Met kouraj sou ou paske Jewova avè w!
“Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. [...] Jewova Bondye w la avèk ou.” — JOZ. 1:9, NW.
1, 2. a) Ki kalite k ap ede nou andire anba eprèv? b) Ki jan w t ap defini lafwa? Bay yon egzanp.
NOU jwenn anpil kè kontan nan sèvis n ap bay Jewova a. Sepandan, menm jan ak tout moun, nou konn gen pwoblèm e nou kapab ap “soufri pou sa ki jis”. (1 Pyè 3:14; 5:8, 9; 1 Kor. 10:13.) Toutpandan n ap andire difikilte sa yo, nou bezwen gen lafwa ak kouraj pou nou rete fidèl.
2 Ki sa lafwa ye? Apot Pòl te fè konnen: “Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans, se prèv klè li genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.” (Ebre 11:1). Men ki jan yon lòt tradiksyon Labib tradui vèsè sa a: “Lafwa se yon papye ki bay garanti konsènan bagay yon moun espere. Se yon asirans yon moun genyen l ap jwenn bagay li pa ka wè.” (The Simple English Bible). Si yon moun ta fè n kado yon bagay, nou gen asirans bagay la se pou nou l ye. Piske nou gen konfyans Bondye toujou reyalize pwomès li, se kòmsi nou gen yon papye nan men nou ki gen anpil valè ki ban nou garanti n ap jwenn sa Bondye pwomèt nou yo. Etandone nou gen lafwa, sa fè n gen asirans n ap wè akonplisman pwomès ki nan Bib la, e sa fè n gen konfyans n ap jwenn bagay nou pa ka wè ki reyèl yo.
3, 4. a) Ki lè yon moun gen kouraj? b) Bay yon fason n ap kapab fè lafwa nou vin pi solid epi vin gen plis kouraj.
3 Yon moun ki gen kouraj se yon moun ki kapab pale e ki kapab aji san l pa pè lè l ap fè fas ak pwoblèm oswa lè l an danje. Lè yon moun gen kouraj, li gen asirans, li brav e li menm dispoze soufri pou sa l kwè. — Mak 6:49, 50; 2 Tim. 1:7.
4 Lafwa ak kouraj se de bèl kalite. Men, ann sipoze nou santi nou bezwen gen plis lafwa e nou pa santi nou gen kouraj. Bib la rakonte istwa lavi plizyè milye moun ki kite yon bèl egzanp nan fason yo te demontre kalite sa yo. Donk, youn nan fason n ap kapab fè lafwa nou vin pi solid epi vin gen plis kouraj, se lè nou egzamine kèk egzanp moun sa yo kite pou nou.
JEWOVA TE AVÈK JOZYE
5. Pou Jozye te ka reyisi nan travay li, ki sa l te dwe genyen?
5 Ann wè sa k te pase sa gen anviwon 3 500 an. Te gentan gen 40 an ki pase depi Jewova te sèvi ak pisans li pou l te delivre plizyè milyon Izrayelit ki te esklav nan peyi Ejip. Se pwofèt Moyiz ki t ap dirije pèp la. Lè Moyiz te vin gen 120 an, Jewova te fè l wè Latè pwomiz delwen. Apre sa, li mouri sou tèt mòn Nebo. Apre lanmò Moyiz, se Jozye, yon moun ki te gen “anpil bon konprann”, ki te vin ap dirije pèp la (Det. 34:1-9). Izrayelit yo te pare pou yo pran Kanaran. Antanke moun k ap dirije Izrayelit yo, pou Jozye te ka reyisi, li te bezwen gen sajès ki soti nan Bondye. Li te dwe egzèse lafwa nan Jewova tou e li te bezwen montre l gen kouraj ak kran. — Det. 31:22, 23.
6. a) Selon Jozye 23:6, nou bezwen gen kouraj pou nou fè ki sa? b) Ki sa nou aprann nan Travay 4:18-20 ak Travay 5:29?
6 Jozye te montre l gen sajès, kouraj ak lafwa pandan tout tan sa te pran Izrayelit yo pou yo pran Kanaran e sa dwe te ankouraje Izrayelit yo. Sepandan, nonsèlman Izrayelit yo te bezwen montre yo gen kran lè yo t apral goumen, men tou, yo te bezwen gen kouraj pou yo te ka fè sa Jozye te mande yo fè yo. Anvan Jozye mouri, men sa l te di Izrayelit yo nan dènye pawòl li yo: “Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l.” (Joz. 23:6). Nou bezwen gen kouraj tou pou nou toujou obeyi Jewova, sitou lè gen moun k ap mande nou pou nou aji yon fason ki pa ann amoni ak volonte Bondye. (Li Travay 4:18-20; 5:29.) Si nou priye Jewova e nou konte sou li, l ap ede nou pran pozisyon pou li avèk kouraj.
FASON POU W REYISI NAN CHEMEN W
7. Ki sa Jozye te dwe fè pou l te ka aji avèk kouraj e pou l te reyisi?
7 Nou bezwen etidye Pawòl Bondye a epi aplike sa nou aprann ladan l yo pou nou ka gen kouraj pou nou fè volonte Bondye. Se sa Jewova te mande Jozye pou l fè apre Jozye te fin ranplase Moyiz. Men sa Jewova te di l: “Se pou w met gason sou ou e se pou w djanm anpil pou w ka pran san w pou w aplike tout lalwa sèvitè m Moyiz te kòmande w la. [...] Pawòl ki nan liv lalwa sa a dwe toujou nan bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba lajounen kou lannuit, dekwa pou w veye pou w fè tout sa ki ekri ladan l, paske se konsa w ap reyisi nan chemen w e se konsa w ap aji avèk sajès.” (Joz. 1:7, 8, NW). Etandone Jozye te suiv konsèy sa a, li te ‘reyisi nan chemen l yo’. Si nou fè menm jan an tou, n ap vin gen plis kouraj e n ap reyisi nan sèvis n ap bay Bondye a.
Men tèks pou ane 2013 la: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. [...] Jewova Bondye w la avèk ou.” — Jozye 1:9, NW.
8. Nan ki vèsè tèks pou ane 2013 la soti, e ki jan w panse pawòl sa yo kapab ede w?
8 Jozye dwe te santi l jwenn anpil fòs lè l te tande Jewova di l pawòl ki vin annapre yo: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. Pinga w tranble e pinga w panike, paske Jewova Bondye w la avèk ou kèlkeswa kote w prale.” (Joz. 1:9, NW). Jewova avèk nou tou. Se sa k fè, kèlkeswa eprèv n ap rankontre, ‘nou pa dwe tranble ni nou pa dwe pè’. Nou dwe toujou sonje pawòl nou pral site la yo: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. [...] Jewova Bondye w la avèk ou.” Nou chwazi pawòl sa yo nou jwenn nan Jozye 1:9 la kòm tèks pou ane 2013 la. Se sèten, pawòl sa yo pral ede nou gen plis fòs pandan mwa k ap vini yo menm jan pawòl ak aksyon lòt moun ki te gen lafwa ak kouraj pral ede nou tou.
YO TE PRAN POZISYON POU JEWOVA AVÈK KOURAJ
9. Ki fason Rahab te montre l gen lafwa ak kouraj?
9 Lè Jozye te voye de espyon al espyone peyi Kanaran, Rahab, yon fi ki te yon pwostitye, te kache mesye yo e l te fè moun ki t ap kouri dèyè mesye yo pran move direksyon. Piske l te aji avèk lafwa ak kouraj, ni li menm ni moun lakay li te ret an vi lè vil Jeriko te tonbe anba men Izrayelit yo (Ebre 11:30, 31; Jak 2:25). Byennantandi, Rahab te abandone move vi li t ap mennen an yon fason pou l te ka fè Jewova plezi. Gen kèk moun ki vin kretyen ki te montre yo gen lafwa, kouraj ak fòs moral pou yo te fè chanjman nan lavi yo menm jan an, yon fason pou yo fè Bondye plezi.
10. Nan ki sikonstans Rit te pran pozisyon pou vrè adorasyon an, e ki benediksyon l te jwenn?
10 Apre lanmò Jozye, Rit, yon Mowabit ki te vèv, te pran pozisyon fèm pou vrè adorasyon an. Piske l te marye ak yon Izrayelit, petèt li te konnen kèk bagay sou Jewova. Nawomi, bèlmè Rit, ki te vèv tou, t ap viv nan peyi Mowab. Men, annapre, li te deside retounen nan vil izrayelit ki te rele Betleyèm nan. Sou tout wout la, Nawomi t ap plede di Rit pou l retounen al jwenn pèp li, men, Mowabit la te reponn: “Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. [...] Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou.” (Rit 1:16). Se sa menm Rit te fè. Apre sa, Bowaz, yon fanmi pwòch Nawomi, te marye ak Rit. Yo te vin fè yon pitit gason ki te vin zansèt David ak Jezi. Vrèmanvre, Jewova beni moun ki montre yo gen lafwa ak kouraj. — Rit 2:12; 4:17-22; Mat. 1:1-6.
ANPIL NAN YO TE RISKE LAVI YO
11. Ki jan Yewoyada ak Yewocheba te montre yo gen kouraj, e ki sa sa te akonpli?
11 Lafwa ak kouraj nou genyen an vin pi solid lè nou wè jan Bondye kanpe ak moun ki mete volonte l ak byennèt kwayan parèy yo an premye. Pa egzanp, ann egzamine sa gran prèt Yewoyada ansanm ak madanm li, Yewocheba, te fè. Apre lanmò wa Ahazya, Atali, manman wa a, te fè touye tout moun ki te fè pati desandans wa a, anwetan Yewoach, epi li pran wayòm nan. Yewoyada ansanm ak Yewocheba te riske lavi yo lè yo te pran Yewoach, youn nan pitit Ahazya yo, epi yo kache l pandan sizan. Nan setyèm ane a, Yewoyada pran Yewoach, li pwoklame l wa epi li fè touye Atali (2 Wa 11:1-16). Annapre, Yewoyada te ede wa Yewoach nan reparasyon tanp lan. Yewoyada te gen 130 an lè l te mouri e yo te antere l ansanm ak wa yo “paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a”. (2 Kwo. 24:15, 16.) Anplis de sa, lefètke Yewoyada ansanm ak madanm li te aji avèk kouraj, sa te pwoteje desandan wa David yo, ki te chita sou twòn li a, pou rive nan Mesi a.
12. Ki sa Ebèd-melèk te fè ki te montre li gen kouraj?
12 Te gen yon enik ki t ap viv nan kay wa Sidkiya, ki rele Ebèd-melèk, ki te riske lavi l pou Jeremi. Prens Jida yo te fè manti sou Jeremi kòmkwa li t ap fè konplo kont wa a. Pou rezon sa a, wa a te lage Jeremi nan men yo e yo te lage l nan yon pi ki chaje ak labou, yon fason pou l te mouri (Jer. 38:4-6). Malgre Ebèd-melèk te konnen malè ki te pandye sou tèt li, piske te gen anpil moun ki rayi Jeremi, li t al pale ak Sidkiya yon fason pou l te ka sove pwofèt la. Sidkiya te dakò e l te voye 30 gason ak Ebèd-melèk pou y al sove Jeremi. Pa mwayen pwofèt la, Bondye te bay Ebèd-melèk asirans li pa t ap mouri lè babilonyen yo ta vin antoure vil Jerizalèm nan (Jer. 39:15-18). Moun ki met kouraj sou yo pou yo fè volonte Bondye ap jwenn rekonpans.
13. Kòman twa Ebre yo te montre yo gen kouraj, e ki sa nou ka aprann nan eksperyans yo te fè a?
13 Nan setyèm syèk anvan epòk nou an, gen twa Ebre, ki t ap sèvi Jewova, ki te bay bonjan prèv ki montre Jewova toujou rekonpanse moun ki montre yo gen lafwa ak kouraj. Wa Neboukadnetsa te rasanble tout gwo potanta ki te gen nan peyi Babilòn yo epi li te mande yo pou yo adore yon gwo estati annò li te fè. Nenpòt moun ki pa t vle adore estati a t ap mouri nan yon founèz dife. Avèk respè, twa Ebre yo te di Neboukadnetsa: “Bondye nou an n ap sèvi a kapab delivre nou. Nan founèz dife ki byen cho a, e anba men w, monwa, l ap delivre nou. Men, si sa pa fèt, ou tou konnen, monwa, dye w yo se pa yo menm n ap sèvi, e imaj annò ou mete kanpe a, nou pap adore l.” (Dàn. 3:16-18, NW). Istwa nou jwenn nan Dànyèl 3:19-30 lan montre byen klè jan Jewova te sove twa Ebre yo yon fason ki enpresyonan. Byenke yo gendwa pa fè n menas pou yo touye nou nan yon founèz dife, men, nou jwenn eprèv tou ki mande pou n kenbe entegrite nou e nou kapab gen asirans Bondye ap beni nou pou lafwa ak kouraj nou demontre.
14. Dapre sa nou li nan Dànyèl chapit 6 la, kòman Dànyèl te montre l gen kouraj e ki jan sa te fini pou li?
14 Dànyèl te montre l gen lafwa ak kouraj lè ènmi l yo te mande wa Dariyis pou l pase yon dekrè ki te mande “pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan 30 jou”. Men sa yo te ajoute: “Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo.” Menm kote Dànyèl fin aprann wa a te siyen dekrè a, “l’al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a”. (Dàn. 6:6-10.) Yo te lage Dànyèl, yon moun ki te gen kouraj, nan yon gwo twou lyon, men, Jewova te delivre l. — Dàn. 6:16-23.
15. a) Ki egzanp Akila ak Prisil kite pou nou antanke moun ki te gen lafwa ak kouraj? b) Ki sa pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 13:34 la vle di, e kòman anpil kretyen montre yo gen kalite lanmou sa a?
15 Akila ak Prisil ‘te riske vi yo pou Pòl’ nan yon seri sikonstans Labib pa rapòte (Tra. 18:2; Wom. 16:3, 4). Avèk kouraj, yo te aji ann amoni ak pawòl sa yo Jezi te di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt.” (Jan 13:34). Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande pou yon moun renmen pwochen l menm jan li renmen tèt li (Lev. 19:18). Men, kòmandman Jezi te bay la te “nouvo” piske l montre nou ta dwe renmen lòt moun jis nan pwen pou nou bay lavi nou pou yo, menm jan li te fè sa. Avèk kouraj, anpil kretyen montre yo renmen kwayan parèy yo lè yo ‘riske vi yo’ yon fason pou yo pa kite frè ak sè yo sibi move tretman oswa menm mouri nan men ènmi yo. — Li 1 Jan 3:16.
Premye kretyen yo pa t fè konpwomi.
16, 17. Ki jan lafwa kèk nan premye kretyen yo te pase anba eprèv, e ki jan nou ka konpare eksperyans yo te fè a ak eksperyans kèk kretyen nan epòk nou an te fè?
16 Menm jan ak Jezi, premye kretyen yo te met kouraj sou yo pou yo adore Jewova sèlman (Mat. 4:8-10). Yo te refize boule lansan pou yo onore anperè women an. (Gade foto a.) Gen yon ekriven ki rele Daniel P. Mannix ki fè konnen: “Se sèlman yon tikras kretyen ki te renye lafwa yo, byenke, an jeneral, yo te mete yon lotèl ki te gen dife sou li nan arèn nan pou yo. Yon prizonye te sèlman bezwen lage yon ti ponyen lansan sou lotèl la, apre sa, yo t ap ba l yon sètifika ki montre l te fè sakrifis e yo t ap libere l. Yo te byen esplike l tou, se pa adore li t apral adore anperè a, men, se senpleman yon jès ki montre li rekonèt anperè a antanke dye piske l se chèf Women yo. Sepandan, te prèske pa gen okenn kretyen ki te aksepte posiblite sa a pou yo te jwenn libète.” — Moun ki pral mouri yo (anglè).
17 Gen anpil kretyen ki te nan kan konsantrasyon Nazi yo ki te fè fas ak lanmò. Kretyen sa yo pa t sispann jwenn opòtinite pou yo jwenn libète yo akondisyon yo te siyen yon deklarasyon ki fè konnen yo pap adore Jewova ankò. Se sèlman kèk nan yo ki te siyen deklarasyon an. Nan ane ki sot pase yo, Temwen Toutsi ak Outou yo te riske lavi yo pou yo pwoteje youn lòt pandan yon jenosid ki te fèt nan peyi Wannda. Sa mande kouraj ak lafwa pou yon moun andire eprèv sa yo.
PA BLIYE SA, JEWOVA AVÈK NOU!
18, 19. Egzanp ki moun, ki te gen lafwa ak kouraj, Bib la ban nou ki kapab ede nou patisipe nan travay predikasyon an?
18 Jodi a, nou gen privilèj pou nou patisipe nan kokennchenn travay sèvitè Bondye yo ap fè a ki se preche mesaj Wayòm nan epi fè disip (Mat. 24:14; 28:19, 20). Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske Jezi kite yon egzanp san parèy pou nou nan domèn sa a! Li te “vwayaje sot nan yon vil al nan yon lòt, sot nan yon bouk al nan yon lòt, l ap preche e l ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a”. (Lik 8:1.) Menm jan ak Jezi, nou bezwen gen lafwa ak kouraj pou nou rive preche mesaj Wayòm nan. Grasa èd Bondye, nou kapab vin menm jan ak Noye, yon moun ki te gen kouraj e ki pa t pè “preche sa ki jis” nan “yon monn kote moun yo pa t gen respè pou Bondye” e ki t apral detwi nan yon delij. — 2 Pyè 2:4, 5.
19 Lapriyè ede nou patisipe nan travay predikasyon an. Lè kèk nan disip Kris yo t ap sibi pèsekisyon, yo te priye pou yo ka “pale pawòl Bondye a avèk kran”, e Bondye te reponn priyè yo te fè a. (Li Travay 4:29-31.) Si w priye Jewova pou w jwenn plis lafwa ak kouraj paske w timid e w santi w pa ka preche kay an kay, Jewova ap reponn priyè w laa. — Li Sòm 66:19, 20.
20. Antanke sèvitè Jewova, kiyès ki avèk nou?
20 Se yon gwo defi sa ye pou nou kontinye fè volonte Bondye toutpandan n ap fè fas ak difikilte ki gen nan monn sa a ki mechan e ki chaje ak pwoblèm. Sepandan, nou pa poukont nou paske Bondye ansanm ak Pitit li a, ki se Chèf kongregasyon an, avè n. Gen plis pase 7 000 000 Temwen Jewova, sou tout kò tè a, ki avè n tou. Annou mete ansanm avèk tout moun sa yo pou nou kontinye montre nou gen lafwa epi kontinye preche bon nouvèl la toutpandan n ap kenbe tèks pou ane 2013 la nan lespri nou ki di: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. [...] Jewova Bondye w la avèk ou.” — Joz. 1:9, NW.
a N ap jwenn plis egzanp konsènan moun ki te montre yo gen kouraj nan atik ki gen tit “Mete gason sou ou, pa janm dekouraje” ki te parèt nan Toudegad 15 fevriye 2012 la.