BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/7 p. 11-13
  • Èske pwojè w yo ann amoni ak objektif Bondye ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske pwojè w yo ann amoni ak objektif Bondye ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Lè lèzòm fè pwojè ki pa ann amoni ak objektif Bondye
  • Yon nonm rich ki pa t gen bon sans
  • Lè yon moun ap chèche yon vi “ nòmal ”
  • Èske w “ rich anvè Bondye ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • “Se pou l pèmèt tout sa w planifye reyisi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sa ki vrèman enpòtan
    Koute gran Anseyan an
  • Pwovèb 16:3 — “Mande Seyè a pou l’ beni tout travay w’ap fè”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/7 p. 11-13

Èske pwojè w yo ann amoni ak objektif Bondye ?

GEN yon zwazo gri pal ki konn chante yo konn wè k ap vole nan rak bwa ki nan pati lwès Amerik di Nò a. Li ranmase anviwon 33 000 grenn bwa chak ane e li antere yo nan anviwon 2 500 kote pou l prepare pou mwa ivè yo ki fè frèt. Vrèman, ‘ gen lespri pase l nanpwen ’ ; e nou wè sa nan fason li estoke manje pou lavni. — Pwovèb 30:24.

Lèzòm yo menm gen yon kapasite ki pi estrawòdinè toujou. Pami tout kreyati Jewova yo sou tè a, se lèzòm ki gen yon kokenn kapasite pou yo tire leson nan eksperyans yo fè e pou yo kite leson sa yo gide yo nan pwojè y ap fè pou lavni. Salomon, yon wa ki te saj, te di lèzòm ‘ fè tout kalite lide nan tèt yo ’. — Pwovèb 19:21.

Menmsi lèzòm gen kapasite ki mansyone pi wo a, an jeneral, yo oblije planifye pwojè yo dapre sa yo panse lavni va pote. Pa egzanp, yon moun planifye aktivite li pral fè nan demen paske li panse solèy la ap leve e li menm l ap vivan toujou. Premye sa l panse a byen fonde, men dezyèm sa l panse a pa sèten. Paske, nòmalman, selon Jak, yon ekriven biblik, nou pa “ konnen sa lavi nou va ye denmen ”. — Jak 4:13, 14.

Sepandan, Jewova Dye li menm pa gen limit sa yo. “ Depi nan konmansman, [li konnen] jan sa pral ye. ” Volonte l ap akonpli kanmenm. Se sa k fè li di : ‘ Pwòp konsèy pa m ap kenbe, epi tout sa ki fè m plezi m ap fè l. ’(NW) (Izayi 46:10, [Ezayi]). Men, ki sa ki pase lè pwojè lèzòm yo pa ann amoni ak objektif Bondye ?

Lè lèzòm fè pwojè ki pa ann amoni ak objektif Bondye

Sa gen 4 000 an konsa, moun ki t ap bati Tou Babèl yo te vle anpeche lèzòm gaye sou tout tè a. Men sa yo te di : “ Annou wè ! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay [...] byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p’ap ka gaye nou toupatou sou latè. ” — Jenèz 11:4.

Sepandan, se pa objektif sa a Jewova te gen pou tè a. Li te òdone Noye ak pitit li yo pou yo “ fè anpil anpil pitit mete sou tè a ”. (Jenèz 9:1.) Rebèl ki te Babèl yo te gen objektif pa yo, men, ki sa Jewova te fè kont sa ? Li te fè yo vin ap pale diferan lang yon fason pou yo pa ka konprann youn lòt. Ki rezilta sa te bay ? Ebyen, ‘ Seyè a te gaye yo toupatou sou latè ’. (Jenèz 11:5-8.) Moun Babèl yo te oblije aprann yon leson enpòtan : lè pwojè lèzòm fè pa ann amoni ak objektif Bondye,“ sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive ”. (Pwovèb 19:21.) Èske w kite leson sa a ansanm ak lòt leson menm jan an nou jwenn nan evènman lontan yo enfliyanse lavi w ?

Yon nonm rich ki pa t gen bon sans

Se vre, ou gendwa pa planifye bati yon tou, sepandan, jodi a, gen anpil moun ki chèche gen yon gwo kont an bank e ki chèche ranmase byen materyèl yon fason pou yo ka viv alèz lè yo pran retrèt yo. Se yon bagay ki toutafè nòmal pou yon moun ki travay di rekòlte fwi travay li. Salomon te di : “ Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. ” — Eklezyas 3:13.

Nou responsab devan Jewova pou fason nou sèvi ak kado sa a, sètadi fwi nou rekòlte paske nou travay di. Sa gen prèske 2 000 an, Jezi te bay disip li yo yon egzanp pou l atire atansyon yo sou pwen sa a. Men sa l te di : “ Se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l’ anpil. Li t’ap di nan kè li : Kisa pou m’ fè ? Mwen pa gen plas pou m’ sere rekòt mwen yo. Apre sa li di : Bon. Men sa m’ap fè ; m’ap kraze depo m’ yo, m’ap bati lòt pi gwo pou m’ mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m’a di tèt mwen : Monchè, ou gen anpil byen an depo pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. ” ​(Lik 12:16-19). Pwojè nonm rich la te genyen an te parèt rezonab, pa vre ? Tankou zwazo nou te mansyone nan kòmansman an, mesye nan egzanp lan sanble t ap fè preparasyon pou sa l t ap gen bezwen alavni.

Sepandan, te gen yon pwoblèm nan fason li te panse a. Men sa Jezi di apre sa : “ Men, Bondye di li : Egare ! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y’a ye ? ” ​(Lik 12:20). Èske se demanti Jezi t ap demanti Salomon lè Salomon te di travay yon moun fè ak sa li rapòte l se kado Bondye ba li ? Non. Ki sa Jezi te vle fè konprann ? Men sa li te di : “ Se konsa sa ye tou pou moun k’ap ranmase byen pou tèt pa l’ men ki pa rich devan Bondye. ” — Lik 12:21.

Jezi t ap anseye moun ki t ap koute l yo Jewova vle pou nou sonje ni li menm ni volonte l lè n ap fè pwojè nou. Nonm rich la te ka vin rich devan Bondye si l te chèche fason pou l pwoche bò kote l, pou l vin gen plis sajès e pou l vin gen plis lanmou pou li. Pawòl li yo pa t montre li te enterese nan bagay sa yo. Yo pa t montre tou li te dispoze kite kèk fwi nan jaden l lan pou pòv yo al ranmase, ni yo pa t montre li te dispoze fè ofrann pou Jewova. Nonm rich la pa t enterese nan bagay espirityèl ni li pa t yon moun ki te konn fè bèl aksyon pou byen lòt moun. Li te fè pwojè l yo sèlman pou l satisfè dezi pa l e pou konfò pa l.

Èske w pa remake jodi a anpil moun gen menm priyorite ak nonm rich la ? Kit nou gen lajan, kit nou pòv, li fasil pou n vin yon moun ki materyalis, sa vle di pou n vin yon moun ki kite bezwen li genyen nan lavi a ak dezi l fè li met bagay espirityèl yo akote. Ki sa w kapab fè pou w pa tonbe nan pyèj sa a ?

Lè yon moun ap chèche yon vi “ nòmal ”

Kontrèman ak nonm rich nan egzanp Jezi a, ou menm se gendwa dlo w ap bat pou w fè bè. Kwak sa, si w marye, se sèten ou vle bay fanmi w sa yo bezwen nan lavi a e ou vle, si sa posib, pou pitit ou gen yon bon edikasyon. Si w selibatè, petèt se yon travay ou ta renmen jwenn oswa se renmen ou ta renmen kenbe travay ou genyen an, yon fason pou w pa vin yon chay pou pyès moun. Objektif nou sot site la yo se bon objektif. — 2 Tesalonisyen 3:10-12 ; 1 Timote 5:8.

Sepandan, travay, manje ak bwè, sa vle di, viv yon fason moun konsidere ki nòmal, kapab fè yon moun vin ap viv yon fason ki pa ann amoni ak volonte Bondye. Ki jan sa ka fèt ? Jezi te di : “ Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. Paske menm jan yo te ye nan jou sa yo anvan delij la, yo t ap manje yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo, jis nan jou Noye antre nan lach la, e yo pa t teni kont de anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit Gason lòm nan ap ye. ” — Matye 24:37-39, NW.

Anvan delij la, moun yo te gen yon vi yo te konsidere ki nòmal. Sepandan, pwoblèm nan sèke yo “ pa t teni kont ” de objektif Bondye te genyen pou l efase monn mechan an nan delij la. Se sèten yo te panse fason Noye t ap viv la pa t nòmal. Men, lè delij la te vini, se Noye ak fanmi l ki te montre yo vrèman saj nan fason yo t ap viv la.

Jodi a, tout prèv nou ka wè yo montre n ap viv nan tan lafen an (Matye 24:3-12 ; 2 Timote 3:1-5). Talè konsa, Wayòm Bondye a ‘ pral kraze sistèm sa a e li pral detwi l ’. (Dànyèl 2:44.) Lè se Wayòm sa a k ap dirije, tè a ap transfòme an paradi e maladi ak lanmò pap la ankò (Izayi 33:24 [Ezayi] ; Revelasyon 21:3-5). Tout kreyati Bondye yo ki sou tè a pral viv byen ansanm e yo pap konn sa ki rele grangou ankò. — Sòm 72:16 ; Izayi 11:6-9 (Ezayi).

Sepandan, anvan Jewova aji, objektif li se pou yo “ gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a [“ wayòm nan ”, NW] toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la ”. (Matye 24:14.) Ann amoni ak volonte Bondye, gen anviwon sèt milyon Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan 236 peyi e nan plis pase 400 lang.

Gen kèk aspè nan fason Temwen Jewova yo viv ki ka parèt etranj pou monn nan (2 Pyè 3:3, 4). Menm jan ak moun ki t ap viv anvan delij la, pifò moun jodi a se aktivite lavi a ki okipe lespri yo. Depi yon moun refize viv fason sosyete a panse ki se fason nòmal yon moun dwe viv la, yo panse li manke ekilib. Men, pou moun ki gen lafwa nan pwomès Bondye yo, yon moun ki pase lavi l ap sèvi Bondye gen yon vi ki ekilibre.

Kidonk, kit ou rich kit ou pòv oswa ou pa ni rich ni pòv, li saj detanzantan pou w analize ki pwojè w genyen pou lavni. Pandan w ap fè sa, poze tèt ou kesyon sa a : ‘ Èske pwojè m yo ann amoni ak objektif Bondye ? ’

[Foto nan paj 11]

Lè pwojè lèzòm fè pa ann amoni ak objektif Bondye, se volonte L k ap fèt.

[Foto nan paj 12]

Lè nonm rich nan parabòl Jezi a t ap fè pwojè, li pa t konsidere objektif Bondye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje