BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w07 1/10 p. 3
  • Poukisa Bondye pèmèt mechanste ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bondye pèmèt mechanste ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa Bondye pèmèt lasoufrans ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Se konesans egzak sou Bondye ki bay rekonfò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Rezon ki fè tout soufrans pral fini talè konsa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
w07 1/10 p. 3

Poukisa Bondye pèmèt mechanste ?

TOUT moun kapab wè gen anpil move bagay k ap fèt sou tè a e gen anpil soufrans. Lagè touye ni sivil ni sòlda. Krim ak vyolans se bagay ki kouran. Petèt, pa gen lontan ou menm ou te viktim anba prejije ak enjistis. Selon sa w wè k ap fèt e selon sa k rive w, sandout ou konn poze tèt ou kesyon sa a : ‘ Poukisa Bondye pèmèt mechanste ? ’

Se pa premye fwa moun ap poze kesyon sa a. Sa gen 3 600 an depi Jòb, yon sèvitè Jewova ki te fidèl, te mande : “ Poukisa mechan yo kontinye ap viv ? ” ​(Jòb 21:7). Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, pwofèt Jeremi ki te twouble akoz move bagay konpatriyòt li yo t ap fè te poze kesyon sa a : “ Poukisa chemen mechan yo reyisi, e tout moun k ap komèt trayizon yo viv san enkyetid ? ” ​(Jeremi 12:1). Jòb ak Jeremi te konnen Bondye jis, poutan, yo te mande tèt yo poukisa gen tout mechanste sa a. Petèt ou menm tou sa twouble w.

Gen moun ki di se Bondye ki responsab mechanste ak soufrans. Gen lòt moun ki konn mande tèt yo : ‘ Si Bondye toupisan, si li jis e li gen lanmou, poukisa li pa met fen nan bagay mal k ap fèt yo e li pa met fen nan soufrans ? Poukisa li kite bagay mal kontinye ap fèt jis jounen jodi a ? ’ Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo ak lòt kesyon ankò ki enpòtan.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

AP Foto/Adam Butler

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje