Èske pwofesi ki nan Bib la pale sou nasyon Izrayèl epòk nou an?
JODI A, lemonnantye gen je sou sa k ap pase nan Mwayen Oryan e kè tout moun sou biskèt. Nan zòn sa a, souvan, gen anpil misil k ap tire, gen gwoup moun ki gen zam k ap goumen youn ak lòt, e gen teworis k ap lage bonm pasipala. Anplis de pwoblèm sa yo, gen gwo posiblite pou yo itilize zam nikleyè. Nou kapab konprann rezon ki fè moun tout kote enkyete poutèt sa k ap pase lòtbò a!
An me 1948 tou, lemonnantye te gen je sou Mwayen Oryan. Nan epòk sa a, sa gen 62 an, manda peyi Angletè te genyen ki te otorize l okipe peyi ki te rele Palestin nan epòk la t ap fini, e te gen posiblite pou lagè eklate. Ane anvan an, Nasyonzini te bay otorizasyon pou yo fòme yon nasyon juif endepandan nan yon pati nan tèritwa li te okipe a. Nasyon arab ki te ozanviwon tèritwa sa a te deside fè tout sa yo kapab pou yo anpeche sa fèt. Men avètisman Lig Arab la te bay: “Liy fwontyè tèritwa sa a pral gen dife ak san sou li.”
Nan jou vandredi 14 me 1948 la, a 4 è nan aprèmidi, te manke kèk èdtan sèlman anvan manda peyi Angletè a fini. Yo te envite, an sekrè, yon ti gwoup ki te gen 350 moun ladan l nan mize Tel Aviv la pou yo te ka la lè yo t apral fè yon anons tout moun t ap tann avèk enpasyans: Yo te deklare ofisyèlman nesans nasyon Izrayèl epòk nou an. Te gen yon sekirite wo nivo nan mize a yon fason pou yo te ka anpeche pakèt ènmi nouvo nasyon an te genyen yo vin twouble seremoni an.
David Ben-Gurion, 14 me 1948.
David Ben-Gurion, lidè Konsèy Nasyonal Izrayèl la, te li Deklarasyon nesans nasyon Izrayèl la ki te di an pati: “Nou menm, manm Konsèy pèp la, reprezantan kominote juif ki nan peyi Izrayèl [...] grasa dwa natirèl nou genyen ak dwa listwa ban nou mete sou pouvwa Rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzini an, nou deklare nesans yon nasyon juif nan peyi Izrayèl, e yo dwe rekonèt nasyon sa a kòm Nasyon Izrayèl.”
Èske se yon pwofesi Labib ki te reyalize?
Gen kèk potestan evanjelik ki kwè nesans nasyon Izrayèl epòk nou an akonpli yon pwofesi nan Bib la. Pa egzanp, men sa yon pastè ki rele John Hagee di nan yon liv: “Pwofèt Izayi te ekri sou gwo evènman sa a, lè l te di: ‘Yon nasyon ap fèt yon sèl kou.’ (Gade Izayi 66:8, NW). [...] Se te yon pwofesi Labib ki te jwenn pi gwo akonplisman l pandan ventyèm syèk la. Se te yon prèv klè ki montre tout moun Bondye Izrayèl la vivan toujou.” — Jerusalem Countdown.
Èske deklarasyon sa a se laverite? Èske Izayi 66:8 te predi nesans nasyon Izrayèl epòk nou an? Èske gen “yon pwofesi Labib ki te jwenn pi gwo akonplisman l pandan ventyèm syèk la” nan jou ki te 14 me 1948 la? Si nasyon Izrayèl epòk nou an se toujou nasyon Bondye chwazi a, e si Bondye ap sèvi avè l pou l reyalize pwofesi Labib yo, sa ta dwe enterese etidyan Labib ki toupatou sou tè a.
Men sa pwofesi Izayi a di: “Kiyès ki janm tande yon bagay konsa? Kiyès ki janm wè bagay konsa? Èske yon peyi ap pran nesans yon sèl jou nan tranche? Oubyen èske yon nasyon ap fèt yon sèl kou? Paske Siyon gen tranche e li fè pitit li yo.” (Izayi 66:8, NW). Pasaj la predi yon fason ki klè yon nasyon t ava pran nesans yon sèl kou, kòmsi se nan yon sèl jou. Men kiyès ki t ap fè sa rive? Vèsè 9 la ede nou pi byen konprann: “Eske mwen ka fè yon fanm kase lezo, lèfini pou m pa kite l akouche? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou l lèfini pou m pa kite l fèt? Se Bondye ou la menm ki di sa!” Jewova fè tout moun konnen se li menm menm ki t ap fè nasyon sa a fèt yon sèl kou.
Izrayèl epòk nou an gen yon gouvènman demokratik e li pa fè okenn deklarasyon ofisyèl ki montre li depann de Bondye Labib pale de li a. Èske an 1948 nasyon Izrayèl epòk nou an te rekonèt nan deklarasyon nesans nasyon an se Jewova Dye ki te fonde l? Non. Non Bondye e menm mo “Bondye” a pa parèt nan okenn kote nan tèks orijinal deklarasyon nesans nasyon an. Men sa yon liv di sou tèks deklarasyon sa a: “Menm a inè nan aprèmidi, lè Konsèy Nasyonal la te reyini, manm li yo pa t kapab rive dakò sou ki sa pou yo ekri nan deklarasyon nesans nasyon an. [...] Juif pratikan yo te bezwen mete nan deklarasyon an ekspresyon ‘Bondye Izrayèl la’. Juif ki pa t relijye yo pa t dakò. Pou Ben-Gurion rezoud pwoblèm nan, li te deside mete mo ‘Wòch’ nan plas ‘Bondye’.” — Great Moments in Jewish History.
Jiska prezan, nasyon Izrayèl epòk nou an di se yon rezolisyon Nasyonzini te pran, se dwa natirèl li genyen ak dwa pèp juif la genyen grasa istwa l ki fè nasyon an egziste. Èske li lojik pou nou panse Bondye Labib pale de li a t ap reyalize pi gwo mirak ki fèt nan ventyèm syèk la pou akonpli yon pwofesi biblik nan avantaj yon nasyon ki pa menm aksepte se li ki fè sa?
Deklarasyon nesans nasyon sa a konpare ak tan lontan
Fason Izrayèl epòk nou an wè bagay yo pa sanble ditou ak fason Izrayèl nan tan lontan an te wè bagay yo nan ane 537 anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, nasyon Izrayèl la te vrèman ‘vin fèt ankò’ kòmsi se te nan yon sèl jou e 70 an te gentan pase depi sòlda babilonyen yo te ravaje peyi a e yo te fè l rete san moun ladan l. Pwofesi ki nan Izayi 66:8 la te reyalize nèt lè moun peyi Pès ki te kraze Babilòn nan, anpalan de Siris Legran, te otorize tout Juif pou yo retounen nan peyi yo. — Ezra [Esdras] 1:2.
Siris, wa peyi Pès la, te admèt se Jewova ki t ap aji nan evènman ki te rive an 537 anvan epòk nou an. Juif ki te retounen Jerizalèm yo te fè sa nan objektif pou yo mete adorasyon Jewova Dye a sou pye ankò e pou yo rebati tanp li a. Nasyon Izrayèl epòk nou an pa t janm deklare ofisyèlman li te gen objektif konsa.
Èske li toujou nasyon Bondye chwazi a?
Nan ane 33 epòk nou an, nasyon Izrayèl la te pèdi privilèj li te genyen pou l se nasyon Bondye chwazi a lè li pa t aksepte Pitit gason Jewova a, anpalan de Mesi a. Men sa Mesi a li menm te di: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch [...]. Gade! Yo kite kay nou an ban nou.” (Matye 23:37, 38). Pawòl Jezi yo te reyalize nan ane 70 epòk nou an lè kolonn sòlda women yo te detwi Jerizalèm, tanp li a ak tout pretriz la. Men, ki jan objektif Bondye pou l te gen yon “pwopriyete espesyal pami tout [lòt] pèp yo, [...] yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen” an t apral reyalize? — Egzòd 19:5, 6, NW.
Apot Pyè, ki li menm te yon Juif, te reponn kesyon sa a nan yon lèt li te voye bay kretyen yo nan premye syèk la. Lèt sa a te pou ni kretyen ki pa Juif ni pou sa ki te Juif tankou Pyè yo. Men sa Pyè te ekri: “Nou se ‘yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal’, [...] Paske, te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye. Te gen yon lè yo pa t fè nou mizèrikòd, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd.” — 1 Pyè 2:7-10.
Kretyen Bondye te chwazi grasa lespri sen l yo fè pati yon nasyon espirityèl. Yo pa fè pati nasyon sa a paske yo fèt ladan l e paske yo fèt yon kote kèlkonk. Men kòman apot Pòl te esplike sa: “Kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, sa pa anyen, men, sa ki yon bagay, se si moun nan vin yon nouvo kreyati. Mwen swete pou tout moun ki pral mache nan lòd selon prensip sa a, wi, pou Izrayèl Bondye a gen lapè ak mizèrikòd.” — Galat 6:15, 16.
Byenke nasyon Izrayèl epòk nou an aksepte Juif ki fèt nan lòt peyi oswa moun ki konvèti nan relijyon juif la pou yo vin sitwayen peyi a, pou moun fè pati nasyon Bib la rele “Izrayèl Bondye a”, se pou yo “obeyisan e pou yo [...] wouze ak san Jezi Kris”. (1 Pyè 1:1, 2.) Men sa Pòl te ekri lè l t ap pale de moun ki fè pati Izrayèl Bondye a oswa juif nan domèn espirityèl yo: “Se pa moun ki Juif sou deyò a ki Juif toutbon, ni se pa sikonsizyon ki fèt sou deyò a, sa ki fèt nan chè a, ki sikonsizyon toutbon. Men, moun ki Juif toutbon an se anndan l li Juif, e sikonsizyon l lan se nan kè l li fèt. Se lespri a ki fè l, se pa yon lwa yo ekri ki fè l. Lwanj moun sa a pa sot nan lèzòm, men se nan Bondye l soti.” — Women 2:28, 29.
Vèsè ki site anwo a ede nou konprann yon kòmantè Pòl te fè nan lèt li te ekri bay kretyen Wòm yo moun te gen diferan opinyon sou li. Pòl te esplike kòman moun ki te gen nasyonalite juif nan epòk li a e ki pa t kretyen yo te tankou branch yo te rache nan yon pye oliv senbolik pou yo grefe lòt “branch” “mawon”, sa vle di moun ki nan nasyon yo, sou li (Women 11:17-21). Men kòman apot la te fini egzanp li te pran an: “Yon pati nan pèp Izrayèl la vin ensansib jiskaske kantite total moun ki nan nasyon yo antre, e konsa, tout Izrayèl ap sove.” (Women 11:25, 26). Èske Pòl t ap bay yon pwofesi ki te predi Juif yo t ava vin kretyen an foul nan dènye moman anvan lafen an rive? Pa gen dout nan sa, Juif yo pa janm fè bagay konsa.
Ki sa egzanp Pòl te bay sou pye oliv la vle di?
Lè Pòl te itilize ekspresyon “tout Izrayèl” la, li t ap pale de Izrayèl espirityèl la, sa vle di kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l yo. Pòl t ap esplike lè Juif nan epòk Jezi a pa t aksepte l kòm Mesi a, sa pa t anpeche Bondye reyalize objektif li pou l gen yon ‘pye oliv’ espirityèl ki chaje ak branch k ap bay fwi. Egzanp Pòl la sanble ak yon egzanp Jezi te bay kote li te konpare tèt li ak yon pye rezen yo pral retire tout branch ki pa bay fwi yo ladan l. Men sa Jezi te di: “Mwen se bon pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a. Kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi, li retire l, e kèlkeswa branch ki bay fwi, li pwòpte l pou l ka bay plis fwi.” — Jan 15:1, 2.
Byenke Labib pa t anonse nesans nasyon Izrayèl epòk nou an, se sèten li te anonse nesans nasyon Izrayèl espirityèl la. Jodi a, si w idantifye nasyon espirityèl sa a e w kolabore ak moun ki ladan l yo, w ap jwenn yon pakèt benediksyon pou letènite. — Jenèz 22:15-18; Galat 3:8, 9.