BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/7 p. 26
  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Nouvo manm nan Kolèj santral la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Yon reyinyon nou pap janm bliye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Li te ‘konn chemen an’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/7 p. 26

Yon nouvo manm nan Kolèj santral la

Jou mèkredi maten ki te 5 septanm 2012 la, yo te fè fanmi Betèl Kanada a ak fanmi Betèl Etazini an konnen gen yon nouvo manm nan Kolèj santral Temwen Jewova yo. Frè sa a rele Mark Sanderson, e li te kòmanse nouvo asiyasyon sa a depi 1ye septanm 2012.

Frè Sanderson te grandi Sanndyego, Kalifòni, nan peyi Etazini e paran l yo te kretyen. Li te batize jou ki te 9 fevriye 1975 lan. Li te kòmanse sèvi antanke pyonye nan vil Saskatchewan, nan peyi Kanada, nan dat 1ye septanm 1983, e, nan mwa desanm 1990, li te gradye nan setyèm klas Lekòl fòmasyon ministeryèl ki te fèt nan peyi Etazini (jodi a, yo rele lekòl sa a Lekòl biblik pou frè selibatè). Nan mwa avril 1991, yo te nome frè Sanderson pyonye espesyal e l t al sèvi nan yon zile nan peyi Kanada ki rele Terre-Neuve. Apre li te fin sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan, li te jwenn envitasyon pou l vin fè pati fanmi Betèl peyi Kanada a, nan mwa fevriye 1997. Nan mwa novanm 2000, yo te transfere l nan filyal peyi Etazini a kote li te travay nan Sèvis enfòmasyon ospitalye e annapre nan Biwo sèvis.

An septanm 2008, frè Sanderson te asiste Lekòl pou manm Komite filyal yo. Annapre, li te vin manm Komite filyal peyi Filipin. An septanm 2010, yo te mande l tounen nan peyi Etazini, kote li te bay èd li nan Komite sèvis ki nan Kolèj santral la.

Frè ki fè pati Kolèj santral la jodi a:

Dèyè, soti sou bò goch al sou bò dwat: D. H. Splane, A. Morris III, D. M. Sanderson, G. W. Jackson, M. S. Lett. Devan, soti sou bò goch al sou bò dwat: S. F. Herd, G. Lösch, G. H. Pierce. Tout manm Kolèj santral la se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje