay sou mòn nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Diskou Jezi te bay sou mòn nan
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Chèche Wayòm nan, pa chèche bagay materyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Rezon ki fè Jezi se te yon gran Anseyan
    Koute gran Anseyan an
  • Annou kontinye fè byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • “Mwen rele nou zanmi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 81 p. 190-p. 191 par. 2
Jezi ki devan yon gwo foul moun k ap bay diskou li te bay sou mòn nan.

LESON 81

Diskou Jezi te bay sou mòn nan

Apre Jezi fin chwazi 12 apot yo, Jezi desann mòn nan e li rive kote yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti Galile, Jide, Ti, Sidon, Siri ak sou lòt bò Rivyè Jouden an. Yo te vini ak moun ki t ap soufri anba maladi e te gen kèk moun demon t ap fè soufri. Jezi te geri yo tout. Apre sa, li chita sou mòn nan, epi l kòmanse pale. Li te esplike ki sa n dwe fè pou n vin zanmi Bondye. Nou dwe konnen nou bezwen Jewova e nou dwe aprann renmen l. Men, nou pap ka renmen Bondye si n pa renmen moun parèy nou. Nou dwe janti ak tout moun e n dwe byen sèvi ak tout moun, menm moun ki ènmi nou.

Jezi te di: ‘Se pa zanmi nou sèlman pou nou renmen. Nou bezwen aprann renmen ènmi nou, e nou bezwen aprann padone moun ak tout kè nou. Si yon moun fache avè w, al kote l menm kote a epi mande l padon. Sèvi ak lòt moun menm jan n ta renmen yo sèvi avèk nou.’

Jezi ki devan yon gwo foul moun k ap bay diskou li te bay sou mòn nan.

Epitou, Jezi te bay moun yo bon konsèy sou bagay materyèl. Men sa l te di yo: ‘Li pi enpòtan pou yon moun zanmi Jewova pase l gen anpil lajan. Yon vòlè ka pran lajan w, men, pèsonn pa ka vòlè zanmitay ou genyen ak Jewova. Sispann bay tèt ou pwoblèm pou sa w ap manje, sa w ap bwè ak sa w ap met sou ou. Gade zwazo yo. Bondye toujou veye pou yo gen ase manje pou yo manje. Menmsi w bay tèt ou pwoblèm, sa pap fè w viv yon jou anplis. Sonje, Jewova konnen ki sa w bezwen.’

Foul moun yo pa t janm tande yon moun pale tankou Jezi. Responsab nan relijyon yo, anpalan de Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo, pa t anseye yo bagay sa yo. Ki sa k fè Jezi te yon gran anseyan konsa? Paske se nan Jewova tout sa l t ap anseye yo te soti.

“Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” — Matye 11:29.

Kesyon: Ki sa n dwe fè pou n vin zanmi Jewova? Ki jan Jewova vle w sèvi ak lòt moun?

Matye 4:24–5:48; 6:19-34; 7:28, 29; Lik 6:17-31.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje