BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w04 1/4 p. 3
  • 666 : Èske se tou senpleman yon mistè ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 666 : Èske se tou senpleman yon mistè ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa 666 vle di?
    Repons Bib la bay
  • Ann idantifye bèt sovaj la ak mak li a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki sa bèt sovaj ki gen sèt tèt ki nan Revelasyon chapit 13 la ye?
    Repons Bib la bay
  • Liv Revelasyon an: Ki sa l anonse pou ènmi Bondye yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
w04 1/4 p. 3

666 : Èske se tou senpleman yon mistè ?

‘ Pyès moun pa ka ni achte ni vann, sof moun ki gen mak la, ki gen non bèt sovaj la oswa chif non l lan. Se la yon moun ap bezwen sajès : Se pou moun ki gen entèlijans kalkile chif bèt sovaj la, paske se yon chif òm, e chif sa a se sis san swasannsis. ’ — Revelasyon 13:17, 18.

PA GEN anpil sijè nan Bib la ki eveye enterè konsa lakay moun ni ki enkyete moun plis pase pwofesi ki konsène mak oubyen non bèt sovaj la : chif 666 la. Kit se nan televizyon, sou Entènèt, nan sinema, nan liv ak nan jounal, yo pa janm sispann fè devinèt sou sijè sa a.

Gen kèk moun ki kwè 666 la se mak antikris Bib la pale a. Gen lòt moun ki di se yon sòt de mak yon moun oblije genyen pou idantifye l. Li tankou yon tatwaj oswa yon sikui entegre ki gen yon kòd dijital sou li yo foure nan kò yon moun ki pèmèt yo idantifye moun nan kòm yon sèvitè bèt la. Gen lòt menm ki kwè 666 la se mak tout pap katolik yo genyen. Lèt ki nan tit ofisyèl pap la, Vicarius Filii Dei (Reprezantan Pitit Bondye a), yo ranplase yo ak chif women e yo fè yon seri de konbinezon ak chif sa yo pou yo vin jwenn 666. Gen moun menm ki di yo ka kalkile menm chif sa a ak non laten anperè women Dyokletyen oswa ak non ebre Seza Newon.a

Sepandan, entèpretasyon sa yo se imajinasyon, se envansyon, e yo pa menm ditou ak sa Bib la di sou mak bèt la, jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a. Bib la fè konnen lè Bondye pral mete yon pwen final nan sistèm sa a, kòlè l pral frape moun ki gen mak bèt la sou yo (Revelasyon 14:9-11 ; 19:20). Kidonk, pou nou rive konprann siyifikasyon chif 666 la, sa mande plis pase annik rezoud yon jwèt pasyans ki enteresan. Erezman, Jewova Dye ki se lanmou an pèsonn, li menm ki sous limyè espirityèl la, li pa kite sèvitè l yo nan fènwa sou kesyon enpòtan sa a. — 2 Timote 3:16 ; 1 Jan 1:5 ; 4:8.

[Nòt anba paj]

a N ap jwenn plis detay sou kesyon nimewoloji a nan Réveillez-vous ! 8 septanm 2002.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje