Bonte se yon medikaman pou moun ki egri
GEORGE ak Manon, de Temwen Jewova nan Peyiba, te abòde yon dam aje ki pa t amikal ditou pou yo te ka preche l bon nouvèl Wayòm nan. Yo te aprann lanmò te pase pran yon premye mari l te genyen, li te vin pèdi yon dezyèm mari ak yon pitit gason l, e li t ap soufri ak yon rimatis grav. Byenke dam nan te yon ti jan vin kalm pandan konvèsasyon an, li pa t janm vin amikal vre.
George te di Manon sanble li t ap bon pou yo retounen ak yon bouke flè pou dam nan paske sanble l te poukont li e l te egri. Lè yo te retounen, Rie, mèt kay la, te kontan e li te sezi. Men, moman an pa t bon pou li, se sa k fè yo te pran yon lòt randevou. Lè George ak Manon te retounen nan lè randevou a, yo pa t jwenn pèsonn nan kay la. Malgre yo te pase lakay li plizyè lòt fwa ankò, yo pa t janm jwenn li. Yo te menm kòmanse panse se kabre l t ap kabre yo.
Finalman, yon jou, George jwenn Rie lakay li. Li te eskize George e l te di l se paske l t al lopital ki fè l pa t ka la nan randevou a. Li te di: “Nou pap janm ka imajine ki sa m te fè apre nou de a te fin ale. Mwen te kòmanse li Bib la!” Yo te fè yon bon ti pale, e yon etid biblik te kòmanse.
Ofiramezi Rie t ap etidye Bib la, li te vin chanje, li pa t egri ankò, li te vin gen kè kontan e l te vin yon moun ki janti. Malgre l te malad e l pa t ka kite lakay li, li pa t pran tan pou l te kòmanse pataje kwayans li ak moun ki te konn vin vizite l. Sante l pa t pèmèt li al asiste reyinyon yo souvan nan kongregasyon an, sepandan, li te kontan lè frè ak sè yo te vin vizite l. Nan jou li te gen 82 an, li te asiste yon asanble sikonskripsyon e li te batize pou l montre l te bay Bondye tout lavi l.
Kèk mwa apre l te mouri, yo te jwenn yon powèm li te ekri. Ladan l, li pale de jan yon moun kapab soufri lè l granmoun e l poukont li e li te mete aksan sou enpòtans bonte genyen. Men sa Manon di: “Lè m te li powèm sa a, li te touche kè m anpil. Mwen kontan anpil dèske Jewova te ede nou trete dam sa a avèk bonte.”
Wi, se egzanp Jewova ban nou ki pouse nou montre lanmou ak bonte konsa (Efe. 5:1, 2). Ministè nou ap pote anpil fwi si nou “rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye [...] nan demontre bonte”. — 2 Kor. 6:4, 6.