OFRANN POU TRAVAY MONDYAL LA
Gen anpil moun ki met kòb apa pou yo mete nan bwat ofrann ki make “Travay mondyal” sou yo.
Chak mwa, kongregasyon yo voye kòb sa a nan biwo filyal Temwen Jewova k ap sipèvize travay predikasyon an nan peyi pa yo a. Nou kapab voye ofrann kòb nou genyen dirèkteman nan adrès sa a tou: Watchtower Bible and Tract Society of New York, Inc., Attention Treasurer’s Office, 25 Columbia Heights, Brooklyn, New York 11201-2483, oswa nan biwo filyal Temwen Jewova k ap sipèvize travay predikasyon an nan peyi nou. (Nou kapab voye ofrann volontè ki mansyone pi ba yo tou nan biwo filyal k ap sipèvize travay predikasyon an nan peyi kote n ap viv la.) Si gen chèk nou vle voye nan adrès ki pi wo a, fè yo sou non “Watchtower”. Nou kapab fè ofrann bijou ak lòt bagay ankò ki gen valè. Lè n ap fè ofrann sa yo, nou dwe akonpaye yo ak yon lèt ki di ofrann sa yo se kado nou fè òganizasyon an san kondisyon.
ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON
Nou kapab bay Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania kenbe lajan pou nou e pou li itilize l nan travay mondyal la. Sepandan, lè nou mande l lajan sa a, l ap remèt nou li. Pou plis enfòmasyon, silvouplè, kontakte Treasurer’s Office. Ekri l nan adrès ki pi wo a oubyen telefone l nan (718) 560-7500.
PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN
Anplis lajan nou kapab bay, gen lòt fason ankò nou kapab fè ofrann k ap pèmèt travay Wayòm nan k ap fèt sou tè a kontinye avanse. Men yo:
Asirans:
Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania kapab benefisye yon asirans vi oswa yon pansyon.
Kont an bank:
Yon moun ki gen yon kont an bank, yon depo a tèm oswa yon kont retrèt kapab fè aranjman pou Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania resevwa kòb sa a lè l mouri, selon sa bank kote moun nan gen kòb la egzije.
Aksyon ak bon:
Nou kapab fè Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania kado aksyon ak bon.
Byen imobilye:
Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay, nou kapab vann, nou kapab fè òganizasyon an kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou kapab fè òganizasyon an kado l pandan nou kontinye rete ladan l pandan tout vi nou. Si nou bezwen gen plis enfòmasyon, kontakte filyal ki responsab peyi nou an anvan nou fè òganizasyon an kado yon pwopriyete.
Anuite:
Yon moun kapab transfere lajan li genyen sou non youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo itilize yo. Li kapab fè sa tou pou pyès li genyen ki montre li gen lajan an depo nan yon òganizasyon. Anretou, moun ki fè don an oswa yon lòt moun li chwazi ap resevwa yon montan byen presi chak ane pandan tout vi l. Nan ane moun nan fè aranjman sa a, li posib pou yo diminye enpo li peye sou revni l.
Testaman ak lajan oswa byen yon moun genyen li bay lòt moun jere pou li:
Yon moun kapab fè yon testaman legal yon fason pou lè l mouri Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania kapab resevwa byen oswa lajan. Si li gen lajan oswa byen lòt moun (yon bank oswa yon lòt òganizasyon) ap jere pou li, li gendwa fè aranjman pou Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Pou dènye aranjman nou sot site a, lè nou bay yon òganizasyon relijye jere lajan oswa byen nou pou nou, nou kapab gen kèk avantaj nan domèn taks.
Tankou ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo, li oblije planifye pou sa. Pou moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la, gen yon ti liv ki disponib ann anglè ak ann espayòl pou ede yo. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri ti liv sa a nan objektif pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun kapab bay òganizasyon an ofrann kounye a ak sou fason li kapab planifye pou sa si l ta mouri. Gen anpil moun ki vin ap ede òganizasyon an nan travay predikasyon an ak nan travay imanitè l ap fè sou tout tè a apre yo fin li ti liv sa a e yo pale ak moun yo genyen k ap konseye yo anrapò ak lalwa e k ap konseye yo sou kesyon taks, e sa ede yo jwenn anpil avantaj nan domèn taks. Pou nou jwenn ti liv sa a, nou kapab kontakte biwo yo rele Charitable Planning Office.
Si nou vle jwenn plis enfòmasyon, nou kapab ekri biwo yo rele Charitable Planning Office la nan adrès ki pi ba a oswa nou kapab kontakte l nan telefòn, oswa tou nou kapab kontakte biwo filyal k ap sipèvize travay predikasyon an nan peyi nou.
Charitable Planning Office
Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
100 Watchtower Drive
Patterson, New York 12563-9204
Telefòn: (845) 306-0707