BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • br-1 p. 13-17
  • Èske w pare pou jou Jewova a ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w pare pou jou Jewova a ?
  • Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Montre nou pare
  • Èske w dwe fè kèk chanjman ?
  • Ki kalite relasyon ou gen ak lòt moun ?
  • Pa fè pati monn nan
  • Gade pi lwen pase gran jou Jewova a
  • Rete pwòch ak Jewova
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Montre w pare pou jou Jewova a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • “ Gran jou Jewova a pre ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ann montre n pare pou lè jou Jewova a rive
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Atik n ap etidye ki soti nan Toudegad anglè desanm 2007
br-1 p. 13-17

Èske w pare pou jou Jewova a ?

“ Gran jou Jewova a pre. Li pre, e l ap prese anpil. ” — SEFÀNYA 1:14.

1-3. a) Ki sa Labib di an jeneral konsènan jou Jewova ? b) Ki “ jou Jewova ” n ap tann ?

GRAN jou Jewova a pa yon jou k ap dire 24 è. Se yon peryòd k ap pi long, e pandan peryòd sa a, Jewova pral egzekite jijman l sou mechan yo. Tout moun ki pa vle sèvi Jewova gen rezon pou yo pè jou tenèb sa a, yon jou firè ak gwo kòlè, yon jou detrès ak dezolasyon (Izayi 13:9 ; Amòs 5:18-20 ; Sefànya 1:15). Men sa pwofèt Yowèl di : “ Elas pou jou sa a ! Paske jou Jewova a tou pre, epi l ap vini tankou yon ravaj ki soti nan Toupisan an ! ” ​(Yowèl 1:15). Men, nan gran jou Jewova a, Bondye pral “ delivre moun ki gen kè yo dwat ”. — Sòm 7:10.

2 Ekspresyon “ jou Jewova ” a gen rapò ak jijman Jewova te egzekite nan divès epòk. Pa egzanp, gen yon “ jou Jewova ” ki te vini sou abitan Jerizalèm yo an 607 anvan epòk nou an, lè Jewova te sèvi ak Babilonyen yo pou l egzekite jijman l (Sefànya 1:4-7). Menm jan an tou, nan ane 70 epòk nou an, Jewova te sèvi ak Women yo pou l egzekite jijman l sou nasyon juif la ki te rejte Pitit Gason l lan (Dànyèl 9:24-27 ; Jan 19:15). Anplis de sa, Bib la predi yon lòt “ jou Jewova ” ankò, yon jou kote li pral ‘ fè lagè kont tout nasyon yo ’. (Zekarya 14:1-3.) Sou enspirasyon, apot Pòl te asosye jou sa a ak prezans Kris, yon peryòd ki kòmanse an 1914 lè Jezi te entwonize antanke Wa nan syèl la (2 Tesalonisyen 2:1, 2). Etandone li evidan jou sa a ap pwoche rapidman, tèks Temwen Jewova yo te chwazi pou ane 2007 la te vrèman apwopriye. Tèks sa a soti nan Sefànya 1:14. Li di : “ Gran jou Jewova a pre. ”

3 Piske gran jou Jewova a pre, si gen yon moman pou nou montre nou pare, se jodi a. Ki jan nou ka prepare nou pou jou sa a ? Èske gen lòt dispozisyon nou bezwen pran pou nou pare pou jou Jewova a ?

Montre nou pare

4. Pou ki gwo eprèv Jezi te prepare ?

4 Nan pwofesi Jezi Kris te bay konsènan konklizyon sistèm sa a, li te di disip li yo : “ Se pou nou montre nou pare. ” ​(Matye 24:44). Lè Jezi te di pawòl sa a, li menm li te pare pou yon gwo eprèv, anpalan de lanmò li ki t apral sèvi kòm sakrifis pou rachte nou (Matye 20:28). Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te prepare l ?

5, 6. a) Ki jan lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou ede nou prepare nou pou jou Jewova a ? b) Ki egzanp Jezi bay konsènan lanmou nou dwe genyen pou pwochen nou ?

5 Jezi te gen bonjan lanmou ni pou Jewova ni pou prensip jis li yo (Ebre 1:9). Men sa Ebre 1:9 di konsènan Jezi : “ Ou te renmen jistis e ou te rayi ilegalite. Se poutèt sa Bondye, Bondye w la, te wenn ou avèk luil kontantman plis pase konpayon w yo. ” Lanmou Jezi te gen pou Jewova, Papa l ki nan syèl la, te pèmèt li rete entèg anvè Jewova. Menm jan an tou, si nou gen lanmou pou Bondye e si nou viv ann amoni ak egzijans li yo, l ap pwoteje nou (Sòm 31:23). Menm jan ak Jezi, si nou demontre lanmou ak obeyisans pou Bondye, sa ap ede nou pare pou gran jou Jewova a.

6 Yon aspè remakab nou jwenn nan pèsonalite Jezi se lanmou li genyen pou lòt moun. Annefè, “ li te gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ”. (Matye 9:36.) Se poutèt sa, Jezi te preche yo bon nouvèl la. Menm jan an tou, lanmou pouse nou anonse pwochen nou yo mesaj Wayòm nan. Lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou pwochen nou fè nou rete aktif antanke minis kretyen, e konsa sa ede nou prepare nou pou gran jou Jewova a. — Matye 22:37-39.

7. Poukisa nou gen lajwa pandan n ap tann jou Jewova a ?

7 Jezi te pran plezi pou l fè volonte Jewova (Sòm 40:8). Si nou gen menm etadespri ak Jezi, n ap rejwi nou nan sèvis sakre n ap bay Bondye a. Menm jan ak Jezi, se pou nou montre nou se moun ki renmen bay, e sa ap pèmèt nou viv ak kè kontan toutbonvre (Travay 20:35). Wi, “ lajwa Jewova a se fòtrès nou ”. Grasa lajwa sa a, n ap pi byen prepare pou gran jou Jewova a. — Neyemya 8:10.

8. Poukisa kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, se moman pou nou pwoche bò kote Jewova nan lapriyè ?

8 Jezi te konn priye Bondye ak tout kè l, sa te ede l fè fas ak tout sikonstans ki t apral mete lafwa l aleprèv. Li t ap priye Jewova lè Jan Batis t ap batize l. Lè li t apral chwazi apot li yo, li te pase tout yon nuit ap priye Papa l (Lik 6:12-16). Èske gen yon moun k ap li Labib ki pap enpresyone lè l li resi kote Jezi t ap priye Bondye ak tout kè l nan dènye nuit li te pase sou tè a (Mak 14:32-42 ; Jan 17:1-26) ? Menm jan ak Jezi, èske ou se yon moun ki renmen lapriyè ? Li bon pou nou pwoche bò kote Jewova, e pou nou fè sa souvan. Li bon pou nou pran tan pou nou priye l, pou nou chèche direksyon lespri sen, e pou nou aksepte direksyon lespri sen ap ban nou. Nan tan kritik sa yo kote gran jou Jewova a ap pwoche rapidman, li esansyèl pou nou gen yon relasyon solid ak Papa nou ki nan syèl la. Nou pa dwe janm ezite pwoche bò kote Bondye nan lapriyè, e kounye a se moman pou nou fè sa plis toujou. — Jak 4:8.

9. Poukisa li enpòtan pou nou gen sousi pou non Jewova sangtifye ?

9 Sousi Jezi te gen pou l sangtifye non Jewova se yon lòt bagay ki te ede l prepare l pou eprèv li t apral rankontre yo. Anfèt, li te aprann disip li yo lè y ap priye pou yo mete demann sa a nan priyè yo : “ Se pou non w sangtifye. ” ​(Matye 6:9). Si nou ta renmen pou non Jewova sangtifye toutbonvre, oswa pou l rete yon non ki sakre, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou evite aji yon fason ki ta ka jete opwòb sou non l. Si nou fè sa, n ap pi byen prepare pou gran jou Jewova a.

Èske w dwe fè kèk chanjman ?

10. Poukisa li apwopriye pou nou egzamine lavi nou ?

10 Si jou Jewova a ta vini demen, èske w t ap pare pou jou sa a ? Li ta bon pou nou chak egzamine lavi nou pou wè si nou bezwen fè ajisteman nan konduit nou ak nan etadespri nou. Etandone jodi a lavi a kout e li pa sèten, se chak jou nou bezwen montre nou vijilan nan domèn espirityèl (Eklezyas 9:11, 12 ; Jak 4:13-15). Se poutèt sa, nou pral egzamine kèk aspè nan lavi nou ki merite atansyon.

11. Nan kesyon li Bib la, ki objektif ou fikse ?

11 Yon bagay ki enpòtan se suiv konsèy “ esklav fidèl ” la ban nou pou nou li Bib la chak jou (Matye 24:45). Nou ka fikse objektif pou nou li tout Bib la chak ane, soti nan Jenèz rive nan Revelasyon, epi pou nou medite sou sa nou li a. Si nou li kat chapit chak jou, n ap rive li tout 1 189 chapit ki nan Bib la nan yon ane. Ann Izrayèl, wa yo te dwe li liv Lalwa Jewova a “ toulejou nan lavi ” yo. Li evidan Jozye te fè sa (Detewonòm 17:14-20 ; Jozye 1:7, 8). Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou bèje espirityèl yo li Pawòl Bondye a chak jou, paske sa ap ede yo pataje “ ansèyman ki pwofitab ” la ak lòt moun ! — Tit 2:1.

12. Lefètke jou Jewova a pre, ki sa sa dwe pouse nou fè ?

12 Etandone jou Jewova a pre, sa dwe pouse nou asiste reyinyon yo regilyèman e sa dwe pouse nou patisipe ladan yo otank posib (Ebre 10:24, 25). Si nou fè sa, sa ap ede nou vin pi efikas antanke pwoklamatè Wayòm nan k ap chèche ede moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl yo (Travay 13:48). Petèt, nou kapab vin pi aktif nan kongregasyon an yon lòt fason. Pa egzanp, nou ka ede moun ki aje yo oswa nou ka fè ti pale ak jèn yo pou nou ba yo ankourajman. Si nou fè efò sa yo, se pa ti satisfaksyon n ap jwenn !

Ki kalite relasyon ou gen ak lòt moun ?

13. Nan kesyon abiye nou ak nouvo pèsonalite a, ki sa nou ka mande tèt nou ?

13 Piske jou Jewova a prèske rive, èske w bezwen fè yon pi gwo efò pou w “ abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè ” ? (Efezyen 4:20-24.) Si w ap kiltive kalite ki soti nan Bondye yo, l ap fasil pou lòt moun wè w ap ‘ mache selon lespri sen ’ e w ap manifeste fwi lespri a (Galat 5:16, 22-25). Èske gen kèk bagay byen presi ou menm ak fanmi w fè ki montre nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a (Kolosyen 3:9, 10) ? Pa egzanp, èske yo konnen w kòm moun ki renmen fè byen anvè kwayan parèy ou e anvè lòt moun (Galat 6:10) ? Si w etidye Labib regilyèman, sa ap ede w kiltive kalite ki soti nan Bondye, kalite k ap prepare w pou jou Jewova a.

14. Poukisa yon moun dwe priye pou l jwenn lespri sen pandan l ap fè efò pou l kiltive metriz ?

14 E si w gen tandans fè kòlè e ou wè ou bezwen plis metriz ? Metriz se yon kalite ki fè pati fwi lespri sen Bondye, e lespri sen kapab pwodui kalite sa a nan ou. Se poutèt sa, ou dwe priye pou w jwenn lespri sen, ann amoni ak pawòl sa a Jezi te di a : “ Kontinye mande e y ap ban nou, kontinye chèche e n ap jwenn, kontinye frape e y ap ouvri pou nou. [...] Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l ! ” — Lik 11:9-13.

15. Ki sa nou ta dwe fè si nou ta gen yon ti pwoblèm ak yon kwayan parèy nou ?

15 Ann sipoze ou ta gen yon ti pwoblèm ak yon kwayan parèy ou. Nan ka sa a, li t ap bon pou w fè tout sa w kapab pou w rezoud pwoblèm nan. Konsa, w ap kontribye pou gen lapè ak inite nan kongregasyon an (Sòm 133:1-3). Se pou nou aplike konsèy Jezi te bay nan Matye 5:23, 24 la ak sa ki nan Matye 18:15-17 la. Si nou gen abitid kite solèy la kouche sou nou tou irite, se pou nou aprann rezoud pwoblèm yo byen vit. Souvan, sa ki nesesè se annik dispoze padone lòt moun nan. Men sa Pòl te ekri : “ Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt san fòse menm jan Bondye padone nou san fòse grasa Kris. ” — Efezyen 4:25, 26, 32.

16. Nan ki sans li enpòtan pou yon moun ki marye trete konjwen l avèk konpasyon ?

16 Relasyon ki gen ant de moun ki marye mande pou youn trete lòt avèk konpasyon ak tandrès, e pafwa pou youn padone lòt. Si w marye e ou remake li nesesè pou w demontre plis lanmou ak plis konpasyon anvè konjwen w, se pou w fè tout sa w kapab pou w atenn objektif sa a grasa èd Bondye e grasa èd ou jwenn nan Pawòl li. Èske w bezwen fè efò pou w konfòme w ak pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 7:1-5 lan, yon fason pou w ka diminye strès nan maryaj la e pou w ka evite enfidelite ? Pa gen dout nan sa, relasyon ant de moun ki marye se yon aspè nan lavi a ki mande pou yon mari oswa yon madanm demontre li gen “ konpasyon ak tandrès ”.

17. Ki demach nou dwe fè si nou ta komèt yon peche grav ?

17 E si w komèt yon peche grav ? Osito sa posib, se pou w fè tout sa k nesesè pou w rezoud pwoblèm nan. Natirèlman, ou dwe chèche èd nan men ansyen yo. Priyè ansyen yo ap fè ak konsèy y ap ba ou ap ede w rejwenn lasante nan domèn espirityèl (Jak 5:13-16). Se pou w repanti epi priye Jewova. Si w pa fè sa, w ap toujou santi w koupab e w ap toujou gen yon konsyans ki twouble. David te komèt yon peche grav, men li te santi l soulaje apre l te fin konfese peche l bay Jewova. Men sa David te ekri : “ Byennere moun yo padone rebelyon l, moun yo kouvri peche l. Byennere moun Jewova pa mete erè li sou yon kont, moun ki pa gen twonpri nan lespri l. ” ​(Sòm 32:1-5). Jewova padone moun ki peche men ki repanti toutbonvre. — Sòm 103:8-14 ; Pwovèb 28:13.

Pa fè pati monn nan

18. Ki jan nou dwe konsidere monn nan ?

18 Se sèten, w ap tann monn nouvo a, yon monn estrawòdinè Papa nou ki nan syèl la pwomèt nou. Men, ki jan w konsidere monn nan ki konpoze ak moun enjis k ap viv lwen Bondye ? Satan, “ chèf monn nan ”, pa t gen priz sou Jezi Kris (Jan 12:31; 14:30). Se sèten ou pa vle Dyab la ak monn li an gen priz sou ou, donk se pou w prete atansyon ak pawòl apot Jan yo. Men sa l di : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. ” Se pi bon fason pou moun viv jodi a paske “ se pase monn nan ap pase e dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. — 1 Jan 2:15-17.

19. Ki objektif yo ankouraje jèn kretyen yo pou yo genyen ?

19 Èske w ede pitit ou ‘ rete san tach parapò ak monn nan ’ ? (Jak 1:27.) Satan ta renmen pran pitit ou yo nan pyèj menm jan yon moun tann zen pou kenbe pwason. Gen plizyè asosyasyon ak divès lòt òganizasyon yo mete sou pye pou fè jèn yo fè pati monn Satan an. Sepandan, sèvitè Jewova yo deja fè pati sèl òganizasyon k ap rete apre destriksyon sistèm mechan sa a. Se sa k fè, nou dwe ankouraje jèn kretyen yo pou yo gen ‘ anpil bagay pou yo fè nan travay Seyè a ’ ​(1 Korentyen 15:58). Paran ki gen atachman pou Bondye bezwen ede pitit yo fikse objektif k ap pèmèt yo mennen yon vi agreyab ki bay kè kontan, yon vi ki onore Bondye e k ap ede yo pare pou jou Jewova a.

Gade pi lwen pase gran jou Jewova a

20. Poukisa je nou dwe rete fikse sou lavi etènèl ?

20 Si je w rete fikse sou lavi etènèl, w ap kapab tann jou Jewova a san w pa enkyete w (Jid 20, 21). Lefètke w ap tann lavi etènèl nan paradi a, ou gen espwa pou w wè fòs jenès ou renouvle epi w ap gen tout letènite pou w pousuiv bonjan objektif e pou w aprann plis bagay toujou sou Jewova. Anfèt, ou pap janm fin konnen Bondye paske se sèlman “ lizyè chemen l yo ” lèzòm konnen (Jòb 26:14). Ala yon bèl avni k ap tann nou !

21, 22. Ki echanj enfòmasyon ki kapab genyen ant moun ki resisite yo ak nou menm ?

21 Nan paradi a, moun ki resisite yo ap kapab fè nou konnen kèk detay sou sa k te pase nan tan lontan. Enòk ap la pou l esplike nou ki sa k fè l te gen kouraj pou l deklare moun ki pa gen respè pou Bondye mesaj Li a (Jid 14, 15). Asireman, Noye pral rakonte nou ki travay sa te mande pou l rive konstwi lach la. Abraram ak Sara ap kapab fè nou konnen jan yo te santi yo lè yo t ap kite konfò yo te gen nan vil Ou pou yo t al viv anba tant. Nou ka panse ak Estè ki pral di nou tout ti detay konsènan jan li te defann enterè pèp li a ak jan li te kontrekare konplo Amàn te fè kont yo a (Estè 7:1-6). Imajine Yona ki pral pale nou sou twa jou li te pase nan vant gwo pwason an oswa Jan Batis ki pral esplike nou santiman li te epwouve lè l t ap batize Jezi (Lik 3:21, 22 ; 7:28). Ala bagay enteresan n ap gen pou nou aprann !

22 Pandan rèy milenè Kris la, petèt w ap gen privilèj pou w ede moun ki resisite yo “ jwenn konesans Bondye bay la ”. (Pwovèb 2:1-6.) Jodi a, se yon plezi pou nou wè moun yo ap aprann konnen Jewova Dye epi y ap aji ann amoni ak konesans sa a ! Men, depi kounye, nou kapab reflechi sou jwa nou pral genyen alavni, lè Jewova pral beni efò nou pral fè pou nou enstwi moun ki t ap viv nan tan lontan yo e ki pral demontre rekonesans yo.

23. Ki sa nou dwe detèmine pou nou fè ?

23 Jodi a, antanke sèvitè Jewova, byenfè nou resevwa yo plis pase sa nou menm, imen enpafè, nou ta kapab konte (Sòm 40:5). Nou rekonesan anpil pou manje espirityèl Bondye ban nou (Izayi 48:17, 18). Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou bay Jewova yon sèvis sakre ak tout kè nou toutpandan n ap tann gran jou Jewova a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa “ jou Jewova a ” ye ?

• Ki jan w kapab montre w pare pou jou Jewova a ?

• Etandone jou Jewova a tou pre, ki chanjman nou ka bezwen fè ?

• Ki sa w ap atann apre jou Jewova a ?

[Foto nan paj 14]

Jezi te montre li pare pou eprèv.

[Foto nan paj 17]

Ala yon bèl privilèj n ap genyen pou nou ede moun ki resisite yo aprann konnen Jewova !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje