BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb p. 106-107
  • Entwodiksyon pou seksyon 8

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Entwodiksyon pou seksyon 8
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Kounye a se moman pou nou aji avèk detèminasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Li te bay bon egzanp e li te bay move egzanp
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Yon tanp pou Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?
    Anseye pitit ou
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb p. 106-107
Wa Salomon jwenn kiyès ki manman yon tibebe.

Entwodiksyon pou seksyon 8

Jewova te beni Salomon, li te ba l anpil sajès e li te ba l privilèj pou l fè tanp lan. Men, tikras pa tikras, Salomon te kite Jewova. Si w se yon papa oswa yon manman, esplike pitit ou ki jan moun ki t ap adore fo dye yo te fè Salomon vire do bay Bondye. Wayòm nan te divize, anpil wa mechan te fè pèp la kite Jewova e yo te fè yo tonbe nan adore zidòl. Pandan epòk sa a, yo te pèsekite anpil pwofèt Jewova ki te fidèl e yo te touye yo. Rèn Jezabèl te fè moun nan wayòm nò a vire do bay Jewova pi plis toujou. Se te yon epòk difisil nan istwa pèp Izrayèl la. Men, te toujou gen anpil Izrayelit ki t ap sèvi Jewova, tankou wa Jozafa ak pwofèt Eli.

KÈK LESON ENPÒTAN

  • Rete fidèl ak Jewova menmsi fanmi w oswa zanmi w pa fè sa.

  • Si w kite Jewova, tout bagay ap pase mal pou ou, men, si w ret atache avè l l ap beni w.

  • Byen souvan, lè w santi w pa konn sa pou w fè, Jewova ap montre w pisans li yon fason ou pa ka imajine.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje