BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 15/7 p. 22-26
  • “Ki moun ki ka fè m tranble?”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Ki moun ki ka fè m tranble?”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “JEWOVA SE LIMYÈ MWEN E LI SE DELIVRANS MWEN”
  • SONJE CHAK FWA JEWOVA TE EDE W
  • SE POU NOU APRESYE VRÈ ADORASYON AN
  • GEN KONFYANS BONDYE AP EDE W
  • “O JEWOVA! MONTRE M KI JAN POU M MACHE NAN CHEMEN W YO”
  • LAFWA AK ESPERANS ENPÒTAN ANPIL
  • Yon konfyans total nan Jewova ap fè nou santi nou an sekirite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Montre nou saj : krenn Bondye !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 15/7 p. 22-26

“Ki moun ki ka fè m tranble?”

“Menm si yo ta vle fè m lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye.” — SÒM 27:3.

SELON VÈSÈ KI VIN APRE YO, KI SA KI KAPAB EDE W GEN KOURAJ?

  • Sòm 27:1

  • Sòm 27:4

  • Sòm 27:11

1. Ki sa Sòm 27 la pral ede nou konprann?

KI SA K fè travay predikasyon an ap vale teren konsa alòske bagay yo ap vin pi mal nan monn nan? Poukisa nou kontan bay tan nou ak fòs nou gratis nan travay sa a alòske gen gwo pwoblèm ekonomik nan monn nan? Ki sa k ap ede nou kontinye sèvi Jewova avèk kouraj pandan anpil moun pè sa demen ap pote? N ap jwenn repons pou kesyon sa yo nan Sòm 27, yon chan Bondye te pouse wa David konpoze.

2. Lè yon moun pè anpil, ki efè sa kapab gen sou li, e ki asirans nou genyen?

2 Men ki jan David te kòmanse sòm sa a: “Jewova se limyè mwen e li se delivrans mwen. Kiyès moun m ap pè? Jewova se fòtrès lavi mwen. Devan ki moun m ap tranble?” ​(Sòm 27:1, NW). Lè yon moun pè anpil, sa kapab fè l tranble e li kapab pa santi l gen fòs pou l fè anyen. Yon moun ki fè Jewova konfyans pa dwe tranble devan anyen (1 Pyè 3:14). Si nou fè Jewova vin fòtrès nou, ‘n ap viv an sekirite, n ap viv trankil, san n pa pè okenn malè’. (Pwo. 1:33; 3:25, NW.) Ki sa k fè sa?

“JEWOVA SE LIMYÈ MWEN E LI SE DELIVRANS MWEN”

3. Nan ki sans Jewova se limyè nou, e ki sa nou dwe fè?

3 Ekspresyon “Jewova se limyè mwen” an ede nou konprann jan Jewova retire nou nan inyorans ak nan fènwa (Sòm 27:1, NW). Yon limyè kapab fè nou wè yon danje oswa yon bagay ki sou wout nou, men, limyè a pap retire l pou nou. Se nou ki dwe aji avèk sajès pou nou evite sa nou wè a. Menm jan an tou, Jewova fè nou konprann sa k ap pase nan monn nan jodi a. Li avèti nou kont danje ki nan sistèm sa a. Li ban nou prensip ki soti nan Bib la, e prensip sa yo toujou bay bon rezilta. Men, se nou ki pou aplike yo. Lè nou fè sa, nou kapab vin pi saj pase ènmi nou yo oswa pwofesè nou yo. — Sòm 119:98, 99, 130.

4. a) Poukisa David te kapab di ak tout kè l: ‘Jewova se delivrans mwen?’ b) Ki lè egzakteman Jewova pral delivre nou?

4 Pawòl David te di ki parèt nan Sòm 27:1 an montre li dwe te sonje jan Jewova te delivre l plizyè fwa. Pa egzanp, Jewova te delivre l ‘anba pat yon lyon ak yon lous’ e li te fè l ranpòte laviktwa sou jeyan yo te rele Golyat la. Annapre, lè wa Sayil te eseye kloure David nan yon mi ak yon lans, Jewova te delivre l (1 Sam. 17:37, 49, 50; 18:11, 12; 19:10). Kidonk, nou kapab konprann rezon ki fè David te kapab di ak tout kè l: ‘Jewova se delivrans mwen.’ ​(NW). Menm jan Jewova te delivre David, sèvitè l la, se menm jan an tou l ap delivre nou. Ki lè l ap fè sa? Li pral delivre nou lè “gwo tribilasyon an” rive. — Rev. 7:14; 2 Pyè 2:9.

SONJE CHAK FWA JEWOVA TE EDE W

5, 6. a) Lè nou sonje eksperyans nou te fè ak Jewova, ki jan sa kapab fè nou vin gen plis kouraj? b) Lefètke Jewova konn delivre sèvitè l yo, ki jan sa ban nou plis kouraj?

5 Sòm 27:2, 3 montre nou yon bagay enpòtan k ap ede nou vin gen plis kouraj. (Li vèsè yo.) David te sonje jan li te viv plizyè sitiyasyon kote Jewova te delivre l (1 Sam. 17:34-37). Eksperyans li te fè ak Jewova yo te ba l kouraj pou l fè fas ak lòt sitiyasyon ki te pi rèd toujou. E ou menm, èske eksperyans ou te fè ak Jewova fè w santi w menm jan ak David? Pa egzanp, èske w te deja priye Jewova ak tout kè w sou yon sitiyasyon ki te difisil pou ou anpil, e annapre ou te wè jan Jewova te ba w sajès oswa fòs pou w te fè fas ak eprèv sa a? Èske w sonje jan Jewova te ede w yon lè pou w soti anba yon sitiyasyon ki te fè w pèdi jwa w nan sèvis w ap ba li a? Oswa, èske w sonje jan yon gwo pòt ki mennen nan aktivite te ouvè pou ou (1 Kor. 16:9)? Lè w sonje bagay sa yo, ki efè sa gen sou ou? Èske eksperyans sa yo pa fè w gen konfyans Jewova kapab ede w soti nan sitiyasyon ki difisil oswa li kapab ba w fòs pou w andire? — Wom. 5:3-5.

6 Ki sa n ta dwe fè si yon gouvènman ki gen anpil pouvwa ta fè konplo pou l elimine Temwen Jewova yo antanke òganizasyon? Gen anpil moun nan epòk nou an ki te deja eseye fè sa, men yo tout te echwe. Lè nou sonje jan Jewova te ede pèp li a, sa ap ban nou kouraj pou nou andire kèlkeswa sa k ka rive nou. — Dàn. 3:28.

SE POU NOU APRESYE VRÈ ADORASYON AN

7, 8. a) Ki sa David te mande Jewova nan Sòm 27:4? b) Ki sa gran tanp espirityèl la ye, e ki jan nou adore Jewova ladan l?

7 Yon lòt bagay k ap ede nou aji avèk kouraj se lè nou apresye vrè adorasyon an. (Li Sòm 27:4.) Nan epòk David la, se tabènak la ki te “kay [Jewova] a”. David te fè aranjman pou Salomon, pitit li a, bati yon bèl tanp pou Jewova. Plizyè syèk annapre, Jezi te fè konnen moun ki t ap adore Jewova yo pa t ap bezwen al nan tanp sa a ankò pou yo fè sa (Jan 4:21-23). Nan Ebre chapit 8 rive nan chapit 10, apot Pòl te pale de yon gran tanp espirityèl ki te vin egziste nan ane 29 epòk nou an lè Jezi te batize pou l te ka prezante tèt li pou l fè volonte Jewova (Ebre 10:10). Gran tanp sa a se yon dispozisyon Jewova pran, grasa sakrifis ranson Jezi a, pou nou pwoche bò kote l yon fason ki fè l plezi. Ki jan nou adore Jewova nan gran tanp sa a? Nou fè sa lè nou priye Jewova ‘ak tout kè nou avèk yon lafwa total’ e lè nou kontinye pataje esperans nou an ak lòt moun. Nou fè sa tou nan adorasyon an fanmi ak nan reyinyon yo lè nou voye je youn sou lòt, lè nou pouse youn lòt gen lanmou, lè nou pouse youn lòt fè bèl aksyon ak lè nou ankouraje youn lòt (Ebre 10:22-25). Si nou apresye vrè adorasyon an, n ap jwenn fòs pou nou kontinye fè bagay sa yo nan dènye jou sa yo n ap viv la.

8 Toupatou sou tè a, anpil moun k ap sèvi Jewova fidèlman ap ogmante patisipasyon yo nan travay predikasyon an. Gen nan yo ki aprann lòt lang e genyen ki deplase al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Fason yo aji montre yo vle kontanple cham Jewova menm jan ak salmis la e yo vle kontinye adore Jewova kèlkeswa jan sa ye. — Li Sòm 27:6.

GEN KONFYANS BONDYE AP EDE W

9, 10. Ki asirans nou jwenn nan Sòm 27:10?

9 David te montre jan li gen konfyans Jewova ap ede l lè l te di: “Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m.” ​(Sòm 27:10, NW). Selon sa nou li nan 1 Samyèl chapit 22, nou konnen paran David yo pa t abandone l. Men, jodi a, gen anpil moun fanmi yo vire do ba yo e yo oblije andire sitiyasyon sa a. Sepandan, anpil nan moun sa yo jwenn èd nan men frè ak sè yo nan kongregasyon an ki renmen yo e yo santi yo jwenn pwoteksyon tou.

10 Etandone Jewova toujou pare pou l lonje men bay sèvitè l yo lè lòt moun abandone yo, èske li pap soutni yo tou lè yo jwenn lòt kalite eprèv? Pa egzanp, nou gendwa ap enkyete nou pou n pran swen fanmi nou, men, èske nou pa ta dwe gen konfyans Jewova ap ede nou fè sa (Ebre 13:5, 6)? Jewova konprann sitiyasyon moun k ap sèvi l fidèlman yo e li konnen sa yo bezwen.

11. Lè nou gen konfyans nan Jewova, ki enpak sa genyen sou lòt moun? Bay yon egzanp.

11 Ann pran egzanp Victoria, yon dam ki t ap etidye Labib nan peyi Liberya. Piske Victoria t ap fè pwogrè e li pa t lwen batize, mesye li t ap viv avè l la te abandone l ak twa timoun. Aktout li pa t gen kote pou l rete e li pa t ap travay, li te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl. Apre batèm li, pitit fi l ki te gen 13 an te jwenn yon bous ki chaje ak lajan. Yo te deside yo pa t ap menm konte kòb la yon fason pou yo pa t gen tanta sou li. San pèdi tan, yo te kontakte mèt bous la ki te yon sòlda. Sòlda a te di yo si tout moun te onèt menm jan ak Temwen Jewova yo, monn nan t ap plis anpè e li t ap yon pi bon kote pou moun viv. Victoria te sèvi ak Bib la pou l montre sòlda a Jewova pwomèt ap gen yon monn nouvo. Sòlda a te tèlman enpresyone lè l wè jan Victoria te onèt, li te ba l yon bon valè nan kòb la pou l rekonpanse l. Pa gen dout nan sa, lefètke Temwen Jewova yo gen bonjan lafwa nan kapasite Jewova genyen pou l pran swen yo, sa fè yo gen yon bèl repitasyon antanke moun ki onèt.

12. Lè nou kontinye sèvi Jewova malgre nou pèdi anpil bagay nan domèn materyèl, ki sa nou montre? Bay yon egzanp.

12 Imajine ki jan Thomas, yon pwoklamatè ki poko batize k ap viv Syera Leyòn, dwe te santi l lè li te kòmanse travay antanke anseyan nan yon lekòl segondè e yo pa t peye l pandan prèske ennan. Anvan pou Thomas te resevwa kòb yo te dwe l la, li te gen yon dènye bagay pou l fè. Li te gen pou l fè yon entèvyou ak direktè lekòl la ki te yon prèt. Prèt la te fè l konnen kwayans Temwen Jewova yo te depaman ak kwayans enstitisyon an. Li te ensiste pou Thomas fè yon chwa ant travay li ak kwayans li. Thomas te kite travay la, li te reziyen l li pèdi kòb yo te dwe l la e li te jwenn yon lòt travay kote li t ap repare radyo ak telefòn selilè. Gen anpil moun ki pè pou yo pa rive jwenn sa yo bezwen. Men, egzanp Thomas a ak anpil lòt egzanp ankò montre moun ki gen konfyans nan Sila a ki kreye tout bagay la e ki pwoteje pèp li a ap toujou jwenn sa yo bezwen.

13. Ki jan travay predikasyon Wayòm nan ye nan peyi kote moun yo pa gen anpil mwayen pou yo viv?

13 Souvan, nan anpil peyi kote lavi a difisil anpil, frè ak sè yo chofe nan travay predikasyon an. Ki sa k esplike sa? Men sa yon biwo filyal fè konnen: “Anpil nan moun ki aksepte yon etid pap travay e sa pèmèt yo jwenn plis tan pou yo etidye pandan jounen an. Frè ak sè yo tou jwenn plis tan pou yo preche. Yo pa menm bezwen di moun sa yo y ap viv nan dènye jou yo, sitou moun k ap viv nan zòn kote lavi a pi difisil yo, paske yo wè jan bagay yo difisil.” Gen yon misyonè ki gen plis pase 12 an depi l ap viv nan yon peyi kote chak pwoklamatè yo gen an mwayèn twa etid. Men sa misyonè sa a di: “Etandone anpil nan pwoklamatè sa yo ap mennen yon vi ki senp e yo pa gen anpil bagay ki pou fè yo distrè, an jeneral, yo jwenn plis tan pou yo preche e pou yo fè etid.”

14. Ki jan Jewova pwoteje gwo foul la?

14 Jewova pwomèt pèp li a l ap ede l, l ap pwoteje l e l ap delivre l antanke gwoup, ni nan domèn fizik, ni nan domèn espirityèl, e nou gen konfyans l ap fè sa (Sòm 37:28; 91:1-3). Jan Bib la montre sa, foul moun ki pral travèse “gwo tribilasyon an” ap yon gwo foul (Rev. 7:9, 14). Antanke gwoup, Jewova pap kite yo detwi gwo foul sa a nan tan ki rete pou dènye jou yo rive nan bout yo a. Jewova ap ba yo tout sa ki nesesè pou yo andire anba eprèv e pou yo kenbe bon relasyon yo genyen ak li. Mete sou sa, l ap pwoteje yo nan dènye faz gwo tribilasyon an.

“O JEWOVA! MONTRE M KI JAN POU M MACHE NAN CHEMEN W YO”

15, 16. Ki byenfè nou jwenn lè nou fè sa Bondye di nou fè? Bay yon egzanp.

15 Pou nou kontinye jwenn fòs ak kouraj, nou bezwen pou Bondye kontinye montre nou ki jan pou n mache nan chemen l yo. David montre sa byen klè nan yon priyè li te fè ak tout kè l. Men sa l te di: “O Jewova! Montre m ki jan pou m mache nan chemen w yo. Gide m nan chemen ladwati akoz ènmi m yo.” ​(Sòm 27:11, NW). Pou nou aji ann amoni ak priyè sa a, nou bezwen veye pou nou byen suiv direksyon òganizasyon Jewova a ban nou ki soti nan Bib la e pou n fè sa san pèdi tan. Si w ta pale ak anpil frè ak sè ki peye dèt yo e ki debarase tèt yo ak anpil bagay yo te genyen ki pa t nesesè pou yo viv, se sèten y ap di w lefètke yo te suiv konsèy òganizasyon an bay pou moun senplifye lavi yo, sa te nan avantaj yo, sitou apre dènye kriz ekonomik ki te genyen yo. Frè ak sè sa yo vin pi lib pou yo fè plis nan travay predikasyon an. Nou chak ta dwe poze tèt nou kesyon ki vin annapre a: Èske m aplike tout sa m li nan Bib la ak nan piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an prepare yo san pèdi tan, menm lè sa mande pou m fè sakrifis? — Mat. 24:45.

16 Lè nou kite Jewova montre nou ki jan pou nou mache nan chemen ladwati e nou kite l gide nou nan chemen sa a, anyen pap fè nou pè. Gen yon pyonye pèmanan Ozetazini ki te vle jwenn yon lòt pòs nan travay li ki t ap pèmèt tout fanmi l rete nan sèvis aplentan, men, sipèvizè l la te di l li pap janm ka jwenn pòs sa a paske li pa diplome nan okenn inivèsite. Si sa ta rive w, èske w t ap regrèt ou te antre nan sèvis aplentan e w pa t chèche fè gwo etid? De semèn apre, sipèvizè a te pèdi travay la. Lòt moun ki te ranplase l la te mande frè a ki objektif li. Frè a te fè lòt sipèvize a konnen li menm ak madanm li se Temwen Jewova, yo nan sèvis aplentan e yo vle rete nan sèvis la. Men sa nouvo sipèvizè a te di frè a: “Mwen te santi gen yon bagay nan ou ki diferan! Anvan papa m te mouri, te gen de moun nan menm relijyon avè w ki te konn al lakay li e ki te konn li Labib pou li chak jou. Mwen te di tèt mwen si yon lè mwen ta jwenn posiblite pou m ede yon Temwen Jewova, mwen t ap fè l.” Nan demen maten, frè a te jwenn pòs lòt sipèvizè a pa t vle ba li a. Pa gen dout nan sa, lè nou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou, Jewova ap toujou fè nou jwenn sa nou bezwen nan domèn materyèl. — Mat. 6:33.

LAFWA AK ESPERANS ENPÒTAN ANPIL

17. Ki sa ki pral ban nou konfyans pou nou fè fas ak eprèv nou gen pou n jwenn alavni yo?

17 Nan Sòm 27 la, David montre tou jan li enpòtan pou nou gen lafwa ak esperans. Men sa l di: “Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.” ​(Sòm 27:13). Ki kote nou t ap ye si nou pa t gen esperans Bondye ban nou an e si nou pa t apresye tout bagay Sòm 27 la pale de yo a? Kidonk, toutpandan n ap viv evènman k ap mennen nan Amagedòn yo, n ap bezwen mete konfyans nou nan Jewova epi kontinye priye l pou l ban nou fòs e pou l delivre nou! — Li Sòm 27:14.

[Foto nan paj 23]

David te jwenn fòs ak kouraj paske li te sonje fason Jewova te delivre l.

[Foto nan paj 25]

Èske lè nou gen pwoblèm ekonomik nou konsidere sa kòm yon okazyon pou nou fè plis nan travay predikasyon an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje