Pa kite anyen fè w pran distans ou ak Jewova!
“Depi kounyeya chwazi [kiyès] nou vle sèvi.” — JOZ. 24:15.
1-3. a) Sa k fè Jozye se yon bon egzanp antanke moun ki te fè bon chwa nan lavi a? b) Lè n gen desizyon pou n pran, ki sa n dwe toujou sonje?
MO “CHWAZI” a se yon mo ki fò. Yon moun ki gen chwa kapab pran desizyon l vle e li plizoumwen gen kontwòl sou direksyon l ap bay lavi l. Ann pran yon egzanp: Imajine yon moun k ap mache sou yon wout, epi bridsoukou, li rive nan yon kafou kote wout la divize an de e chak wout sa yo mennen yon kote diferan. Ki wout l ap chwazi? Si moun sa a konn kote l vle ale a, l ap chwazi wout k ap mennen l pi pre kote l vle ale a olye l chwazi wout k ap mennen l pi lwen an.
2 Nan Bib la nou jwenn egzanp plizyè moun ki te twouve yo nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon nou sot pale de li pi wo a. Pa egzanp, Kayen te gen pou l chwazi ant aji avèk kòlè oswa metrize tèt li (Jen. 4:6, 7). Jozye te gen pou l chwazi ant sèvi vrè Dye a oswa adore fo dye yo (Joz. 24:15). Objektif Jozye se te pou l ret atache ak Jewova, se sa k fè li te chwazi chemen ki te fè l atenn objektif sa a. Piske Kayen li menm pa t gen objektif sa a, li te chwazi yon chemen ki te mennen l byen lwen Jewova.
3 Pafwa, nou ka nan yon sitiyasyon kote nou dwe pran yon desizyon e nou gen plizyè posiblite devan nou. Si sa rive w, toujou sonje objektif ou se bay Jewova glwa nan tout sa w ap fè epi evite kèlkeswa bagay ki ka mennen w lwen Jewova. (Li Ebre 3:12.) Nan atik sa a ak nan sa k ap vin annapre a, nou pral egzamine sèt bagay nou pa dwe kite yo fè nou pran distans nou ak Jewova.
TRAVAY NOU AK KARYÈ NOU
4. Poukisa yon travay pwofàn enpòtan?
4 Kretyen yo gen obligasyon pou yo pran swen tèt yo e pou yo pran swen fanmi yo. Bib la fè konnen si yon moun pa vle pran swen moun lakay li, li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa (2 Tes. 3:10; 1 Tim. 5:8). Se vre, yon travay pwofàn gen anpil enpòtans, men, si w pa fè atansyon, travay ak karyè ka fè w pran distans ou ak Jewova. Ki jan sa ka rive?
5. Ak ki sa nou dwe reflechi lè n ap chèche travay?
5 Ann sipoze w ap chèche travay. Si w ap viv nan yon peyi kote li pa fasil ditou pou moun jwenn travay, ou gendwa anvi aksepte kèlkeswa travay ou jwenn nan. Men, e si sa yo mande w fè nan travay sa a pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la? E si orè travay sa a ak kote l ye a anpeche w patisipe nan aktivite w genyen antanke kretyen oswa li fè w pa gen tan pou fanmi w? Èske w t ap aksepte travay sa a kanmenm paske w panse li pi bon pou yon moun gen yon travay menmsi li pa apwopriye pou yon kretyen olye l ret san l pap fè anyen? Pa janm bliye sa, ou pap ka ret pwòch ak Jewova si w chwazi move chemen an (Ebre 2:1). Ki sa k kapab ede w fè yon bon chwa kit se chèche w ap chèche travay, kit se reflechi w ap reflechi pou w deside si w ap kenbe travay ou gen kounye a?
6, 7. a) Ki objektif yon moun ka genyen anrapò ak travay pwofàn? b) Ki objektif k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova, e poukisa?
6 Jan nou sot di sa pi wo a, nou pa dwe janm bliye objektif nou. Mande tèt ou: ‘Poukisa m ap travay?’ Si w konsidere travay pwofàn kòm yon mwayen k ap ede w pran swen tèt ou ak fanmi w nan sèvis Jewova a, Jewova ap beni efò w yo (Mat. 6:33). Jewova pa ret bra kwaze lè nou pèdi travay nou oswa lè lavi a kòmanse ap mal mennen nou sanzatann (Iza. 59:1). Labib di: “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv.” — 2 Pyè 2:9.
7 Èske objektif ou se pou w vin rich? Petèt, ou ka rive atenn objektif sa a. Sepandan, menmsi w vin rich, toujou sonje ou pap janm fin peye konsekans swadizan siksè sa a ap gen sou ou. (Li 1 Timote 6:9, 10.) Lè yon moun bay richès ak karyè twòp enpòtans sa ka fè l pran distans li ak Jewova.
8, 9. Ki sa paran yo dwe sonje anrapò ak travay pwofàn yo? Esplike.
8 Si w se yon paran, panse ak efè egzanp ou bay ka gen sou timoun yo. Ki sa yo wè ki gen plis enpòtans pou ou, èske se travay ou oswa relasyon w ak Jewova? Si yo wè se gwo pozisyon, renome ak richès ki gen plis enpòtans pou ou, èske yo pap suiv ou nan chemen sa a ki mennen tou dwat nan destriksyon? Èske yo pap manke respè pou ou? Men sa yon sè ki gen 17 an fè konnen: “Pa gen yon lè m sonje travay papa m pa t pran tout tan l. Okòmansman, genlè se paske l te vle byen pran swen fanmi an ki fè l t ap travay di konsa. Men, nan dènye ane ki sot pase yo gen yon bagay ki te rive: afòs papa m te travay anpil, fanmi an te vin ap viv nan yon liks egzajere. Konsa, yo te vin konnen nou kòm yon fanmi ki chaje ak lajan olye yo konnen nou kòm yon fanmi k ap ankouraje lòt moun pousuiv objektif espirityèl. Mwen ta plis renmen gen yon papa k ap ede m gen yon pi bon relasyon ak Jewova olye m gen yon papa k ap ban m lajan chak jou.”
9 Paran, pa kite travay ou lakòz ou pran distans ak Jewova paske w bay travay sa a twòp enpòtans. Nan fason w ap viv, montre pitit ou, ou kwè toutbonvre pi gwo richès yon moun kapab genyen se lè l gen yon bon relasyon ak Jewova, men se pa lè l gen anpil byen materyèl. — Mat. 5:3.
10. Ki sa yon jèn ta dwe sonje lè l ap chwazi yon karyè?
10 Si w se yon jèn ki ta renmen fè karyè nan yon domèn, ki jan w ka chwazi chemen ki pi bon an? Jan nou sot wè sa pi wo a, ou dwe konnen ki sa w vle fè ak lavi w. Èske domèn ou ta renmen resevwa fòmasyon ladan l lan e w ta renmen travay ladan l lan ap ede w pi byen pousuiv enterè Wayòm nan oswa èske l ap fè w pran distans ou ak Jewova (2 Tim. 4:10)? Èske objektif ou se imite moun ki kontan sèlman lè yo gen anpil kòb sou kanè bank yo oswa lè biznis yo ap byen mache? Oubyen, èske w ap chwazi fè Jewova konfyans menm jan ak David ki te di: “Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.” (Sòm 37:25)? Pa janm bliye sa, gen yon chemen k ap fè w pran distans ou ak Jewova tandiske gen yon lòt k ap fè w jwenn pi bon lavi ou te ka genyen an. (Li Pwovèb 10:22; Malaki 3:10.) Kiyès nan de chemen sa yo w ap chwazia?
DETANT AK DIVÈTISMAN
11. Ki sa Bib la fè konprann konsènan detant ak divètisman, e ki sa nou dwe toujou sonje?
11 Labib pa kont detant, ni li pa fè konprann detant ak divètisman se tan pèdi. Pòl te fè Timote konnen “egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay”. (1 Tim. 4:8.) Labib menm montre gen yon “lè pou [moun] ri” ak yon “lè pou [moun] fè fèt”, e li ankouraje nou tou pou nou pran bonjan repo (Ekl. 3:4; 4:6). Sepandan, si w pa fè atansyon, detant ak divètisman ka fè w pran distans ou ak Jewova. Sa k fè sa? Pifò danje ki gen nan zafè detant chita sou de bagay: kalite detant nou chwazi a ak kantite tan nou pase ap detann nou.
Detant ki byen chwazi e ki pa pran anpil tan vrèman ankourajan.
12. Ki kesyon nou dwe poze konsènan kalite detant ak divètisman n ap chwazi?
12 Toudabò, ann pale konsènan kalite detant nou dwe pran. Li posib pou nou jwenn bonjan detant ak bonjan divètisman. Sepandan, nou dwe admèt pifò detant ki gen nan monn nan ankouraje moun fè bagay Jewova rayi. Se kapab vyolans, espiritis ak relasyon seksyèl ki imoral. Se sa k fè, nou bezwen byen egzamine ki kalite detant ak divètisman n ap pran. Ki efè yo gen sou nou? Èske yo ankouraje nou vin moun ki vyolan, ki gen lespri konpetisyon oswa ki nasyonalis (Pwo. 3:31)? Èske yo fin manje tout ti kòb nou genyen? Èske yo fè lòt moun trebiche (Wom. 14:21)? Ki kalite zanmi detant ak divètisman nou chwazi yo fè nou genyen (Pwo. 13:20)? Èske yo fè n anvi fè sa ki mal? — Jak 1:14, 15.
13, 14. Ki sa nou pa dwe bliye anrapò ak kantite tan nou pase ap detann nou?
13 Kounye a, ann egzamine kantite tan nou pase nan detant ak divètisman. Mande tèt ou: ‘Èske m tèlman fè anpil tan ap detann mwen sa fè m vin gen mwens tan pou bagay espirityèl yo?’ Si nou chwazi pase anpil tan nan detant ak divètisman, nou pap janm ka reprann fòs nou jan nou ta vle a lè nou jwenn ti moman pou nou repoze nou. An reyalite, moun ki jwenn plis kè kontan nan detant se moun ki kite detant nan plas li. Sa k fè n di sa? Piske yo konnen yo fè “bagay ki pi enpòtan yo” anvan, konsyans yo pa repwoche yo lè y ap detann yo. — Li Filipyen 1:10, 11.
14 Se vre, lè n pase anpil tan ap detann nou, sa ka sanble enteresan. Men, sa ka fè nou pran distans nou ak Jewova. Kim, yon sè ki gen 20 an, deja fè eksperyans sa a. Men sa l di: “Depi se kote ki gen fèt, mwen te toujou la. Chak wikenn toujou gen gwo pwogram, kit se vandredi, samdi oswa dimanch. Men, kounye a, mwen rann mwen kont gen anpil bagay enpòtan pou m fè. Pa egzanp, antanke pyonye, mwen leve a sizè dimaten pou m al preche. Donk, mwen pa ka ret nan pran plezi ak zanmi jiska inè oswa dezè dimaten. Mwen konnen se pa tout aktivite moun fè an gwoup ki pa bon, men, mwen konnen tou aktivite sa yo ka bay gwo pwoblèm. Kidonk, menm jan ak tout lòt bagay, yo dwe ret nan plas yo.”
15. Ki jan paran yo ka ede pitit yo pran bonjan detant?
15 Paran yo gen responsablite pou yo pran swen tèt yo ak pitit yo nan domèn materyèl, espirityèl ak afektif. Mete sou sa, yo pa dwe bliye pou yo pran detant ak fanmi yo. Si w se yon paran, pa aji tankou moun ki panse pa gen okenn detant ki bon. Sepandan, ou dwe fè atansyon ak bagay ki ka gen move enfliyans sou fanmi w (1 Kor. 5:6). Si w byen reflechi, ou ka jwenn detant ak divètisman ki vrèman ankourajan pou fanmi anb. Konsa, ni ou menm ni timoun ou yo ap chwazi chemen k ap fè nou vin pi pwòch ak Jewova a.
RELASYON NOU GEN AK FANMI NOU
16, 17. Ki sitiyasyon ki lage anpil paran nan gwo lapenn, e ki jan nou fè konnen Jewova konprann doulè paran sa yo?
16 Relasyon ki egziste ant paran ak pitit tèlman fò, Jewova sèvi ak kalite relasyon sa a pou l montre lanmou li gen pou pèp li a (Iza. 49:15). Se sa k fè, li toutafè nòmal pou yon moun nan gwo lapenn lè yon moun nan fanmi l kite Jewova. Gen yon sè ki gen pitit fi l ki eskominye ki te di: “Bagay sa a te kraze m anpil, mwen t ap mande tèt mwen ‘poukisa l kite Jewova?’ Mwen te santi m koupab e mwen te blame tèt mwen pou sa k te pase a!”
17 Jewova konprann doulè w. Lè premye moun li te kreye sou tè a te vire do ba li, epi annapre, lè pifò moun ki t ap viv sou tè a anvan delij la te fè menm jan an, “sa te fè l lapenn nan kè l”. (Jen. 6:5, 6, NW.) Li ka difisil pou yon moun ki pa janm nan sitiyasyon sa a konprann jan soufrans sa a rèd. Sepandan, li pa t ap saj ditou pou w kite move konduit yon moun nan fanmi w ki eskominye fè w pran distans ou ak Jewova. Nan ka sa a, lè yon manm fanmi nou kite Jewova, ki sa k ka ede n fè fas ak gwo lapenn sa pote a?
18. Poukisa paran yo pa dwe blame tèt yo si yon pitit yo kite Jewova?
18 Pa blame tèt ou pou sa k rive a. Jewova bay chak moun posiblite pou yo chwazi sa yo vle. Chak moun nan fanmi an ki vwe lavi l bay Jewova e ki batize “ap pote pwòp chay pa l”. (Gal. 6:5.) Anplis de sa, se moun ki fè peche a k ap responsab chwa l te fè a devan Jewova, se pa ou menm (Eze. 18:20). Ou pa dwe blame lòt moun pou sa k pase a tou. Ou dwe respekte dispozisyon Jewova pran pou l bay disiplin. Ou pa dwe fache kont ansyen yo ki te aji yon fason pou yo pwoteje kongregasyon an. Okontrè, ou dwe kenbe fèm kont Dyab la. — 1 Pyè 5:8, 9.
Se pa yon mal si yon moun gen espwa moun li renmen an ap retounen vin jwenn Jewova.
19, 20. a) Lè yon paran gen pitit li ki eskominye, ki sa k ka ede l sipòte lapenn sa pote? b) Ki espwa paran sa yo dwe genyen?
19 Yon lòt bò, si w chwazi vin an kòlè kont Jewova pou sa k rive a, sa ap fè w pran distans ou avè l. Sa klè, sa moun nan fanmi w bezwen wè, se detèminasyon w pran pou w bay Jewova plis enpòtans pase tout lòt bagay, san wete relasyon w te gen ak moun ki eskominye a. Pou w ka rive fè fas ak sitiyasyon sa a, ou dwe asire w ou gen yon bon relasyon ak Jewova. Pa bay frè ak sè nan kongregasyon an bwa long kenbe (Pwo. 18:1). Vide kè w bay Jewova nan lapriyè (Sòm 62:7, 8). Pa chèche eskiz pou w kenbe zanmitay ak moun nan fanmi w ki eskominye a, pa egzanp, lè w voye imel ba li (1 Kor. 5:11). Mete sou sa, rete okipe nan aktivite w genyen antanke kretyen (1 Kor. 15:58). Men sa sè nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Mwen konnen m dwe rete okipe nan travay Jewova a e m dwe ranfòse relasyon m avè l yon fason pou m ka nan pi bon kondisyon pou m ede pitit fi m nan lè l retounen vin jwenn Jewova.”
20 Labib fè konnen lanmou “espere tout bagay”. (1 Kor. 13:4, 7.) Se pa yon mal si yon moun gen espwa moun li renmen an ap retounen vin jwenn Jewova. Chak ane, gen anpil moun ki repanti e ki tounen nan òganizasyon Jewova a, apre yo te fin eskominye yo. Jewova pa fache lè moun sa yo repanti, okontrè, li “[dispoze] padonnen peche” yo. — Sòm 86:5.
FÈ BONJAN CHWA
21, 22. Ki detèminasyon w pran anrapò ak fason w ap sèvi ak libète w genyen pou chwazi a?
21 Jewova te kreye nou ak libète pou nou chwazi. (Li Detewonòm 30:19, 20.) Men libète sa a mache ak yon gwo responsablite. Chak kretyen dwe mande tèt li: ‘Sou ki wout m ap mache? Èske m kite travay, karyè, detant ak divètisman oswa relasyon m gen ak fanmi m fè m pran distans mwen ak Jewova?’
22 Lanmou Jewova gen pou pèp li a pap janm chanje. Sèl fason nou kapab pran distans nou ak Jewova se lè nou chwazi mache nan move chemen an (Wom. 8:38, 39). Nou swete sa pap janm rive! Se pou nou detèmine pou n pa kite anyen fè nou pran distans nou ak Jewova. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kat lòt bagay nou dwe pran detèminasyon pou nou pa kite yo fè nou pran distans nou ak Jewova.
a Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason yon moun kapab chwazi yon karyè, gade chapit 38 liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 2.
b Pou nou ka jwenn plis enfòmasyon, gade Réveillez-vous! novanm 2011, paj 17-19.