BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/4 p. 17
  • Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Èske yon kretyen kapab aksepte yon tretman medikal?
    Repons Bib la bay
  • Èske Temwen Jewova yo kont vaksinasyon?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Èske w di w a gen tan ?
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/4 p. 17

Lektè nou yo ta renmen konnen

Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?

Jezi te di “se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè”. (Matye 9:12.) Pawòl sa yo Jezi te di yo montre Bib la pa anpeche moun chèche èd nan men doktè. Se sa k fè, Temwen Jewova yo pa gen pwoblèm pou yo pran medikaman e pou yo suiv tretman. Yo vle rete an sante e yo vle viv pi lontan. Menm jan ak Lik, yon kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, gen kèk Temwen Jewova ki doktè. — Kolosyen 4:14.

Sepandan, Temwen Jewova yo pa aksepte tretman ki pa ann amoni ak prensip biblik yo. Pa egzanp, yo pa aksepte pran san paske Labib pa dakò pou moun fè sa (Jenèz 9:4; Levitik 17:1-14; Travay 15:28, 29). Epitou, Pawòl Bondye a kondane tretman medikal ki gen rapò ak “maji” oswa ki makònen ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. — Izayi [Ezayi] 1:13, NW; Galat 5:19-21.

Gen anpil pwofesyonèl k ap travay nan domèn sante ki bay tretman ki ka sove lavi moun e ki pa kontrè ak okenn prensip biblik. Souvan, tretman sa yo pi bon lontan pase tretman ki pa ann amoni ak prensip biblik yo. Anpil Temwen Jewova aksepte tretman sa yo.

Natirèlman, nan kesyon swen sante, tout moun pa wè bagay yo menm jan. Sa ki bon pou youn ka pa bon pou yon lòt. Se sa k fè, anpil moun k ap chèche konnen egzakteman ki maladi yo fè e ki tretman k ap bon pou yo kapab deside chèche gen opinyon de doktè diferan. — Pwovèb 14:15.

Se pa tout Temwen Jewova k ap aksepte menm tretman medikal. Depi yon moun pa vyole okenn lwa nan Bib la, Pawòl Bondye a pèmèt li pran desizyon selon konsyans li (Women 14:2-4). Kidonk, chak moun dwe fè rechèch sou tout tretman yo mande l suiv pou l wè si tretman sa yo pap twouble konsyans li ki fòme grasa Labib. — Galat 6:5; Ebre 5:14.

Chak fwa yon Temwen Jewova gen pou l pran yon desizyon, li dwe konsidere tèt li tankou yon chofè k ap parèt nan yon kafou ki chaje ak machin. Si l ta annik suiv machin ki devan l yo e li ta kouri pase nan kafou a ak tout vitès, li ta ka lakòz gwo aksidan. Yon chofè ki gen sajès ap ralanti lè l rive nan yon kafou, l ap kontwole kòman trafik la ye anvan li kontinye avanse. Menm jan an tou, Temwen yo pa kouri pran desizyon anrapò ak tretman medikal, ni yo pa annik fè sa pifò moun panse ki bon. Olye de sa, yo analize tout chwa yo genyen yo e yo egzamine prensip ki nan Bib la anvan yo pran yon desizyon.

Temwen Jewova yo apresye bonjan travay ak sakrifis moun k ap bay swen medikal yo fè. Yo gen rekonesans tou pou bonjan soulajman moun sa yo bay moun ki malad yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje