Enstriksyon pou reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an
Sijè yo
1. Enstriksyon ki nan dokiman sa a ap ede tout moun ki gen patisipasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Moun ki gen patisipasyon yo dwe gade enstriksyon ki nan Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri a ansanm ak dokiman sa a anvan yo prepare patisipasyon yo. Tout pwoklamatè dwe jwenn envitasyon pou yo ka met tèt yo disponib pou yo fè patisipasyon elèv yo. Lòt moun ki asiste reyinyon regilyèman ak kongregasyon an ka patisipe tou si yo dakò ak ansèyman ki nan Bib la e si lavi yo ann amoni ak prensip kretyen yo. Siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe fè nenpòt moun ki poko pwoklamatè ki ta renmen enskri nan pwogram nan konnen kondisyon yo dwe ranpli pou moun enskri nan pwogram reyinyon an, epi fè l konnen si l kalifye. Li dwe fè sa an prezans moun k ap fè etid avè l la (oswa an prezans yon paran ki kretyen). Kondisyon sa yo valab tou pou yon moun vin pwoklamatè ki poko batize. — od chap. 8 § 8.
PAWÒL ENTWODIKSYON
2. Yon minit. Chak semèn, apre kantik ak priyè pou kòmanse reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an, prezidan reyinyon an dwe fè moun yo anvi suiv pwogram nan. Li dwe konsantre l sou pwen k ap pi pwofitab pou kongregasyon an.
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
3. Diskou: Dis minit. Yo bay tèm nan ak yon plan ki gen de oswa twa pwen prensipal nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye yo dwe bay fè diskou sa a. Nan pwogram nan, lè y ap egzamine yon nouvo liv nan Bib la nan pòsyon Labib n ap li pou semèn nan, y ap pase yon videyo pou entwodui liv sa a. Oratè a ka pale sou rapò videyo a genyen ak tèm nan. Sepandan, li dwe asire l li pale sou pwen yo bay nan pwogram nan. Anplis de sa, li dwe sèvi ak foto yo, depi sa posib, pou l met aksan sou ide kle yo. Li ka itilize lòt referans toujou, depi y ap ede l devlope pwen ki nan plan an.
4. Trezò espirityèl: Dis minit. Se yon patisipasyon kesyon ak repons k ap fèt san entwodiksyon, san konklizyon. Se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye ki pou fè l. Li dwe poze moun nan asistans lan toule de kesyon yo. Epitou, se li k ap detèmine si li nesesè pou l fè yo li vèsè yo site yo. Moun k ap fè kòmantè yo dwe fè kòmantè 30 segonn oswa mwens.
5. Lekti Labib: Kat minit. Se yon gason pou yo bay asiyasyon elèv sa a. Elèv la dwe li pòsyon yo ba l li a san entwodiksyon, san konklizyon. Prezidan reyinyon an ap sitou veye pou l ede elèv yo li yon fason ki egzak, yon fason pou moun konprann e yon fason ki swa. L ap ede yo met aksan kote yo dwe mete l, fè varyasyon nan son vwa yo, fè poz ki apwopriye, epi pale yon fason ki natirèl. Piske gen asiyasyon lekti Labib ki pi kout e gen lòt ki pi long, siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe reflechi ak kapasite elèv yo lè l ap bay asiyasyon sa yo.
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
6. Kenz minit. Objektif pati sa a nan reyinyon an se bay tout moun posiblite pou yo prepare yo pou travay predikasyon an, pou yo amelyore kapasite yo genyen pou yo fè konvèsasyon ak kapasite pou yo preche ak anseye. Depi sa nesesè, yo kapab bay ansyen yo asiyasyon antanke elèv. Chak elèv dwe travay pwen ki nan bwochi Ansèyman an oswa bwochi Renmen moun nan ki ant parantèz bò kot asiyasyon ki nan pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Pafwa, nan pwogram nan, ap gen yon pati pou elèv yo fè yon konvèsasyon. Patisipasyon sa a se yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl ki kalifye ki dwe fè l. — Gade paragraf 15 pou n ka konn ki jan pou n fè patisipasyon ki gen konvèsasyon yo.
7. Fason pou w kòmanse konvèsasyon: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la dwe gen menm sèks, oubyen yo dwe nan menm fanmi. Yo ka chwazi chita oswa kanpe. — Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè ak kad ou ka itilize pou patisipasyon sa a, gade paragraf 12 ak 13.
8. Pousuiv enterè moun yo: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la dwe gen menm sèks (km-F 5 97 p. 2). Yo ka chwazi chita oswa kanpe. Elèv la dwe montre ki sa pou n di lè nou retounen vizite yon moun ki te montre l enterese. — Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè ak kad ou ka itilize pou patisipasyon sa a, gade paragraf 12 ak 13.
9. Fason pou w fè disip: Yo ka bay yon frè oswa yon sè asiyasyon elèv sa a. Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la dwe gen menm sèks (km-F 5 97 p. 2). Yo ka chwazi chita oswa kanpe. Lè demonstrasyon an se yon etid biblik ki deja kòmanse, yo pa bezwen fè entwodiksyon oswa konklizyon, amwenske se sou youn nan pwen sa yo menm elèv la ap travay. Li pa nesesè pou yo li tout pòsyon yo asiyen yo awotvwa, byenke yo ka fè sa.
10. Esplike kwayans ou: Lè patisipasyon sa a se yon diskou, se yon gason ki dwe fè l. Lè se yon demonstrasyon, yo ka bay yon frè oswa yon sè fè l. Elèv la ak moun k ap fè patisipasyon an avè l la dwe gen menm sèks, oubyen yo dwe nan menm fanmi. Elèv la dwe bay yon repons ki klè pou kesyon yo poze a ki baze sou enfòmasyon ki nan referans yo ba li a, e li dwe montre li gen konsiderasyon pou lòt moun. Elèv la ka deside site piblikasyon yo ba li kòm referans pou patisipasyon l lan si l vle.
11. Diskou: Se yon frè y ap bay asiyasyon sa a piske se yon diskou l ap fè pou kongregasyon an. Lè diskou a baze sou yon pwen ki nan Apendis A bwochi Renmen moun nan, elèv la dwe met aksan sou fason nou ka itilize vèsè yo nan travay predikasyon an. Pa egzanp, li ka esplike ki lè yo ka itilize yon vèsè, sans vèsè a, ak fason nou ka rezone sou vèsè a ak yon moun. Lè diskou a baze sou yon pwen ki soti nan youn nan leson ki nan bwochi Renmen moun nan, elèv la dwe met aksan sou fason pou n aplike pwen an nan travay predikasyon an. Li ka montre egzanp ki nan pwen 1 leson an, oubyen pale sou nenpòt nan lòt vèsè ki nan leson an, si sa nesesè.
12. Sijè: Enfòmasyon ki nan paragraf sa a ak paragraf ki vin apre a se pou asiyasyon ki baze sou pati ki gen tit “Fason pou w kòmanse konvèsasyon” ak “Pousuiv enterè moun yo”. Si elèv la pa t resevwa lòt enstriksyon, li dwe gen objektif pou l pataje yon verite biblik tou senp ki enterese moun l ap pale avè l la, epi poze baz pou yon lòt konvèsasyon. Elèv la dwe chwazi yon sijè ki enterese moun nan zòn l ap preche a. Se li k ap deside si l ap prezante yon piblikasyon oswa yon videyo ki nan Bwat zouti pou anseye a. Olye elèv yo aprann prezantasyon y ap fè a pakè, yo dwe chèche amelyore kapasite yo genyen pou yo fè konvèsasyon, tankou pale yon fason ki natirèl e yon fason ki montre yo enterese nan moun.
13. Kad: Elèv la dwe travay kad yo ba li a selon reyalite zòn li an. Pa egzanp:
(1) Kay an kay: Kad sa a gen ladan l preche pòt an pòt, kit se an pèsòn, nan telefòn, oswa pa mwayen lèt, epi pousuiv enterè moun nan te montre dènye fwa nou te pale avè l lakay li.
(2) Temwayaj enfòmèl: Kad sa a se lè nou pwofite okazyon kote nou gen konvèsasyon nòmal ak moun yo pou n ba yo temwayaj. Sa ka gen ladan l pataje yon panse biblik ak moun nan travay ou, nan lekòl ou, nan vwazinaj ou, nan transpò piblik, oswa lòt kote pandan w ap mennen aktivite w.
(3) Temwayaj piblik: Kad sa a gen ladan l bay temwayaj ak charyo, al preche nan zòn ki gen biznis, bay temwayaj nan lari, oswa sou plas piblik, nan pakin, oswa nenpòt kote nou ka jwenn moun.
14. Fason pou w itilize videyo yo ak piblikasyon yo: Selon sitiyasyon an, elèv la ka chwazi prezante yon videyo oswa yon piblikasyon. Si yon patisipasyon elèv gen yon videyo ladan l, oubyen elèv la chwazi prezante yon videyo, li dwe entwodui videyo a, fè yon ti pale sou li, men li pa bezwen pase l.
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
15. Apre nou fin chante kantik la, nan 15 minit ki vin apre yo, y ap fè youn oswa de patisipasyon pou ede moun nan asistans lan wè ki jan Pawòl Bondye a kapab itil yo. Si pa gen lòt enstriksyon, yo ka bay ansyen oswa sèvitè ministeryèl ki kalifye fè patisipasyon sa yo, men, se ansyen yo ki dwe fè bezwen kongregasyon yo. Lè yon patisipasyon se yon konvèsasyon, oratè a kapab poze lòt kesyon anplis kesyon ki nan patisipasyon an. Li dwe fè yon entwodiksyon tou kout pou l ka kite ase tan pou l pale sou pwen prensipal yo e pou oditwa a ka fè kòmantè. Si yo mande yon moun pou l fè yon entèvyou, depi sa posib, li pi bon pou moun y ap entèvyouwe a monte sou lestrad la olye l ret chita nan plas li.
16. Etid biblik kongregasyon an: Trant minit. Se yon ansyen kalifye yo dwe bay fè l. (Kongregasyon ki pa gen anpil ansyen ka sèvi ak sèvitè ministeryèl ki kalifye si sa nesesè.) Gwoup ansyen an dwe chèche wè kiyès ki kalifye pou kondui Etid biblik kongregasyon an. Moun yo apwouve yo dwe byen kondui etid la, yo dwe fini alè, yo dwe met aksan sou vèsè kle yo, e yo dwe ede tout moun wè ki jan pwen ki nan etid la ap itil yo nan lavi yo. L ap bon pou yo revize enstriksyon ki montre fason pou yo fè patisipasyon ki gen kesyon ak repons (w23.04 p. 24, kare). Depi kondiktè a fin egzamine tout pati yo te pwograme pou semèn nan nèt, li pa nesesè pou l fin fè tout trant minit lan. Depi sa posib, chak semèn, l ap bon pou yo chanje kondiktè a ak lektè a. Si prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a mande pou yo redui nan tan etid la, se kondiktè etid biblik la k ap deside ki jan l ap fè sa. Li ka chwazi ki paragraf li pap fè lektè a li.
PAWÒL KONKLIZYON
17. Twa minit. Prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap fè yon revizyon sou kèk pwen yo te wè nan reyinyon an k ap vrèman itil moun yo. Depi gen tan pou sa, li kapab envite asistans lan fè kòmantè sou pwen yo te wè ki te itil yo. Epitou, li dwe bay yon apèsi sou sa n pral wè nan reyinyon semèn pwochèn nan. Li ka site non elèv k ap gen patisipasyon lòt semèn nan, si gen tan pou sa. Si pa gen lòt enstriksyon, se prezidan an ki dwe li nenpòt anons oswa lèt ki nesesè pou kongregasyon an nan pawòl konklizyon l yo. Li pap bay enfòmasyon tankou aranjman ki fèt pou predikasyon oswa pwogram netwayaj sou lestrad la. Y ap mete enfòmasyon sa yo sou tablo enfòmasyon an. Si l pap ka fè yon anons oswa li yon lèt nan tan ki prevwa pou pawòl konklizyon yo, li ta dwe mande frè k ap fè patisipasyon nan pati Lavi nou antanke kretyen an pou yo redui patisipasyon pa yo, depi sa posib (gade paragraf 16 ak 19). L ap fini reyinyon an ak yon kantik e ak yon priyè.
FELISITASYON AK KONSÈY
18. Apre chak asiyasyon elèv, prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a gen anviwon yon minit pou l bay felisitasyon ak konsèy ki baze sou pwen y ap travay la. Lè l ap entwodui yon asiyasyon elèv, li pa dwe anonse sou ki pwen elèv la ap travay. Men, lè asiyasyon an fini e apre li fin felisite elèv la, li ka fè konnen sou ki pwen elèv la t ap travay, sa k fè elèv la byen travay pwen sa a, oubyen avèk jantiyès, li ka esplike poukisa e ki jan elèv la ka pi byen travay pwen an. Epitou, li ka pale sou lòt pati nan patisipasyon elèv la si l santi sa ap itil elèv la oswa asistans lan. Selon bezwen chak elèv, li ka ba yo lòt konsèy ki pozitif ki baze sou bwochi Renmen moun nan, bwochi Ansèyman an oswa liv Lekòl ministè a an prive apre reyinyon an, oswa yon lòt lè, swa sou leson elèv la t ap travay la, oswa yon lòt leson. — Gade paragraf 19, 24, ak 25 pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou wòl prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ak wòl konseye adjwen an.
TAN
19. Okenn patisipasyon pa dwe depase tan yo prevwa pou li a, ni kòmantè prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Byenke pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a bay konbyen tan chak patisipasyon dwe dire, si n deja fin byen egzamine pwen ki nan patisipasyon an, li pa nesesè pou n ajoute sou pwen yo pou n fin fè lè a. Si patisipasyon an depase tan yo te prevwa pou li a, prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a oswa konseye adjwen an dwe bay moun ki fè patisipasyon an konsèy an prive. (Gade paragraf 24 ak 25.) Reyinyon an dwe dire 1 èdtan 45 minit, kantik ak priyè nan tan sa a.
VIZIT SIVEYAN SIKONSKRIPSYON
20. Lè kongregasyon an gen vizit siveyan sikonskripsyon, pwogram nan dwe fèt selon enstriksyon ki nan dokiman Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, sepandan, siveyan sikonskripsyon an ap fè yon diskou sèvis ki dire 30 minit nan plas Etid biblik kongregasyon an ki nan pati Lavi nou antanke kretyen an. Anvan diskou sèvis sa a, prezidan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap fè revizyon pwogram nan, l ap bay apèsi sou pwogram lòt semèn nan, l ap fè anons ki nesesè yo, l ap li lèt ki nesesè yo, epi l ap entwodui siveyan sikonskripsyon an. Lè siveyan sikonskripsyon an fin fè diskou sèvis la, l ap fini reyinyon an ak yon kantik li chwazi. Li ka mande yon lòt frè fè priyè final la. Pandan vizit siveyan sikonskripsyon an, pap gen okenn patisipasyon elèv nan lòt klas nan lang kongregasyon an. Yon gwoup ka toujou fè reyinyon menm lè siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon gwoup la depann de li a. Men, lè siveyan sikonskripsyon an ap bay diskou sèvis, gwoup la dwe reyini ansanm ak kongregasyon an pou l suiv diskou yo.
SEMÈN ASANBLE SIKONSKRIPSYON OSWA KONGRÈ REJYONAL
21. Nan semèn kongregasyon an gen asanble sikonskripsyon oswa kongrè rejyonal, yo pap fè reyinyon. Yo dwe raple pwoklamatè yo pou yo egzamine enfòmasyon yo bay nan pwogram pou semèn nan poukont yo, oswa an fanmi.
SEMÈN MEMORYAL LA
22. Lè Memoryal la tonbe nan yon jou lasemèn, pap gen reyinyon Lavi nou ak travay nou fè pou semèn sa a.
SIVEYAN REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ A
23. Gwoup ansyen an ap chwazi youn nan ansyen yo pou sèvi kòm siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Se ansyen sa a ki dwe asire l reyinyon an byen òganize e li fèt ann amoni ak enstriksyon yo. Li dwe toujou gen bon kominikasyon ak konseye adjwen an. Kou nou resevwa Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a ap prepare asiyasyon elèv yo pou peryòd de mwa a. Sa gen ladan l asiyasyon moun ki pa elèv yo, asiyasyon prezidan an ak asiyasyon elèv yo, l ap chwazi moun sa yo pami moun gwoup ansyen an apwouve. (Gade paragraf 3-16 ak 24.) Lè l ap bay yon elèv asiyasyon, li dwe panse ak laj elèv la, eksperyans li, e l ap gade si elèv la ap alèz pou l pale sou sijè a. L ap fè menm jan an lè l ap asiyen lòt pati nan reyinyon an. Li dwe fè chak elèv jwenn asiyasyon yo omwen twa semèn anvan dat patisipasyon an. Li dwe sèvi ak fich Asiyasyon pou reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a (S-89) pou l fè sa. Frè ki siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a dwe asire l gen yon pwogram asiyasyon pou tout semèn nan sou tablo enfòmasyon an. Gwoup ansyen an ka chwazi yon lòt ansyen, oswa yon sèvitè ministeryèl, pou ede siveyan reyinyon Lavi nou an. Sepandan, se sèl ansyen yo ki dwe bay asiyasyon pou patisipasyon ki pa pou elèv yo.
PREZIDAN REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ A
24. Chak semèn, yon ansyen ap prezide reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a nan tan reyinyon an dwe fèt la. (Kote ki pa gen ase ansyen, yo ka chwazi sèvitè ministeryèl ki kalifye pou prezide reyinyon an.) Prezidan an ap prepare pawòl entwodiksyon ak pawòl konklizyon yo. Epitou, l ap entwodui tout patisipasyon nan reyinyon an, e selon kantite frè ki gen nan gwoup ansyen an, li ka fè lòt patisipasyon nan reyinyon an, sitou patisipasyon kote se jis yon videyo y ap pase, e pap gen konvèsasyon. Li dwe fè kòmantè ki trè kout apre chak patisipasyon. Gwoup ansyen an ap deside ki ansyen ki kalifye pou jwe wòl sa a. Y ap bay ansyen ki kalifye yo asiyasyon pou yo prezide reyinyon an sou baz yon pwogram ki fèt pa woulman. Selon sitiyasyon yo, yo ka bay frè ki siveyan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a prezide reyinyon an pi souvan pase lòt ansyen kalifye yo. Si yon ansyen kalifye pou l kondui Etid biblik kongregasyon an, petèt li kalifye tou pou l prezide reyinyon an. Sepandan, silvouplè, sonje ansyen ki kalifye pou prezide reyinyon yo ap gen pou yo bay elèv yo bonjan felisitasyon, e si sa nesesè, yo ka bay kèk konsèy avèk lanmou. Anplis de sa, prezidan reyinyon an ap veye pou reyinyon an fini alè. (Gade paragraf 17 ak 19.) Si prezidan an vle e si gen ase espas pou sa, yo ka met yon mikwo sou pye pou li pou l ka entwodui chak patisipasyon pandan moun ki pral fè patisipasyon an ap pran plas sou lestrad la. Konsa tou, prezidan an ka vle chita devan yon tab pandan y ap fè lekti Labib la ak patisipasyon ki nan seksyon Byen prepare w pou travay predikasyon an. Sa ka fè l pèdi mwens tan.
KONSEYE ADJWEN AN
25. Responsablite konseye adjwen an se bay ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo konsèy an prive, lè sa nesesè, pou nenpòt patisipasyon yo fè, sa gen ladan l patisipasyon yo fè nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, diskou piblik, lè y ap kondui oswa lè y ap fè lekti nan Etid Toudegad la, oswa nan Etid biblik kongregasyon an. — Gade paragraph 19.
LÒT KLAS
26. Selon kantite elèv ki genyen, kongregasyon yo ka fè lòt klas pou asiyasyon elèv yo. Chak lòt klas dwe gen yon frè kalifye kòm konseye. Li ka pi bon pou se yon ansyen ki fè sa. Lè sa nesesè, yo ka sèvi ak yon sèvitè ministeryèl ki byen kalifye pou sa. Se gwoup ansyen an ki dwe deside kiyès ki kapab jwe wòl sa a e si yo dwe fè woulman ladan l. Frè k ap bay konsèy la dwe suiv metòd yo bay nan paragraph 18 la. Si gen lòt klas, yo dwe mande elèv yo pou yo ale apre patisipasyon ki gen tit Trezò espirityèl ki nan seksyon Trezò ki nan Pawòl Bondye a. Elèv yo dwe retounen nan sal prensipal la apre patisipasyon dènye elèv la.
VIDEYO
27. Yo byen chwazi videyo y ap itilize nan reyinyon sa a. Videyo pou reyinyon lasemèn yo ap disponib nan aplikasyon JW Library®a, e yo ka gade yo sou divès kalite aparèy.
© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
S-38-CR 9/25