BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 1/7 p. 3-5
  • Amagedon — Ki sa kèk moun di li ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Amagedon — Ki sa kèk moun di li ye?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa lagè Amagedon an ye?
    Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Èske Amagedon ap kòmanse ann Izrayèl? — Ki sa Bib la di sou sa?
    Kèk lòt sijè
  • Amagedon se yon bon nouvèl!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 1/7 p. 3-5

Amagedon — Ki sa kèk moun di li ye?

“Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.” — REVELASYON 16:16, Bib la.

KI SA ki vin nan tèt ou lè w tande mo “Amagedon” an? Petèt, se imaj yon gwo katastwòf ki vin nan lespri w. Byenke mo sa a parèt yon sèl fwa nan Labib, yo repete l souvan nan nouvèl yo bay nan medya yo, e chèf relijye yo itilize l anpil.

Èske sa pifò moun panse de Amagedon ann amoni ak sa Labib anseye? Li enpòtan pou n konn repons lan. Poukisa? Paske laverite konsènan Amagedon ka libere nou anba yon laperèz ki pa nesesè, li ka ede nou wè lavni yon fason pozitif e li ka enfliyanse pwennvi nou genyen sou Bondye.

Ann egzamine twa kesyon ki vin annapre yo pou nou ka konpare sa pifò moun panse de Amagedon ak sa Labib anseye toutbonvre.

1. ÈSKE AMAGEDON SE YON KATASTWÒF LÈZÒM AP PWOVOKE?

Souvan, jounalis ak moun k ap fè rechèch itilize mo “Amagedon” an pou yo pale de katastwòf lèzòm lakòz. Pa egzanp, yo te pale de Premye Gè mondyal la ak Dezyèm Gè mondyal la kòm Amagedon. Apre gè sa yo, lèzòm te pè pou Etazini ak Inyon sovyetik pa t atake youn lòt ak zam nikleyè. Medya yo te rele konfli sa a yo te panse k ap fèt la “yon Amagedon k ap fèt ak zam nikleyè”. Jodi a, moun k ap fè rechèch ki pè pou polisyon pa lakòz gwo chanjman nan tanperati ki gen sou tè a bay avètisman sou menas yon “Amagedon akoz chanjman k ap fèt nan klima a”.

Men sa definisyon yo bay la fè konprann: Lèzòm gen kontwòl total sou avni tè a ak sou tout sa k ap viv sou li. Si gouvènman yo pa aji avèk sajès, tè a ap sibi yon seri dega k ap san reparasyon.

Men sa Labib anseye: Bondye pap kite lèzòm detwi tè a. Labib ban nou asirans Jewovaa pa t kreye tè a “pou l te tounen yon dezè”. Men, li te fè l “pou moun rete”. (Ezayi (Izayi) 45:18.) Bondye pap kite lèzòm fin detwi tè a nèt, okontrè l ap “detwi moun k ap detwi tè a”. — Revelasyon 11:18.

2. ÈSKE AMAGEDON SE PRAL YON KATASTWÒF NATIRÈL?

Pafwa, gen jounalis ki sèvi ak mo “Amagedon” an kòm yon etikèt pou yo pale de gwo katastwòf natirèl. Pa egzanp, nan ane 2010, yon jounal te pale de “‘Amagedon’ ann Ayiti”. Li te pale de soufrans ak dega gwo tranblemanntè ki te sakaje peyi sa a te lakòz, e li te pale de moun ki te pèdi lavi yo nan moman sa a. Moun k ap fè repòtaj ak moun k ap fè fim sèvi ak mo sa a nonsèlman pou evènman ki deja rive, men tou pou sa yo panse ki pral rive alavni. Pa egzanp, yo itilize mo “Amagedon” an pou yo pale de konsekans yo imajine sa ap genyen si yon gwo wòch ta tonbe sou tè a.

Men sa definisyon yo bay la fè konprann: Amagedon se yon evènman k ap fèt pa aksidan k ap touye menm moun ki inosan. Nou pa ka fè anyen pou pwoteje tèt nou.

Men sa Labib anseye: Amagedon se pa yon evènman k ap rive pa aksidan k ap touye tout moun. Okontrè, lè Amagedon ap fèt, se sèlman moun ki mechan k ap detwi. Labib pwomèt talè konsa “p’ap gen mechan ankò. W’a chache yo, ou p’ap jwenn yo.” — Sòm 37:10.

3. ÈSKE BONDYE AP DETWI TÈ A NAN AMAGEDON?

Anpil moun ki nan relijyon kwè ap gen yon dènye konba ant sa ki byen ak sa ki mal k ap lakòz destriksyon planèt nou an. Selon yon ankèt Princeton Survey Research Associates te fè Ozetazini, gen 40 pousan granmoun yo poze kesyon ki kwè ap gen “yon batay nan Amagedon” k ap detwi monn nan.

Men sa definisyon yo bay la fè konprann: Lèzòm pa t fèt pou yo viv sou tè a pou toutan, ni latè pa t fèt pou l dire nètale. Bondye te kreye lèzòm nan objektif pou yon lè yo tout mouri.

Men sa Labib anseye: Labib di aklè Bondye “mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l.” ​(Sòm 104:5). Men sa Labib di konsènan moun k ap viv sou tè a: “Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y’ap rete nan peyi a tout tan tout tan.” — Sòm 37:29.

Li klè, sa Labib di sou Amagedon an pa ale nan menm sans ak sa pifò moun panse. Donk, ki kote verite a ye?

[Nòt anba paj]

a Jan Labib fè konn sa, Jewova se non Bondye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje