KANTIK 104
Bondye ban nou lespri sen kòm kado
Édition imprimée
1. Souvren, Jewova, ou plen konpasyon,
E ou pi gran pase kè’n ki trèt.
Ede’n pot chay nou, kalme tout krent nou,
Ban nou lespri’w pou konsole’n, Granmèt.
2. O bon Papa nou, nou tout enpafè,
Pafwa’n bite, nou pèdi wout nou.
N’ap sipliye ou: ede nou tanpri!
Ban nou lespri’w pou gide nou chak jou.
3. Lè nou fatige, lè’n dekouraje,
Lespri sen ou ap ankouraje’n.
Nou konte sou ou pou nou rejwenn fòs,
Nou swete pou lespri sen’w dirije’n.
(Gade tou Sòm 51:11; Jan 14:26; Tra. 9:31.)