BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/10 p. 16-17
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/10 p. 16-17

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la. Li pral ranplase tout lòt gouvènman ki egziste yo e li pral pèmèt volonte Bondye fèt ni nan syèl la ni sou tè a. Kidonk, Wayòm Bondye a se bon gouvènman nou bezwen an. — Li Danyèl (Dànyèl) 2:44; Matye 6:9, 10.

Yon wayòm dwe gen yon wa alatèt li. Jewova chwazi Pitit li a, Jezi, pou l vin Wa nan Wayòm Li an. — Li Lik 1:30-33.

2. Sa k fè Jezi se Chèf ideyal la?

Pitit Bondye a se Wa ideyal la paske li bon, li pran pozisyon pou sa ki dwat, e li gen ase pouvwa pou l ede moun (Matye 11:28-30). Apre Jezi te fin resisite, li te monte nan syèl la e li te ret ap tann adwat Jewova (Ebre 10:12, 13). Finalman, Bondye ba li pouvwa pou l kòmanse dirije detan l nan syèl la. — Li Danyèl 7:13, 14.

3. Kiyès lòt moun ki pral dirije avèk Jezi?

Bondye chwazi yon gwoup moun li rele ‘moun ki sen’ pou y al dirije avèk Jezi nan syèl la (Danyèl 7:27). Premye moun Bondye te chwazi pou vin sen yo se te apot fidèl Jezi yo. Jis kounye a Jewova kontinye ap chwazi gason ak fi ki fidèl pou yo vin sen. Menm jan ak Jezi, yo resisite antanke espri. — Li Jan 14:1-3; 1 Korentyen 15:42-45.

Ki kantite moun ki pral nan syèl? Jezi rele yo “ti twoupo”. (Lik 12:32.) Kantite final la se pral 144 000, e yo pral dirije tè a avèk Jezi. — Li Revelasyon 5:9, 10; 14:1.

4. Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije?

Jezi te vin Wa an 1914a. Yon ti tan apre sa, li pimpe Satan ak demon l yo sou tè a (Revelasyon 12:7-10, 12). Depi lè a, pwoblèm limanite vin pi rèd. Lagè, tranblemanntè, grangou, epidemi ak mechanste fè pati siy ki montre sistèm sa a rive nan dènye jou l (2 Timote 3:1-5). Tout moun ki vle jwenn byenfè Wayòm Bondye a pral pote dwe aprann ki jan pou yo vin disip Wa a, anpalan de Jezi. — Li Lik 21:7, 10, 11, 31, 34, 35.

5. Ki sa Wayòm Bondye a reyalize?

Wayòm Bondye a deja ede plizyè milyon moun nan tout nasyon aprann konnen chemen Bondye yo grasa travay predikasyon k ap fèt nan lemonnantye a (Matye 24:14). Lè l pral detwi sistèm mechan sa a ki la kounye a, l ap pwoteje “yon gwo foul moun” ki fè pati moun fidèl ki pral viv anba dominasyon Jezi yo. — Li Revelasyon 7:9, 10, 13-17.

Pandan 1 000 an, Wayòm nan pral fè tè a tounen yon paradi ofiramezi. Finalman, Jezi pral remèt Papa l Wayòm nan (1 Korentyen 15:24-26). Èske w gen yon moun ou ta renmen pale de Wayòm Bondye a avè l? — Li Sòm 37:10, 11, 29.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 8 ak chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Nòt anba paj]

a Pou nou jwenn detay sou fason pwofesi ki nan Bib la atire atansyon sou ane 1914, gade paj 215-218 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje