BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w03 1/8 p. 21-26
  • Jewova, Bondye verite a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova, Bondye verite a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Jewova konnen laverite
  • Jewova veridik
  • Jewova revele laverite
  • Kenbe laverite fèm
  • Jewova egzije “ yon fwa san ipokrizi ”
  • Annou imite Bondye verite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Ann kontinye di laverite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Èske laverite toujou enpòtan?
    Kèk lòt sijè
  • Se pou nou di verite lè n ap pale ak pwochen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
w03 1/8 p. 21-26

Jewova, Bondye verite a

“ Ou rachte mwen, o Jewova, Bondye verite a. ”— SÒM 31:5.

1. Kòman sa te ye nan syèl la ak sou tè a lè manti pa t egziste ?

TE GEN yon lè manti pa t egziste. Kreyati espirityèl pafè k ap viv nan syèl la t ap sèvi Kreyatè yo a, “ Bondye verite a ”. (Sòm 31:5.) Pa t gen manti, pa t gen twonpri. Jewova te konn di pitit espirityèl li yo laverite. Li te fè sa paske li renmen yo, e paske li enterese anpil nan byennèt yo. Sou tè a, se te menm bagay la. Jewova te kreye premye gason ak premye fi a, e pa mwayen yon filyè li te met an plas, li te toujou kominike avèk yo yon fason ki klè, ki senp e ki veridik. Nou pa bezwen mande ki jan sa te bèl !

2. Ki moun ki vin ak manti, e poukisa ?

2 Sepandan, annapre, gen yon pitit espirityèl Bondye ki oze kanpe kòm yon dye pou fè konkirans ak Jewova. Kreyati espirityèl sa a, yo vin konnen kòm Satan Ledyab la, te vle moun vin adore l. Pou l atenn objektif li, li vin ak manti kòm yon mwayen pou mete moun anba kontwòl li. Lè l fè sa, li vin ‘ yon mantè e li vin papa manti ’. — Jan 8:44.

3. Ki jan Adan ak Èv te reyaji devan manti Satan yo, e ki rezilta sa te bay ?

3 Pa mwayen yon sèpan, Satan te di Èv, premye fi a, si l pa okipe kòmandman Bondye a epi l manje fwi entèdi a, li pap mouri. Sa a se te yon manti. Apre sa, li di Èv si l manje fwi entèdi a, l ap vin menm jan ak Bondye, l ap konn sa k byen, l ap konn sa k mal. Sa a tou se te yon manti. Menmsi yo potko janm bay Èv manti, fòk li te rekonèt sa l te tande nan bouch sèpan an pa t ann amoni ak sa Bondye te di Adan, mari l la. Aktout sa, li te pito kwè Satan olye l kwè Jewova. Lè yo fin byen pran Èv nan plan, li pran fwi a e li manje l. Annapre, Adan manje nan fwi a tou (Jenèz 3:1-6). Menm jan ak Èv, Adan potko janm tande yon manti anvan sa, men li menm, yo pa t twonpe l (1 Timote 2:14). Nan fason Adan aji, li montre li rejte Sila ki te fè l la. Konsekans yo te vin tèrib pou limanite. Akoz dezobeyisans Adan an, peche ak lanmò, ansanm ak koripsyon ak tout kalite soufrans gaye kò yo sou tout desandan li yo. — Women 5:12.

4. a) Ki manti ki te fèt ann Edenn ? b) Ki sa nou dwe fè pou Satan pa twonpe nou ?

4 Manti vin gaye tou. Nou dwe rekonèt manti sa yo yo te bay nan jaden Edenn nan se yon atak kont Jewova menm, li menm ki veridik e ki entèg. Satan te pretann Bondye t ap twonpe premye mesyedam yo, kòmkwa Bondye t ap kache yo yon bon bagay. Natirèlman, se pa t vre. Adan ak Èv pa t jwenn okenn avantaj nan dezobeyisans yo a. Yo mouri, egzakteman jan Jewova te di sa t ap rive a. Malgre sa, Satan te kontinye atake Jewova, pale Jewova mal, opwen plizyè syèk apre, apot Jan te enspire pou l ekri se Satan “ k ap twonpe tout latè ki abite ”. (Revelasyon 12:9.) Pou nou pa kite Satan Ledyab twonpe nou, nou dwe gen yon konfyans total nan Jewova ki veridik ak nan Pawòl li. Ki jan w ka rive devlope e ranfòse konfyans ou nan Jewova, e ki jan w ka rive fòtifye tèt ou kont twonpri ak manti Advèsè l la ap ankouraje ?

Jewova konnen laverite

5, 6. a) Ki kalite konesans Jewova posede ? b) Kòman konesans lèzòm ye parapò ak konesans Jewova ?

5 Labib toujou idantifye Jewova kòm sila a ki “ kreye tout bagay ”. (Efezyen 3:9.) Se li menm “ ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ansanm ak tout bagay ki ladan yo ”. (Travay 4:24.) Piske Jewova se Kreyatè a, li konnen laverite sou tout bagay. Annou pran yon egzanp : Imajine yon moun ki trase plan kay li epi apre sa li bati l, li plase tout travès ki nan kay la e li kloure tout ti klou. L ap konn kay sa a fen e byen, e l ap pi byen konnen l pase nenpòt ki obsèvatè. An jeneral, yon moun ki imajine yon bagay e ki reyalize l, li byen konnen bagay sa a. Menm jan an tou, Kreyatè a konnen tout ti detay konsènan sa l kreye yo.

6 Pwofèt Izayi te pale de lajè konesans Jewova yon bèl fason. Men sa nou li : “ Kiyès ki mezire dlo nan pla men l, ki pran mezi syèl la ak dwèt li, e ki met pousyè tè a nan yon mezi, oswa ki peze mòn yo nan yon aparèy, e ki peze kolin yo nan balans ? Kiyès ki pran mezi lespri Jewova, e kiyès ki tankou yon konseye pou li ki kapab fè l konnen yon bagay ? Avèk kiyès li te pale pou moun nan ta fè l konprann yon bagay, oubyen kiyès ki te aprann li chemen lajistis, oswa ki te aprann li konesans, oubyen ki fè l konnen bonjan chemen entèlijans toutbon an ? ” ​(Izayi 40:12-14). Vrèman, Jewova se “ yon Bondye konesans ” e li “ pafè nan konesans ”. (1 Samyèl 2:3 ; Jòb 36:4 ; 37:16.) Si n ap fè konparezon, ala piti konesans nou piti ! Malgre gwo konesans limanite ranmase, konpreyansyon nou sou kreyasyon fizik la pa menm rive nan ‘ lizyè chemen Bondye yo ’. Se tankou “ yon chwichwichwichwi ” konpare ak yon “ gwo kout loray ”. — Jòb 26:14.

7. Ki sa David te rekonèt konsènan konesans Jewova, e donk ki sa nou menm nou dwe rekonèt ?

7 Piske se Jewova ki kreye nou, lojikman li konnen nou byen. Wa David te rekonèt sa. Men sa li te ekri : “ O Jewova, ou egzamine m, e ou konnen m. Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou suiv sa ki nan panse m depi byen lwen. Lè m ap vwayaje ak lè m kouche tou long, ou mezire sa, e ou vin abitye ak tout wout mwen yo. Paske pa gen yon pawòl sou lang mwen, gade ! O Jewova, ou deja konnen l nèt. ” ​(Sòm 139:1-4). Natirèlman, David te konnen lèzòm gen libète pou yo deside. Bondye ban nou kapasite swa pou nou obeyi l swa pou nou dezobeyi l (Detewonòm 30:19, 20 ; Jozye 24:15). Toutfwa, Jewova konnen nou pi byen lontan pase nou konnen pwòp tèt nou. Li vle sa ki pi bon an pou nou, e li kapab dirije chemen nou yo (Jeremi 10:23). Annefè, pa gen okenn pwofesè, okenn espè, okenn konseye ki pi byen ekipe pou anseye nou laverite, pou fè nou vin saj e pou fè nou viv ak kè kontan.

Jewova veridik

8. Ki jan nou fè konnen Jewova veridik?

8 Konnen laverite se youn, toujou di laverite, toujou montre nou veridik se yon lòt. Pa egzanp, Dyab la te chwazi pou l pa t “ kenbe fèm nan laverite ”. (Jan 8:44.) Kontrèman ak Dyab la, Jewova ‘ gen laverite ann abondans ’. (Egzòd 34:6.) Ekriti yo toujou sètifye Jewova veridik. Selon sa apot Pòl deklare, “ li enposib pou Bondye bay manti ” e Bondye “ pa ka fè manti ”. (Ebre 6:18 ; Tit 1:2.) Bondye veridik, e sa se yon aspè enpòtan nan pèsonalite l. Nou ka konte sou Jewova, nou ka kwè nan li, paske li veridik. Li pa janm twonpe sèvitè fidèl li yo.

9. Nan ki sans non Jewova konekte ak laverite ?

9 Pwòp non Jewova sètifye li veridik. Non Bondye vle di : “ Li fè vin tounen ”. Non sa a idantifye Jewova antanke sila a ki vin tounen Moun k ap akonpli tout sa li pwomèt yo etap pa etap. Pyès lòt moun pa ka fè sa. Kòm Jewova pi wo pase tout sa ki egziste, anyen pa ka kontrekare reyalizasyon pwogram li yo. Nonsèlman Jewova veridik, men tou, se li menm sèl ki gen pouvwa ak sajès pou l fè tout sa l di tounen reyalite.

10. a) Nan ki okazyon Jozye te wè Jewova veridik ? b) Ki pwomès Jewova ou deja wè ki akonpli ?

10 Jozye se te youn pami pakèt moun ki te temwen gwo evènman ki sètifye Jewova veridik. Jozye te ann Ejip lè Jewova te voye dis plè sou nasyon sa a, e Jewova te gentan predi tout plè yo alavans. Epitou, Jozye te viv akonplisman pwomès Jewova te fè pou l delivre Izrayelit yo ann Ejip, epi mennen yo nan Latè pwomiz pou yo venk lame pisan Kananeyen yo ki opoze ak yo. Lè Jozye te rive nan fen vi li, men sa l te di ansyen ann Izrayèl yo : “ Nou byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe. ” ​(Jozye 23:14). Menmsi ou pa wè mirak Jozye te wè yo, pèsonèlman, èske w pa wè gen pwomès Bondye fè ki reyalize ?

Jewova revele laverite

11. Ki sa ki montre Jewova vle bay limanite laverite ?

11 Imajine yon paran ki gen gwo konesans men ki pa pale souvan ak pitit li. Èske w pa byen kontan dèske Jewova pa konsa ? Avèk amou, Jewova kominike ak limanite, e li fè sa san mezire. Ekriti yo rele l “ Gran Pwofesè ”. (Izayi 30:20.) Akoz lanmou fidèl ki lakay Jewova, li enterese menm ak moun ki pa dispoze koute l. Pa egzanp, Ezekyèl te gen misyon pou l preche moun Jewova te konnen ki pa t ap koute. Men sa Jewova te di l : “ Pitit gason lòm, ale, antre nan mitan mezon Izrayèl la, e ou dwe sèvi ak pawòl mwen yo pou w pale avèk yo. ” Apre sa, li bay avètisman sa a : “ Yo pap vle koute w, paske yo pa vle koute m. Paske tout moun nan mezon Izrayèl la gen tèt di e yo gen kè di. ” Se te yon misyon difisil, men, Ezekyèl te akonpli l avèk fidelite, e konsa li te montre li gen menm konpasyon ak Jewova. Si w gen yon asiyasyon ki difisil anrapò ak travay predikasyon an e ou konte sou Bondye, ou mèt sèten l ap ba ou fòs menm jan li te fè pou pwofèt li Ezekyèl. — Ezekyèl 3:4, 7-9.

12, 13. Pa ki mwayen Bondye konn kominike ak lèzòm ?

12 Jewova vle “ pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) Li pale pa mwayen pwofèt, pa mwayen zanj, e menm pa mwayen Jezi Kris, Pitit li renmen anpil la (Ebre 1:1, 2 ; 2:2). Jezi te di Pilat : “ Se poutèt sa mwen fèt, e se poutèt sa mwen vini nan lemonn : pou m rann temwayaj pou laverite. Tout moun ki nan kan laverite ap koute vwa m. ” Pilat te jwenn yon bèl okazyon pou Pitit Bondye a te anseye l dirèkteman sou dispozisyon Jewova pran pou bay delivrans. Sepandan, Pilat pa t nan kan laverite, e li pa t vle aprann nan men Jezi. Olye de sa, avèk yon ton meprizan, Pilat te pito reponn : “ Sa k laverite a ? ” ​(Jan 18:37, 38). Se domaj pou li ! Toutfwa, anpil moun te koute verite Jezi t ap pale yo. Men sa l te di disip li yo : “ Je nou byennere paske y ap gade, ni zòrèy nou paske y ap tande. ” — Matye 13:16.

13 Jewova konsève laverite pa mwayen Labib e li fè laverite disponib pou moun toupatou. Labib revele bagay yo jan yo ye a. Li dekri kalite prensipal Bondye yo, pwogram li yo ak kòmandman li yo tou kòm li dekri vrè sitiyasyon limanite. Nan yon priyè, Jezi te di Jewova : “ Pawòl ou se verite. ” ​(Jan 17:17). Se poutèt sa, Labib se yon liv ki san parèy. Se sèl liv sa a ki ekri anba enspirasyon Bondye, li menm ki konnen tout bagay (2 Timote 3:16). Se yon gwo kado limanite resevwa, yon kado sèvitè Bondye yo bay anpil valè. Li ta saj pou nou li l chak jou.

Kenbe laverite fèm

14. Bay egzanp kèk bagay Jewova di l ap fè, e esplike poukisa nou dwe kwè l ?

14 Nou dwe pran oserye sa Jewova di nou nan Pawòl li. Sa li di li ye a, se sa li ye vre, e sa li di l ap fè a, l ap fè l vre. Nou gen tout rezon pou nou kwè nan Bondye. Nou ka kwè lè Jewova di l ap fè “ vanjans lan vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ”. (2 Tesalonisyen 1:8.) Nou kapab kwè Jewova sou pawòl tou lè l di li renmen moun k ap chèche lajistis, lè li di l ap bay moun ki gen lafwa yo lavi etènèl, e lè l di l ap elimine doulè, rèl e menm lanmò. Dènye pwomès sa a merite pou nou fè l konfyans. Jewova te souliye sa nan yon enstriksyon li te bay apot Jan kote l di : “ Ekri, paske pawòl sa yo fidèl epi yo veridik. ” — Revelasyon 21:4, 5 ; Pwovèb 15:9 ; Jan 3:36.

15. Ki manti konsa Satan ap ankouraje ?

15 Satan se egzakteman lekontrè ak Jewova. Olye pou l eklere moun, li pito twonpe yo. Objektif li se detounen moun de vrè adorasyon an. Pou Satan atenn objektif sa a, l ap ankouraje yon bann manti. Pa egzanp, Satan ta vle fè nou kwè Bondye pa sou bò nou, e tout soufrans ki gen sou tè a pa di l anyen. Sepandan, Labib montre Jewova enterese anpil nan kreyati li yo e li rayi mechanste ak soufrans (Travay 17:24-30). Satan vle fè nou kwè tou pousuiv objektif espirityèl se tan pèdi. Tandiske Ekriti yo asire nou “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l ”. Dayè, Ekriti yo deklare “ li tounen sila ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” — Ebre 6:10 ; 11:6.

16. Poukisa kretyen yo dwe rete vijilan e kenbe laverite fèm ?

16 Apot Pòl ekri Satan se ‘ dye sistèm de choz sa a k ap vegle entèlijans moun ki enkredil yo, dekwa pou limyè bon nouvèl glorye a, bon nouvèl konsènan Kris ki pòtre Bondye a, pa rive pèse ’. (2 Korentyen 4:4.) Gen kèk moun Satan Ledyab twonpe yo nèt, menm jan l te twonpe Èv. Gen lòt ki pran wout Adan an, yo menm se pa twonpe yo twonpe, men yo chwazi toutespre chemen dezobeyisans lan (Jid 5, 11). Donk, li enpòtan pou kretyen yo rete vijilan e pou yo kenbe laverite fèm.

Jewova egzije “ yon fwa san ipokrizi ”

17. Ki sa nou dwe fè pou nou gen favè Jewova ?

17 Piske Jewova veridik nan tout sa l ap fè, li mande moun k ap adore l yo pou yo veridik tou. Men sa salmis la te ekri : “ O Jewova, kiyès ou va envite nan tant ou ? Kiyès ki va abite nan montay sakre w la ? Sila a k ap mache san defo, k ap pratike lajistis e k ap pale laverite nan kè l. ” ​(Sòm 15:1, 2). Lè Juif ki t ap chante pawòl sa yo te mansyone montay sakre Jewova a, san dout sa fè nou sonje montay Siyon, montay kote wa David te pote lach alyans lan al mete nan tant li te fè nan zòn sa a (2 Samyèl 6:12, 17). Montay la ak tant lan fè nou sonje kote Jewova abite nan yon sans senbolik. La a, moun yo ka vin bò kote Bondye pou sipliye l pou l ba yo favè l.

18. a) Ki sa sa mande pou yon moun zanmi Bondye ? b) De ki sa yo pral pale nan atik ki vin apre a ?

18 Nenpòt moun ki vle zanmi Jewova dwe pale laverite non sèlman nan bouch li, men “ nan kè l ” tou. Vrè zanmi Bondye yo dwe gen yon kè onèt e yo dwe bay prèv yo gen yon “ fwa san ipokrizi ” paske aksyon veridik soti nan kè (1 Timote 1:5 ; Matye 12:34, 35). Yon zanmi Bondye pa nan mètdam ni li pap twonpe moun, paske “ moun k ap [...] twonpe moun, Jewova deteste l ”. (Sòm 5:6.) Temwen Jewova yo sou tout tè a ap fè gwo efò pou yo veridik menm jan ak Bondye. Atik ki vin apre a pral egzamine sijè sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa k fè Jewova konnen laverite konsènan tout bagay ?

• Ki sa ki montre Jewova veridik ?

• Ki fason Jewova revele laverite ?

• Nan sa ki gen rapò ak laverite, ki sa yo mande pou nou fè ?

[Foto nan paj 22]

Bondye verite a konnen tout bagay sou sa l kreye.

[Foto nan paj 24, 25]

Pwomès Jewova yo pral tounen reyalite.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje