BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 15/10 p. 23-27
  • Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou nou andire anba bagay ki fè nou soufri
  • Kèk moun ki te jwenn konsolasyon nan men Bondye
  • Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou
  • ‘Konsole tout moun ki nan lafliksyon’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Fason Bondye bay konsolasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ki kote moun ka jwenn yon vrè konsolasyon ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Konsole moun ki nan lapenn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 15/10 p. 23-27

Fè “Bondye tout konsolasyon an” konfyans

“Benediksyon pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li, Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an.” — 2 KOR. 1:3.

1. Ki sa tout moun bezwen kèlkeswa laj yo?

DEPI lè nou fèt, nou bezwen moun konsole nou. Lè yon tibebe bezwen konsolasyon, li pete kriye. Petèt li bezwen yo kenbe l oswa li bezwen manje. Menm lè nou vin pi gran, nou konn bezwen moun konsole nou. Sepandan, se lè nou nan sitiyasyon ki difisil nou plis bezwen konsolasyon.

2. Ki garanti Jewova bay ki montre l ap konsole moun ki fè l konfyans yo?

2 Souvan, fanmi nou ak zanmi nou kapab plizoumwen konsole nou. Men, pafwa, lèzòm konn pa ka fè anyen pou retire sa ki lakòz n ap soufri yo. Se sèlman Bondye ki ka konsole nou nan kèlkeswa sitiyasyon an. Men ki asirans nou jwenn nan Pawòl li a: “Senyè a kanpe toupre moun k’ap rele l [...]. Li tande lè y’ap rele l.” ​(Sòm 145:18, 19). Wi, “je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou”. (Sòm 34:15, NW.) Men, pou Bondye soutni nou e pou l konsole nou, nou bezwen fè l konfyans. Se sa salmis David te montre byen klè nan yon chan: “Jewova ap tounen yon refij ki wo ki bay moun ki kraze a sekirite, yon refij ki wo ki bay sekirite nan moman detrès. Moun ki konnen non w ap mete konfyans yo nan ou, paske ou pap janm lage moun k ap chèche w, o Jewova.” — Sòm 9:9, 10, NW.

3. Ki egzanp Jezi te pran pou l montre jan Jewova renmen pèp Li a?

3 Moun k ap adore Jewova yo gen anpil valè nan je l. Sa parèt klè nan pawòl Jezi te di ki vin apre yo: “Èske yo pa vann senk tikit pou de pyès monnen ki prèske pa gen valè? Poutan, Bondye pap bliye menm youn nan yo. Men, nan ka pa nou, ata branch cheve nan tèt nou li konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè, nou gen plis valè pase yon bann tikit met ansanm.” ​(Lik 12:6, 7). Men sa Jewova te di pèp Izrayèl la pa mwayen pwofèt Jeremi: “Mwen p’ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m’ap toujou aji byen ak nou.” — Jer. 31:3.

4. Poukisa nou kapab gen konfyans nan pwomès Jewova yo?

4 Si nou gen konfyans nan Jewova e nou gen konfyans pwomès li yo ap reyalize san mank, sa ap ede nou jwenn konsolasyon lè nou nan moman difisil. Se sa k fè nou bezwen fè Jewova konfyans menm jan ak Jozye ki te di: “Pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe.” ​(Joz. 23:14, NW). Mete sou sa, menmsi pafwa gen sitiyasyon difisil k ap kraze zo nou, nou kapab gen konfyans “Bondye fidèl” e li pap janm lage sèvitè l yo ki fidèl. — Li 1 Korentyen 10:13.

5. Ki sa k fè nou kapab konsole lòt moun?

5 Apot Pòl te di Jewova se “Bondye tout konsolasyon an”. Vèb “konsole” a vle di soulaje yon moun k ap soufri oswa ki tris. Yon moun fè sa lè l ede yon moun santi l anpè. Se sèten, se sa Jewova fè. (Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Pa gen anyen ni pèsonn ki kapab anpeche Papa nou ki nan syèl la fè sa l vle fè. Donk, li gen tout mwayen nan men l pou l bay moun ki renmen l yo konsolasyon yo bezwen an. Nou menm, bò kote pa nou, nou kapab konsole kwayan parèy nou yo ki “nan tout kalite tribilasyon”. Nou kapab fè sa “grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye”. Li klè, pèsonn pa ka konsole nou pi byen pase Jewova!

Fason pou nou andire anba bagay ki fè nou soufri

6. Site kèk bagay ki kapab lakòz yon moun soufri.

6 Gen anpil bagay ki rive nou nan lavi a ki fè nou bezwen konsolasyon. Youn nan bagay ki fè yon moun plis soufri se lè yon moun li renmen mouri, sitou si moun sa a se moun li te marye avè l la oswa se pitit li. Yon moun ki viktim anba prejije gendwa bezwen konsolasyon tou. Yon moun ka bezwen konsolasyon akoz pwoblèm sante, vyeyès, mizè, pwoblèm li jwenn nan maryaj li, oswa akoz difikilte li jwenn nan monn nan.

7. a) Ki kalite konsolasyon nou bezwen lè n ap soufri? b) Ki sa Jewova kapab fè pou l geri yon moun ki gen yon kè ‘ki brize e ki kraze’?

7 Lè n ap soufri, nou kapab bezwen konsolasyon k ap soulaje kè nou, lespri nou, k ap ede nou konbat santiman negatif, e k ap ede nou pwoteje sante nou ak relasyon nou ak Bondye. Pa egzanp, ann pale de kè nou. Labib fè konnen nou kapab gen yon kè ‘ki brize e ki kraze’. (Sòm 51:17, NW.) Pa gen dout nan sa, Jewova kapab ede nou si nou ta nan sitiyasyon sa a, paske “li geri moun kè yo ap fann, e li bande kote k ap fè yo mal”. (Sòm 147:3, NW.) Menm nan moman ki difisil anpil kote kè nou ap fann, Bondye kapab soulaje nou si nou priye l ak lafwa e si nou obsève kòmandman l yo. — Li 1 Jan 3:19-22; 5:14, 15.

8. Lè nou jwenn eprèv ki soti pou fè nou pèdi tèt nou, ki jan Jewova kapab ede nou?

8 Souvan, gen anpil eprèv ki soti pou fè nou pèdi tèt nou, se sa k fè nou bezwen konsolasyon pou soulaje lespri nou. Lè lafwa nou anba jan de eprèv sa yo, nòmalman, nou gendwa pa kapab andire yo ak pwòp fòs nou. Sepandan, men sa yon salmis te di: “Lè panse k ap twouble m yo te vin anpil anndan m, konsolasyon w yo te kòmanse karese nanm mwen.” ​(Sòm 94:19, NW). Mete sou sa, men sa apot Pòl te ekri: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” ​(Fil. 4:6, 7). Lè nou li Bib la e nou medite sou sa nou li a, sa kapab yon gwo èd k ap soulaje lespri nou. — 2 Tim. 3:15-17.

9. Ki jan nou kapab konbat santiman negatif?

9 Pafwa, nou kapab tèlman vin dekouraje, santiman negatif kapab vle anvayi nou. Petèt nou santi nou pa kapab fè yon bagay Labib mande nou fè, oswa nou santi nou pa ka fè yon travay yo ban nou fè nan kongregasyon an. Menm nan sitiyasyon sa yo, Jewova kapab konsole nou e li kapab ede nou. Pa egzanp, lè Bondye te chwazi Jozye pou l gide Izrayelit yo alòske yo t ap gen pou yo goumen kont yon bann nasyon ki te maton nan fè lagè, Moyiz te di pèp la: “Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou.” ​(Det. 31:6). Grasa èd Jewova, Jozye te kapab mennen pèp Bondye a nan Latè pwomiz epi ede l gen laviktwa sou tout ènmi l yo. Anvan sa, Bondye te ede Moyiz tou lè pèp la te gen pou l travèse lanmè Wouj. — Egz. 14:13, 14, 29-31.

10. Si sitiyasyon difisil yo gen move efè sou sante nou, ki sa k kapab ede nou?

10 Sitiyasyon difisil yo kapab gen move efè sou sante nou. Natirèlman, lè nou manje byen, nou fè ase egzèsis, nou pran ase repo e nou rete pwòp, sa ka gen bon efè sou nou. Lè panse nou yo ann amoni ak sa ki ekri nan Bib la, sa kapab gen bon efè sou sante nou tou. Donk, lè nou gen yon pwoblèm, l ap bon pou nou sonje apot Pòl te soufri tou e pou nou sonje pawòl ankourajan li te ekri ki parèt nan 2 Korentyen 4:8, 9: “Nou nan eto tout jan, men nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje. Nou pa konn sa pou n fè, men nou pa fin sanzespwa nèt. Yo pèsekite nou, men nou pa lage poukont nou. Yo lage nou atè, men nou pa detwi.”

11. Ki sa nou kapab fè si nou santi n ap pèdi lafwa?

11 Gen kèk eprèv ki kapab gen move efè sou relasyon nou ak Bondye. Nan eprèv sa yo tou, Jewova kapab ede nou. Men garanti Pawòl li a ban nou: “[Jewova] ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.” ​(Sòm 145:14). Si nou santi n ap pèdi lafwa, nou bezwen chèche èd nan men ansyen yo nan kongregasyon an (Jak 5:14, 15). Mete sou sa, lè nou toujou kenbe esperans lavi ki pap janm fini an nan lespri nou, sa ap ede nou lè nou jwenn pwoblèm ki ka fè nou pèdi lafwa. — Jan 17:3.

Kèk moun ki te jwenn konsolasyon nan men Bondye

12. Esplike ki jan fason Jewova te pale ak Abraram nan montre li te vle konsole l.

12 Men sa yon salmis te ekri anba enfliyans lespri sen Bondye: “Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m espwa. Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.” ​(Sòm 119:49, 50). Jodi a, nou gen Pawòl Jewova te fè ekri a ki pale de yon pakèt moun ki te jwenn konsolasyon nan men Jewova. Pa egzanp, Labib pale de Abraram ki petèt te bay tèt li anpil pwoblèm lè l te aprann Jewova t apral detwi Sodòm. Men sa patriyach fidèl sa a te mande Bondye: “Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo?” Jewova te konsole Abraram lè l te ba l garanti si te gen sèlman 50 moun ki jis nan vil sa a, li pa t ap detwi l. Abraram te kontinye poze Jewova kesyon senk fwa ankò: E si gen 45 moun ki jis? E si gen 40? 30? 20? 10? Pandan chak fwa sa yo, avèk anpil pasyans ak jantiyès, Jewova te bay Abraram garanti li pa t ap detwi vil la. An reyalite, Jewova pa t menm jwenn 10 moun ki jis nan zòn nan. Men, lè l te voye al detwi vil la, li te sove Lòt ak de pitit fi l yo ki te jis. — Jen. 18:22-32; 19:15, 16, 26.

13. Ki jan Ana te montre li te fè Jewova konfyans?

13 Ana, madan Èlkana, te swaf gen yon pitit. Men, li pa t ka fè timoun e sa te fè l tris anpil. Li te priye Jewova sou sa. Annapre gran prèt Eli te di l: “Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l ba ou sa ou mande l la.” Sa te konsole Ana, e sa te fè “figi l vin pa enkyè ankò”. (1 Sam. 1:8, 17, 18; NW.) Ana te fè Jewova konfyans, li te lage tout bagay nan men l. Byenke li pa t konn ki jan bagay yo t apral fini, li te santi kè l poze. Avèk letan, Jewova te reponn priyè l. Li te vin ansent e li te fè yon pitit gason li te rele Samyèl. — 1 Sam. 1:20.

14. Poukisa David te bezwen konsolasyon, e kot kiyès li t ale?

14 Yon lòt moun ki te jwenn konsolasyon nan men Bondye se te David, yon wa pèp Izrayèl tan lontan an. Piske Jewova ‘wè sa ki nan kè moun’, lè l te chwazi David pou l vin wa pèp Izrayèl la, li te konnen David te yon moun ki sensè e se ak tout kè l li t ap sèvi Jewova (1 Sam. 16:7; 2 Sam. 5:10). Men, annapre, David te fè adiltè ak Batcheba e pou l te eseye kache sa, li te fè touye mari Batcheba a. Lè David te vin wè jan peche l te fè a te grav, men sa l te di Jewova nan yon priyè: “Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan. Mwen rekonèt sa m fè a pa bon. Se tout tan peche m lan devan je m.” ​(Sòm 51:1-3). David te repanti toutbon pou peche li te fè a e Jewova te padone l. Men, li te oblije peye pou sa l te fè a (2 Sam. 12:9-12). Men, lefètke Jewova te fè David mizèrikòd, sa te konsole David ki te enb.

15. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, ki jan Jewova te ede l?

15 Lè Jezi te sou tè a, li te jwenn anpil gwo eprèv. Bondye te pèmèt eprèv sa yo teste lafwa l. Men, Jezi te toujou kenbe entegrite l, li pa t janm fè peche, li te toujou fè Bondye konfyans e l te soutni souvrènte Bondye. Lè yo t apral trayi Jezi e yo t apral touye l, men sa l te di Jewova nan yon priyè: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” Lè l fin di pawòl sa yo, yon zanj te parèt e li te ba l fòs ak kouraj (Lik 22:42, 43). Bondye te konsole Jezi, li te ba l fòs ak èd li te bezwen nan moman an.

16. Ki jan Jewova kapab ede nou si yo di nou y ap touye nou poutèt nou kenbe entegrite nou?

16 Menmsi yo ta di y ap touye nou poutèt nou kenbe entegrite nou, Jewova kapab ede nou kontinye rete fidèl e l ap fè sa. Mete sou sa, lefètke nou gen espwa Bondye ka resisite nou, sa kapab konsole nou. Dènye ènmi [Jewova] gen pou l “elimine” a se lanmò e se pa ti anvi nou anvi wè jou kote ènmi sa a pral disparèt la (1 Kor. 15:26)! Sèvitè Bondye ki mouri fidèl yo ak yon bann lòt moun ankò nan memwa Jewova, yon memwa ki san fay, e Jewova ap resisite yo (Jan 5:28, 29; Tra. 24:15). Lefètke nou gen konfyans nan pwomès Jewova fè pou l resisite moun ki mouri yo, sa konsole nou e sa ban nou asirans, menmsi moun k ap pèsekite nou yo ta touye nou, Jewova ap resisite nou kanmenm.

17. Ki jan Jewova kapab konsole nou lè nou gen yon moun pa nou ki mouri?

17 Moun nou renmen yo, k ap dòmi nan tonm ki la pou tout moun nan, gen posiblite pou yo viv ankò nan yon monn nouvo kote lavi a pral bèl anpil e kote tout bagay ki lakòz moun soufri jodi a pap la ankò. Se pa ti konsole sa konsole nou! “Gwo foul moun” k ap sèvi Jewova jodi a pral sove nan fen monn mechan sa a. Yo pral gen bèl privilèj pou yo akeyi moun ki pral resisite sou tè a e pou yo anseye yo. — Rev. 7:9, 10.

Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou

18, 19. Ki jan Jewova konsole sèvitè l yo lè yo anba pèsekisyon?

18 Moyiz te ekri yon chan pou pèp Izrayèl la ki te ankouraje yo e ki te konsole yo. Men ki garanti chan sa a bay: “Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou.” ​(Det. 33:27). Annapre, men sa pwofèt Samyèl te di Izrayelit yo: “Pa vire do bay Senyè a. Sèvi l ak tout kè nou. [...] Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p’ap voye nou jete.” ​(1 Sam. 12:20-22). Toutotan nou rete atache ak Jewova e nou kontinye sèvi l, li pap janm abandone nou. L ap toujou ban nou èd nou bezwen an.

19 Nan dènye jou sa yo ki difisil, se sèten Bondye bay pèp li a èd ak konsolasyon li bezwen an. Depi plis pase santan, gen plizyè milye kwayan parèy nou, sou tout tè a, ki jwenn pèsekisyon e yo lage nan prizon paske y ap sèvi Jewova. Eksperyans moun sa yo fè montre Jewova konsole sèvitè l yo toutbonvre lè yo nan eprèv. Pa egzanp, gen youn nan frè nou yo ki t ap viv nan ansyen Inyon Sovyetik la yo te kondane pou l pase 23 an nan prizon akoz kwayans li. Aktout li te nan prizon, Jewova te pèmèt li jwenn manje espirityèl, sa ki te ede l jwenn fòs ak konsolasyon. Men sa frè a te di: “Pandan tout ane sa yo, mwen te aprann fè Jewova konfyans e mwen te jwenn rekonfò nan men l.” — Li 1 Pyè 5:6, 7.

20. Poukisa nou kapab sèten Jewova pap abandone nou?

20 Kèlkeswa difikilte nou kapab jwenn pi devan, l ap bon pou nou sonje pawòl salmis la te di nan Sòm 94:14 la ki kapab konsole nou: “Senyè a p’ap voye pèp li a jete.” Byenke nou chak bezwen konsolasyon, nou gen gwo privilèj pou nou konsole lòt moun tou. Jan nou pral wè sa nan atik ki vin apre a, nou kapab konsole moun k ap soufri yo nan monn tètchaje sa a.

Ki repons nou ta bay?

• Site kèk bagay ki kapab lakòz n ap soufri.

• Ki jan Jewova konsole sèvitè l yo?

• Si yo di nou y ap touye nou akoz lafwa nou, ki sa k kapab konsole nou?

[Kare/foto nan paj 25]

VÈSÈ K AP EDE NOU KONBAT BAGAY KI KA GEN MOVE EFÈ SOU:

▪ kè nou Sòm 147:3; 1 Jan 3:19-22; 5:14, 15.

▪ lespri nou Sòm 94:19; Fil. 4:6, 7.

▪ santiman nou Egz. 14:13, 14; Det. 31:6.

▪ sante nou 2 Kor. 4:8, 9.

▪ relasyon nou ak Bondye Sòm 145:14; Jak 5:14, 15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje