BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 10
  • Pran detèminasyon pou w ede moun vin disip

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran detèminasyon pou w ede moun vin disip
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Li anseye Nikodèm nan nuit
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ann ede etidyan Labib yo pou yo deside sèvi Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Jezi ap anseye Nikodèm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 10

FASON POU W FÈ DISIP

Jezi k ap pale ak Nikodèm nan yon lakou lannuit.

Jan 3:​1, 2

LESON 10

Pran detèminasyon pou w fè disip

Prensip: “Nou te byen deside pou nou ban nou nonsèlman bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou bay lavi nou pou nou ka ede nou, paske nou te vin tèlman renmen nou.” — 1 Tes. 2:8.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap pale ak Nikodèm nan yon lakou lannuit.

VIDEYO: Jezi anseye Nikodèm

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Jan 3:​1, 2. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Poukisa w panse Nikodèm te chwazi vin kòt Jezi lannuit? — Gade Jan 12:​42, 43.

  2. Lè Nikodèm te vin kot Jezi nan nuit lan, ki jan Jezi te montre li pran detèminasyon pou l fè disip?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou montre nou renmen moun yo lè nou pran detèminasyon pou n ede yo vin disip.

Imite Jezi

3. Fè etid la nan yon lè ak yon kote k ap bon pou etidyan an. Li ka chwazi fè etid la yon jou byen presi nan semèn nan oswa nan yon lè nan jounen an. Èske l ap santi l pi alèz pou l fè etid la nan travay li, lakay li oswa sou yon plas piblik? Depi sa posib, chanje pwogram ou pou w ka fè etid la nan yon lè ak yon kote k ap bon pou li.

4. Fè etid la regilyèman. Si w pap la, pa anile etid la. Okontrè, reflechi sou sa:

  1. Èske w pap ka fè etid la nan yon lòt lè nan semèn nan?

  2. Èske w pap ka fè etid la sou telefòn oswa pa mwayen videyo konferans?

  3. Èske w pap ka mande yon lòt pwoklamatè fè l pou ou?

5. Priye Jewova pou w gen bon atitid. Mande Jewova pou l ede w kenbe detèminasyon w genyen pou w ede etidyan an, menmsi se lite l ap lite pou l fè etid la regilyèman oubyen pou l aplike sa l aprann nan Bib la (Flp. 2:13). Sandout, etidyan w lan gen anpil bèl kalite. Priye Jewova pou l ede w konsantre sou bèl kalite sa yo.

GADE TOU

Pwo. 3:27; Tra. 20:35; 2 Kor. 12:15

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje