BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lmd leson 12
  • Montre w gen kouraj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen kouraj
  • Renmen moun, epi fè disip
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te fè
  • Ki sa nou aprann sou Jezi?
  • Imite Jezi
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Ale, epi fè disip”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Renmen moun, epi fè disip
lmd leson 12

FASON POU W FÈ DISIP

Jezi k ap pale avèk jantiyès ak yon mesye ki met ajenou devan li menm ak disip li yo.

Mak 10:​17-22

LESON 12

Montre w gen kouraj

Prensip: “Luil ak lansan bay kè kontan menm jan ak yon bon zanmi ki bay konsèy ki sensè.” — Pwo. 27:9.

Sa Jezi te fè

Jezi k ap pale avèk jantiyès ak yon mesye ki met ajenou devan li menm ak disip li yo.

VIDEYO: Jezi bay yon jèn chèf ki rich konsèy

1. Gade VIDEYO a, oubyen li Mak 10:​17-22. Epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  1. Ki bèl kalite konsa Jezi te ka wè jèn chèf ki rich la te genyen?

  2. Poukisa Jezi te bezwen gen lanmou ak kouraj pou l bay mesye sa a konsèy?

Ki sa nou aprann sou Jezi?

2. Nou bezwen pale ak etidyan nou yo avèk lanmou, men tou yon fason ki sensè, lè n ap ede yo fè pwogrè pou yo ka pwoche bò kote Jewova.

Imite Jezi

3. Ede etidyan an fikse objektif epi reyalize yo.

  1. Sèvi ak pati “Objektif” ki nan chak leson nan Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.

  2. Ede etidyan an konprann sa l bezwen fè pou l reyalize ni objektif li fikse pou yon tan ki kout, ni sa l fikse pou yon tan ki long.

  3. Felisite etidyan an regilyèman pou pwogrè l ap fè yo.

4. Chèche konnen ki sa k anpeche etidyan an fè pwogrè, epi ede l venk difikilte sa yo.

  1. Mande tèt ou:

    • ‘Si etidyan m nan pap fè pwogrè pou l batize, ki sa k bloke l menm?’

    • ‘Ki jan m ka ede l toutbon nan sans sa a?’

  2. Priye Jewova pou l ba w kouraj pou w pale ak etidyan an sou sa l bezwen fè, e pou w fè sa yon fason ki demontre lanmou e ki sensè.

5. Kanpe etid la si etidyan an pap fè pwogrè.

  1. Poze tèt ou kesyon sa yo pou ede w wè si etidyan w lan pap fè pwogrè:

    • ‘Èske etidyan m nan aplike sa l ap aprann yo?’

    • ‘Èske l asiste reyinyon kongregasyon an e li pataje laverite ak lòt moun?’

    • ‘Si l gen lontan l ap etidye, èske l vle vin Temwen Jewova?’

  2. Si yon etidyan Labib pa dispoze fè pwogrè:

    • Mande l reflechi pou l wè ki sa ki anpeche l fè pwogrè.

    • Avèk jantiyès, esplike l rezon ki fè w ap kanpe etid la.

    • Fè l konnen ki pwogrè li bezwen fè anvan w rekòmanse fè etid la avè l.

GADE TOU

Sòm 141:5; Pwo. 25:12; 27:6; 1 Kor. 9:26; Kol. 4:​5, 6

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje