KARE REVIZYON 9E
“Epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”
TRAVAY 3:21
Lè apot Pyè te pale konsènan “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”, li t ap bay yon pwofesi konsènan epòk ki t ap kòmanse lè Kris t ap vin Wa pou rive nan fen rèy mil an an.
1914 — Jezi Kris vin Wa nan syèl la. Apati 1919, pèp Bondye a tounen jan l te ye anvan an nan domèn espirityèl.
Dènye jou yo
AMAGEDON — Rèy mil an Kris la kòmanse, “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an” ap kontinye e l pote tou benediksyon nan domèn fizik pou moun fidèl ki sou tè a.
Rèy mil an an
FEN RÈY MIL AN AN — Jezi ap fin fè travay remete tout bagay jan yo te ye anvan an e l ap remèt Papa l Wayòm nan.
Paradi ki la pou toutan an
LÈ JEZI PRAL DIRIJE LI PRAL...
fè non Bondye jwenn glwa ankò
fè moun ki malad gen sante ankò
fè granmoun tounen vin jèn ankò
fè mò tounen viv ankò
fè moun fidèl vin pafè
fè tè a tounen yon paradi