BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 102 p. 236-p. 237 par. 2
  • Revelasyon Jan te resevwa a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revelasyon Jan te resevwa a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Vizyon sou moun ki nan monn envizib la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • “Yon gwo foul moun!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 102 p. 236-p. 237 par. 2
Apot Jan k ap ekri liv Revelasyon an.

LESON 102

Revelasyon Jan te resevwa a

Pandan apot Jan te nan prizon sou zile Patmòs, Jezi te fè l wè 16 vizyon oswa imaj ki montre sa k pral rive alavni. Vizyon yo te montre ki jan non Jewova pral vin sen, ki jan Wayòm li an pral vini e ki jan volonte l pral fèt sou tè a menm jan li fèt nan syèl la.

Nan youn nan vizyon yo, Jan wè Jewova ki chita sou twòn li ki gen anpil glwa nan syèl la e Jewova gen 24 ansyen toutotou l ki gen rad blan sou yo e ki gen kouwòn annò sou tèt yo. Te gen zèklè ak bri loray k ap sot nan twòn nan e 24 ansyen yo te koube byen ba pou yo adore Jewova. Nan yon lòt vizyon, Jan te wè yon gwo foul moun ki soti nan tout nasyon, nan tout pèp ak nan tout lang k ap adore Jewova. Jezi, Ti Mouton an, te pran swen yo e li te mennen yo bò dlo lavi yo. Pi devan, nan yon lòt vizyon, Jezi te kòmanse dirije antanke Wa avèk 24 ansyen yo. Nan vizyon ki vin apre a, Jan wè Jezi k ap goumen ak dragon an, sa vle di Satan, ansanm ak demon l yo. Pandan Jezi nan syèl la, li voye Satan ak demon l yo jete sou tè a.

Jezi ak 144000 moun yo sou Mòn Siyon.

Apre sa, Jan fè yon bèl vizyon kote li wè Ti Mouton an ak 144 000 moun ki kanpe sou Mòn Siyon. Mete sou sa, li wè yon zanj k ap vole toutotou tè a e li t ap di tout moun pou yo gen lakrentif pou Bondye e pou yo ba li glwa.

Nan yon lòt vizyon, li wè lagè Amagedon an. Pandan gè sa a, Jezi ak lame l la kraze sistèm mechan Satan an. Nan dènye vizyon Jan te resevwa a, li wè tout bagay t ap mache byen ni nan syèl la ni sou tè a. Yo detwi Satan ak desandans li. Tout moun nèt, ni nan syèl la ni sou tè a, gen gwo respè pou non Jewova e se Jewova sèl yo adore.

“M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon.” — Jenèz 3:15.

Kesyon: Konbyen vizyon Jan te wè? Ki sa Jezi pral fè nan lagè Amagedon an?

Revelasyon 1:1-3; 4:1-11; 7:4, 9-17; 11:15-18; 12:5-12; 14:1, 6, 7; 16:14, 16; 21:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje