BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w10 15/1 p. 24-28
  • Dominasyon Satan an ap echwe kanmenm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dominasyon Satan an ap echwe kanmenm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon chemen k ap mennen nan dezas
  • Poukisa Jewova pèmèt bagay yo pase konsa?
  • Yon rebelyon ki sèvi pou bay Jewova glwa
  • Rezon ki fè monn nan malad
  • Sa vin klè se dominasyon Jewova a ki bon!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Poukisa gen anpil soufrans konsa?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Poukisa Bondye pèmèt lasoufrans ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Jewova se Bondye lanmou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
w10 15/1 p. 24-28

Dominasyon Satan an ap echwe kanmenm

“Sa pap pase byen pou mechan an ditou.” —EKL. 8:13, NW.

1. Poukisa jijman k ap ret tann mechan yo se yon bon nouvèl?

GEN yon lè k ap vini kote Jewova pral detwi mechan yo. Yo pral oblije peye pou tout sa yo fè (Pwo. 5:22; Ekl. 8:12, 13). Sa se yon bon nouvèl, sitou pou moun ki renmen jistis e ki sibi enjistis ak move tretman nan men moun ki mechan. Pi gwo mechan yo gen pou detwi a se Satan Ledyab, li menm ki se papa mechanste. —Jan 8:44.

2. Poukisa li te enpòtan pou tan pase pou kesyon ki te soulve nan jaden Edenn nan te jwenn yon repons?

2 Nan jaden Edenn, Satan te lakòz lèzòm rejte dominasyon Jewova. Li te fè sa paske li te bay tèt li twòp enpòtans. Konsa, premye paran nou yo te pran pozisyon pou Satan lè yo te montre yo pa t respekte otorite Jewova gen dwa pou l genyen sou kreyati l yo. Se sa k fè Jewova te vin konsidere yo kòm pechè (Wom. 5:12-14). Nòmalman, Jewova te konnen ki jan sa t apral pase pou yo lefètke yo te derespekte l lè yo te rebele kont li a. Sepandan, tout kreyati entèlijan yo te bezwen wè aklè ki jan sa t apral fini. Se sa k fè li te enpòtan pou tan pase pou kesyon ki te soulve a te kapab jwenn yon repons e pou Bondye te kapab pwouve yon fason konvenkan rebèl yo te vrèman gen tò.

3. Ki pwennvi nou genyen sou gouvènman lèzòm yo?

3 Lefètke lèzòm te rejte dominasyon Jewova a, yo te oblije vin ak pwòp fòm gouvènman pa yo. Apot Pòl te pale de gouvènman lèzòm yo lè l te ekri kwayan parèy li yo ki te nan vil Wòm. Li te pale de gouvènman sa yo antanke “otorite k’ap gouvènen” yo. Nan epòk Pòl la, se te prensipalman gouvènman anpi women an ki te reprezante otorite k ap gouvène yo. Lè sa a, se Newon ki te anperè. Li te anperè soti nan ane 54 rive nan ane 68 epòk pa nou an. Pòl te di “se Bondye ki mete” otorite k ap gouvène yo. (Li Women 13:1, 2.) Sa sa vle di? Èske sa vle di Pòl t ap fè konnen li pi pito gouvènman lèzòm yo pase gouvènman Bondye a? Non, se pa sa ditou. Li te jis vle di toutotan Jewova pèmèt lèzòm dirije, kretyen yo dwe respekte dispozisyon sa a, sa vle di yo bezwen soumèt yo devan gouvènman lèzòm yo.

Yon chemen k ap mennen nan dezas

4. Esplike poukisa dominasyon lèzòm nan te kondane pou l echwe.

4 Sepandan, dominasyon lèzòm nan, ki anba enfliyans Satan, ap echwe kanmenm. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo, sèke dominasyon sa a pa baze sou sajès Bondye. Se Jewova sèl ki gen yon sajès pafè. Se sa k fè se li menm sèl ki ka bay enstriksyon ki fyab k ap pèmèt yon gouvènman reyisi byen dirije (Jer. 8:9; Wom. 16:27). Kontrèman ak lèzòm ki souvan aprann ki jan pou yo fè yon bagay apre yo fin fè erè, Jewova li menm toujou konnen pi bon fason pou l aji a. Kèlkeswa fòm gouvènman an, si li pa aji ann amoni ak sa Jewova di, li pap ka yon bon gouvènman. Pou rezon sa a sèlman, san konte lefètke Satan gen move entansyon, fason li sèvi ak lèzòm pou l dirije a t ap echwe kanmenm.

5, 6. Ki sa ki sanble te pouse Satan opoze ak Jewova?

5 An jeneral, yon moun ki gen bonsans pap antre nan yon bagay ki kondane pou l echwe. Si li pèsiste pou l antre ladan l, rive yon lè, l ap oblije rekonèt li te fè yon erè. Listwa toujou montre yon moun pap janm reyisi si l kanpe ann opozisyon ak Kreyatè a ki gen tout pouvwa. (Li Pwovèb 21:30.) Satan tèlman bay tèt li twòp enpòtans e li tèlman ògeye, sa fè li vire do bay Jewova. Konsa, li antre tèt bese nan yon chemen ki mennen tou dwat nan dezas.

6 Gen yon dirijan babilonyen ki te gen menm atitid ògeye Satan genyen an, e men ki jan li t ap vante tèt li: “M ap monte nan syèl la. Anlè etwal Bondye yo, m ap leve twòn mwen, e m ap chita sou montay reyinyon an, nan pati ki pi izole nan nò a. M ap monte anlè wotè nyaj yo, m ap fè tèt mwen vin tankou Trèwo a.” ​(Iza. 14:13-15, NW). Dirijan sa a te echwe nan sa li t ap eseye fè a ki pa t gen sans e dinasti babilonyen an, fòm gouvènman kote wa yo soti nan menm fanmi an, te fini mal. Menm jan an tou, talè konsa, Satan ak tout monn li an pral sibi yon defèt total.

Poukisa Jewova pèmèt bagay yo pase konsa?

7, 8. Bay kèk byenfè moun ki jis yo jwenn lefètke Jewova pèmèt mechanste egziste pandan yon tan.

7 Gen kèk moun ki ka mande tèt yo poukisa Jewova pa t anpeche lèzòm pran pozisyon pou Satan e poukisa li pa t anpeche yo pran nan plan Satan te genyen pou li vin ak yon lòt fòm gouvènman ki gen pou l echwe kanmenm. Antanke Bondye Toupisan an, se sèten li te kapab fè sa (Egz. 6:3). Men se pa sa li te deside fè. Sajès li te fè l konprann si li pa t fè anyen kont rebelyon lòm te fè kont li an pandan yon tan, alalong, sa t ap bay pi bon rezilta. Finalman, sa t ap vin parèt klè Jewova se yon dirijan ki jis, ki gen lanmou, e moun ki fidèl yo ap jwenn byenfè grasa desizyon li te pran an.

8 Se pa ni de ni twa soufrans lèzòm t ap epaye si de premye paran nou yo pa t koute Satan e si yo pa t retire kò yo anba direksyon Bondye pou yo te ka vin endepandan! Sepandan, desizyon Jewova te pran pou l pèmèt lèzòm dirije tèt yo pandan yon tan an gen bon kote ladan l. Li ede moun ki jis yo byen konprann li saj pou yo koute Bondye e pou yo met konfyans yo nan li. Pandan syèk ki pase yo, lèzòm eseye tout kalite fòm gouvènman, men pa gen youn ladan yo ki bay rezilta yo espere yo. Reyalite sa a fè sèvitè Jewova yo vin gen plis konviksyon se dominasyon Jewova a ki pi bon toutbon. Vrèman, lefètke Jewova pèmèt dominasyon mechan Satan an egziste pandan yon tan, limanite jwenn anpil pwoblèm. Menm moun k ap sèvi Bondye fidèlman yo jwenn pwoblèm tou. Sepandan, lefètke Jewova pèmèt gen mechanste pandan yon tan, moun k ap sèvi l fidèlman yo jwenn anpil byenfè.

Yon rebelyon ki sèvi pou bay Jewova glwa

9, 10. Esplike ki jan dominasyon Satan an sèvi pou bay Jewova glwa.

9 Lefètke Jewova kite Satan gen enfliyans sou lèzòm e li kite lèzòm dirije tèt yo poukont yo, sa pa reyisi bay okenn prèv ki montre fason Jewova dirije a pa bon. Okontrè, sa montre fason li dirije a pi bon! Listwa pwouve pawòl Jeremi te di anba enspirasyon yo, kòmkwa lèzòm pa gen kapasite pou yo dirije tèt yo a, se verite. (Li Jeremi 10:23.) Anplis, rebelyon Satan an bay Jewova okazyon pou l pi byen montre bèl kalite li genyen yo. Kòman?

10 Move rezilta dominasyon Satan an bay yo fè kalite Jewova yo ki pafè parèt pi klè toujou. Konsa, li vin gen plis glwa nan je moun ki renmen l yo. An reyalite, menmsi sa ka parèt difisil pou yon moun konprann, fason Satan dirije a sèvi pou bay Jewova glwa. Li demontre Jewova jere kesyon ki gen rapò ak dwa li genyen pou l dirije kreyati l yo yon fason ki vrèman estrawòdinè. Pou nou wè sa, annou egzamine kèk nan kalite Jewova yo pou nou wè jan dominasyon Satan an, yon dominasyon ki mechan, fè kalite Jewova yo parèt divès fason.

11. Ki jan Jewova montre lanmou li?

11 Lanmou. Ekriti yo di nou “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8, Bib Kreyòl La) Toudabò, Jewova demontre li gen lanmou lefètke li kreye lèzòm. Fason estrawòdinè li fè nou an, yon fason ki fè nou gen lakrentif pou li a, montre tou li se yon Bondye ki gen lanmou. Anplis, avèk amou, Jewova ban nou yon kote pou nou abite ki gen tout sa nou bezwen ladan l pou nou viv ak kè kontan (Jen. 1:29-31; 2:8, 9; Sòm 139:14-16). Sepandan, apre mechanste te fin antre kò l nan mitan limanite, Jewova te montre lanmou l yon lòt fason ankò. Ki jan l te fè sa? Apot Jan te rapòte pawòl sa yo Jezi te di: “Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.” ​(Jan 3:16). Èske Bondye te ka montre lanmou li pou lèzòm yon fason ki pi remakab pase lè li te voye sèl Pitit li a sou tè a pou l rachte lèzòm ki fèt nan peche (Jan 15:13)? Fason estrawòdinè sa a Bondye montre lanmou li sèvi kòm egzanp pou lèzòm. Li fè yo demontre yo gen lanmou Bondye genyen an, yon lanmou ki pouse yo fè sakrifis chak jou nan lavi yo, menm jan ak Jezi. —Jan 17:25, 26.

12. Ki jan Jewova demontre pisans li?

12 Pisans. Se sèlman “Bondye ki gen tout pouvwa” a, sètadi ki Toupisan an, ki gen kapasite pou l kreye lavi (Rev. 11:17; Sòm 36:9). Lè yon moun fèt, li tankou yon fèy papye ki blanch. Lè li mouri, fèy papye sa a ranpli ak desizyon li te pran, ak aksyon li ak eksperyans li te fè pandan tout vi l ki fè li te vin moun li te ye a, sa vle di ki te fòme pèsonalite l. Jewova kapab kenbe enfòmasyon sa yo nan memwa l. Lè lè a rive, Jewova kapab bay moun sa a lavi ankò egzakteman menm jan li te ye a (Jan 5:28, 29). Se sa k fè, byenke okòmansman Jewova pa t fè moun pou yo mouri, lanmò ba li okazyon pou l montre li gen pouvwa pou l resisite moun. Pa gen dout nan sa, Jewova se “Bondye ki gen tout pouvwa” a.

13. Nan ki sans sakrifis Jezi a montre jistis Jewova pafè?

13 Jistis. Jewova pa konn bay manti, ni li pa konn fè moun enjistis (Det. 32:4; Tit 1:2). Li toujou di laverite e li toujou aji avèk jistis, menm lè sa ta sanble pa nan avantaj li (Wom. 8:32). Ala sa dwe te fè Jewova soufri pou l wè Jezi, Pitit li renmen anpil la, ki mouri sou yon poto soufrans kòmsi li te yon blasfematè, yon moun ki te enfidèl! Sepandan, akoz lanmou Jewova gen pou lèzòm ki enpafè, li te pèmèt evènman sa a ki te fè l soufri anpil la rive yon fason pou l ka respekte prensip jistis li yo ki pafè. (Li Women 5:18-21.) Monn nan ki chaje ak enjistis bay Jewova okazyon pou l montre jistis li nan nivo ki pi wo a.

14, 15. Bay kèk fason Jewova montre li gen yon sajès estrawòdinè e li gen pasyans.

14 Sajès. Tousuit apre Adan ak Èv te fin peche, Jewova te montre ki jan li t apral defèt tout move bagay ki t apral rive akoz rebelyon yo a (Jen. 3:15). Fason Jewova te aji vit apre rebelyon an epi fason li te bay sèvitè l yo enfòmasyon ofiramezi sou objektif sa a demontre nan ki pwen li saj (Wom. 11:33). Pa gen anyen ki kapab anpeche Bondye itilize kapasite li genyen pou l regle bagay yo avèk siksè. Monn sa a se yon monn ki chaje ak imoralite ak lagè, yon monn kote moun yo pa rezonab, yo dezobeyisan, yo san pitye, yo gen patipri e yo ipokrit. Sepandan, lefètke se konsa li ye, sa bay Jewova yon gwo okazyon pou l montre kreyati l yo ki sa vrè sajès la ye. Men sa disip Jak te di: “Sajès ki soti anwo a, toudabò, li pwòp. Apre sa, li gen lapè, li dous; li tande rezon; li plen avèk pitye ak bon fwi; li san patipri, san ipokrizi.” —Jak 3:17, Bib Kreyòl La.

15 Pasyans. Pasyans Jewova pa t ap janm parèt aklè jan li parèt aklè a si li pa t vin nesesè pou li boule ak moun ki enpafè, k ap peche e ki gen defo. Lefètke Jewova aksepte fè sa pandan plizyè milye ane, sa montre li gen kalite sa a nan nivo ki pi wo a. Nou ta dwe rekonesan anpil poutèt sa. Apot Pyè te gen rezon atire atansyon nou sou sa lè l te di: “Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Senyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou.” —2 Pyè 3:9, 15.

16. Poukisa nou kontan anpil lefètke Jewova dispoze padone nou?

16 Jewova toujou dispoze padone. Nou tout nou se pechè e se tout tan n ap fè erè (Jak 3:2; 1 Jan 1:8, 9). Nou ta dwe vrèman rekonesan lefètke Jewova dispoze padone nou “lajman”. (Iza. 55:7, NW.) Reflechi tou sou reyalite sa a: lefètke nou fèt nan peche, nou nan pozisyon pou nou santi nou gen anpil jwa lè Jewova padone peche nou fè (Sòm 51:5, 9, 17). Lefètke Jewova demontre bèl kalite sa a anvè nou menm pèsonèlman, lanmou nou gen pou li ogmante e sa ankouraje nou pou nou imite l nan fason nou boule ak pwochen nou. —Li Kolosyen 3:13.

Rezon ki fè monn nan malad

17, 18. Ki jan dominasyon Satan an echwe?

17 Pandan syèk ki pase yo, fason Satan dirije a vin bay yon sistèm ki pa janm sispann echwe. An 1991, men sa yon jounal (The European) te di: “Èske monn nan malad? Wi, asireman, men [...] se pa Bondye ki lakòz sa. Se moun ki nan monn nan ki fè monn nan malad.” Sa se vre! Akoz enfliyans Satan, premye paran nou yo te chwazi pou yo dirije tèt yo olye yo kite Jewova dirije yo. Konsa, yo te entwodui yon fòm dominasyon ki t ap echwe kanmenm. Soufrans ak mizè lèzòm rankontre toupatou sou tè a se prèv ki montre dominasyon lèzòm nan malad grav.

18 Fason Satan dirije a pouse moun wè tèt yo sèlman. Egoyis pap janm gen laviktwa sou lanmou. Dominasyon Jewova a se sou lanmou li chita. Dominasyon Satan an pa rive fè monn nan stab, li pa fè moun yo viv ak kè kontan, ni li pa fè yo santi yo an sekirite. Pa gen dout nan sa, se dominasyon Jewova a ki pi bon! Èske gen prèv jodi a ki montre sa? Wi. Se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

Ki sa nou te aprann konsènan dominasyon lè nou te li:

• Women 13:1, 2?

• Pwovèb 21:30?

• Jeremi 10:23?

• Kolosyen 3:13?

[Foto nan paj 25]

Dominasyon Satan an pa janm pote byenfè pou limanite.

[Liy kredi]

U.S. Army photo

WHO photo by P. Almasy

[Foto nan paj 26]

Pisans Jewova ap parèt pandan rezirèksyon an.

[Foto nan paj 27]

Jewova te montre lanmou li ak sajès li lè l te bay Pitit li a an sakrifis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje