BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/8 p. 3-7
  • Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki efè pònografi gen sou moun?
  • Ki efè pònografi gen sou fanmi?
  • Ki sa Bib la di sou pònografi?
  • Poukisa m dwe evite pònografi?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa m dwe rejte pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fason n ka jwenn bonjan pwoteksyon kont youn nan pyèj Satan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • E si mwen esklav pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/8 p. 3-7
[Foto nan paj 2, 3]

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?

Jodi a, pònografia gaye toupatou. Yo jwenn li nan reklam, nan katalòg, nan fim, nan televizyon, nan mizik, nan liv, nan jounal, nan jwèt videyo, sou telefòn, nan aparèy mobil, sou entènèt ak sou sit ki bay moun espas pou yo stoke foto kote lòt moun ka vin gade yo e yo ka telechaje yo. Sanble sosyete a aksepte pònografi kòm yon bagay nòmal. Plis pase tout lòt lè nan listwa, jodi a gen plis moun k ap gade pònografi e yo fè sa plis kote sou tè a. — Gade kare ki gen tit “Kèk verite sou pònografi”.

Kalite mòd pònografi yo chanje tou. Men sa yon pwofesè ki rele Gail Dines ekri: “Imaj ki gen jodi a tèlman sal nan dènye degre, sèn moun te konsidere kòm sèn ki egzajere lontan vin tounen sèn ki nòmal jodi a.”

Ki sa w panse sou fason pònografi ap gaye jodi a e sou fason moun yo konsidere l? Èske se yon pastan ki san danje, se yon pwazon vyolan oubyen èske se yon bagay ki pa twò grav pase sa? Men sa Jezi te di: “Tout bon pyebwa bay bon fwi, men tout pyebwa ki pa bon bay fwi ki san valè.” ​(Matye 7:17). Ki fwi pònografi bay? Pou n jwenn repons kesyon sa yo, ann egzamine kèk kesyon enpòtan sou pònografi.

Ki efè pònografi gen sou moun?

SA ESPESYALIS YO DI: Pònografi gen gwo enfliyans sou moun, li fè yo vin esklav. Moun ki fè rechèch nan domèn nan ak pwofesyonèl k ap ede moun kite move abitid sa a konpare l ak dwòg yo rele krak la.

Brisonb, ki te renmen gade pònografi sou Entènèt, di: “Pa gen anyen ki te ka bloke m, se kòmsi mwen pa t ka kontwole sa m ap fè. M te konn ap tranble e m te konn gen tèt fè mal. M te goumen anpil pou m kite l, men m te toujou esklav li menm apre yon pakèt ane te fin pase.”

Byen souvan, moun ki lage kò yo nan pònografi yo kache sa. Yo fè afè yo an sekrè e yo renmen twonpe moun. Li pa etonan si anpil nan yo santi yo poukont yo, yo santi yo wont, yo enkyè, yo deprime e yo an kòlè. Nan kèk ka, gen nan yo ki konn menm anvi touye tèt yo. Sègo te konn telechaje pònografi sou telefòn li prèske chak jou. Men sa li di: “M te vin wè tèt mwen sèlman e m te pèdi espwa. M te santi m pa t gen valè, m te koupab, m te santi m lage poukont mwen, e m te pran nan pyèj. M te twò jennen e m te twò pè pou m mande èd.”

Si nou gade pònografi menmsi se pou yon tikras tan oubyen menmsi se tonbe nou tonbe sou li pa aksidan, sa ka gen move konsekans sou nou. Men sa doktè Judith Reisman k ap dirije yon rechèch sou pònografi te di devan yon komite Sena ameriken: “Lè yon moun gade pònografi, imaj yo rete grave nan sèvo l, yo transfòme l, epi nan yon ti moman, san moun nan pa menm rann li kont, yo fè chanjman nan reyaksyon chimik ki fèt nan sèvo l, konsa li fè moun nan vin gen nouvo souvni e souvni sa yo dire lontan. Yo difisil pou yo efase nan memwa l oubyen yo konn menm enposib pou yo efase.” Sizàn gen 19 an. Lontan, li te konn gade pònografi sou Entènèt. Men sa l di: “Imaj yo ret grave nan panse m. Yo vin nan lespri m sanzatann. Mwen panse m pap janm rive efase yo nèt nan tèt mwen.”

BAGAY OU DWE SONJE: Pònografi fè moun vin esklav e li fè gwo ravaj lakay moun ki viktim yo. — 2 Pyè 2:19.

Ki efè pònografi gen sou fanmi?

SA ESPESYALIS YO DI: “Pònografi kraze maryaj e li kraze fanmi.” — The Porn Trap, se Wendy ak Larry Maltz ki ekri l.

Pònografi fè dega ni nan maryaj ni nan fanmi lè:

  • Li fè mari ak madanm pèdi konfyans youn dwe gen nan lòt tikras pa tikras, li diminye lanmou yo genyen e li fè yo pèdi entimite yo. — Pwovèb 2:12-17.

  • Li pouse yo wè tèt yo sèlman, li fè youn vin pa enterese nan lòt, youn vin pa satisfè ak lòt. — Efezyen 5:28, 29.

  • Li fè yo toujou imajine y ap fè sèks e yo gen gwo pasyon, sa afekte sante yo. — 2 Pyè 2:14.

  • Li pouse yo fòse konjwen yo fè sèks avèk yo fason ki pa nòmal. — Efezyen 5:3, 4.

  • Li fè yo gen santiman pou lòt moun e li fè yo pa fidèl ak konjwen yo. — Matye 5:28.

Bib la mande mari ak madanm pou yo “kenbe pwomès” youn te fè lòt (Malaki 2:16). Enfidelite se yon zak trayizon ki ka lakòz gwo pwoblèm nan maryaj e ki ka mennen nan separasyon ak nan divòs. Separasyon ak divòs fè timoun yo pèdi tout byenfè yo t ap jwenn si toule de paran yo te la.

[Foto nan paj 4, 5]

Pònografi ka gen move efè sou timoun yo yon fason ki pi dirèk toujou. Brison, nou te pale de li anvan an, di: “Lè m te gen dizan konsa, mwen t al tonbe sou liv pònografi papa m te genyen yo pandan nou t ap fè lago kache. M te kòmanse gade yo an kachèt san m pa t menm konnen poukisa imaj sa yo te atire m konsa. M te pran abitid fè sa jiskaske m vin gran e sa te lakòz gwo dega nan lavi m.” Etid kèk moun fè nan domèn nan montre pònografi ka pouse adolesan yo lage kò yo nan fè sèks pandan yo tou jèn, sa fè yo mennen yon vi lib, yo vin vyolan nan domèn seksyèl e yo vin enstab nan santiman yo ak nan panse yo.

BAGAY OU DWE SONJE: Pònografi gate bon relasyon moun genyen ak lòt moun e san mank l ap pote soufrans ak lapèn. — Pwovèb 6:27.

Ki sa Bib la di sou pònografi?

MEN SA PAWÒL BONDYE A DI: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” — Kolosyen 3:5.

Sa klè, Jewovac rayi pònografi. Sa pa vle di tout bagay ki gen rapò ak sèks chokan pou li. Li te kreye ògàn seksyèl yo pou moun ki marye yo itilize yo pou youn fè lòt plezi, pou youn vin pi renmen lòt e pou yo fè timoun, yon fenomèn estrawòdinè. — Jak 1:17.

Men, poukisa nou ka di Jewova rayi pònografi? Ann egzamine kèk rezon ki fè sa.

  • Li konnen pònografi ka detwi lavi moun. — Efezyen 4:17-19.

  • Li renmen nou e li vle pwoteje nou kont bagay ki ka fè nou soufri. — Izayi 48:17, 18.

  • Jewova vle pwoteje ni maryaj ni fanmi. — Matye 19:4-6.

  • Li vle nou pwòp nan domèn moral e li vle nou respekte dwa lòt moun. — 1 Tesalonisyen 4:3-6.

  • Li vle nou byen sèvi ak kapasite li ban nou pou n fè pitit e li vle nou montre respè pou sa. — Ebre 13:4.

  • Jewova konnen pònografi reflete pwennvi defòme, pwennvi egoyis Satan gen sou sèks. — Jenèz 6:2; Jid 6, 7.

BAGAY OU DWE SONJE: Pònografi fè moun pèdi amitye ak Bondye. — Women 1:24.

Sepandan, Jewova gen konpasyon pou moun ki vle libere anba pònografi. Bib la di: “[Jewova] gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen nou. Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.” ​(Sòm 103:8, 14). Li mande moun ki enb yo pou yo pwoche bò kote l pou yo ka ‘resevwa mizèrikòd ak favè san parèy la k ap ede yo nan bon moman.’ — Ebre 4:16; gade kare ki gen tit “Fason pou w libere anba pònografi”.

Anpil moun aksepte èd Bondye bay. Èske yo jwenn bon rezilta? Gade sa Bib la di sou kèk moun ki te rive venk kèk move abitid yo te genyen: “Yo lave nou, yo fè nou vin sen, yo deklare nou jis nan non Seyè nou an Jezi Kris e avèk lespri Bondye nou an.” ​(1 Korentyen 6:11). Menm jan ak apot Pòl, moun sa yo ka di: “Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.

Sizàn ki reyisi soti anba esklavaj pònografi di: “Se sèl Jewova ki ka ede w kite vye abitid sa a. Si w mande l èd li ak direksyon l, l ap ba ou l, w ap ka vin pwòp devan je l. Li pap abandone w.”

Fason pou w libere anba pònografi

Èske w konnen yon moun k ap fè gwo efò pou l rive libere anba esklavaj pònografi? Ann egzamine sa k te ede kèk moun libere anba pratik sa a.

1. Priye Bondye.

[Foto]

“Etap ki pi enpòtan pou yon moun soti nan pyèj pònografi a se mande Jewova èd li nan lapriyè.” — Franz.

Jewova ka bay moun nan lespri sen, l ap ba li ‘volonte ak fòs pou l aji’. (Filipyen 2:13.) Si moun nan kite lespri sen gide l, sa ap ede l venk ‘ni move pasyon ni move dezi l genyen’. — Galat 5:16, 24.

2. Chèche èd nan men lòt moun.

[Foto]

“Pònografi se yon pratik moun tèlman fè an kachèt, li tèlman bay wont, sa fè w santi ou pa ka mande moun èd. Ou panse ou ka venk abitid sa a poukont ou. Men, sa w panse a se pa sa. Se sèlman lè w chèche èd w ap ka venk abitid sa a. Se sa k fè, m te mete tout ògèy sou kote, m te pale sa ak madanm mwen. Mete sou sa, m t al chèche èd nan men yon zanmi m ka fè konfyans. Se bagay ki pi difisil m te fè, men, m te jwenn èd m te bezwen an.” — Yoshi.

Sa mande kouraj ak detèminasyon pou w pale sou yon sijè konsa ak lòt moun. Men, se yon etap enpòtan pou w rive libere anba pònografi e pou w tounen gen bon relasyon ak moun ki pwòch ou. Men sa Sizàn nou te pale de li anvan an di: “Apre m te fin chèche èd, m te vin gen yon gwo soulajman. Li te difisil anpil pou m pale de sa ak lòt moun, men kounye a mwen santi m anpè e m gen yon konsyans ki klè.” — Jak 5:16.

3. Idantifye sa k konn fè w anvi gade pònografi epi evite yo.

[Foto]

Ki sitiyasyon w konn ye, ki lide ki konn pase nan tèt ou, oubyen ki santiman w konn genyen ki fè w vin gen move dezi sa a? Èske se lè w al sou Entènèt? Lè w ret ta nan televizyon? Lè w ap li jounal, w ap li woman? Lè w al nan plaj? Lè w grangou, lè w fache, lè w poukont ou oswa lè w fatige? Sven di: “Idantifye feblès pa w yo epi evite yo nèt”. Jezi te di: “Si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w.” — Matye 5:29.

Franz di: “Lè m gen tandans gade yon fi ak move lide, menm kote a m priye Jewova e m vire tèt mwen byen vit pou m fòse je m gade yon lòt kote”. Jòb, yon patriyach ki te fidèl, te di: “Mwen te fè sèman pou m’ pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.” — Jòb 31:1.

4. Chèche gen pi bon relasyon ak Bondye.

[Foto]

Men sa Franz ajoute: “Ranpli lespri w ak panse ki pwòp epi ranpli lavi w ak aktivite espirityèl”.

Bib la di: “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, depi se yon bèl kalite e depi se yon bagay ki merite louwanj. [...] E Bondye lapè a ap avèk nou.” — Filipyen 4:8, 9.

a Mo “pònografi” a fè referans ak tout sa yo fè ki gen sèn seksyèl ladan yo nan objektif pou yo fè moun k ap gade yo oubyen moun k ap koute yo vin gen gwo anvi. Ladan yo gen foto, liv, jounal, materyèl odyo.

b Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

c Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.

KÈK VERITE SOU PÒNOGRAFI

CHAK SEGONN: Anviwon 30 000 moun al gade pònografi sou Entènèt.

CHAK MINIT: Moun ki sèvi ak Entènèt yo voye plis pase 1.7 MILYON imel ki gen pònografi ladan yo.

CHAK INÈDTAN: Yo pibliye anviwon DE videyo pònografi ki gen sèn egzajere ladan yo.

CHAK JOU: Nan peyi Etazini sèlman, an mwayèn, moun yo lwe plis pase DE MILYON fim pònografi.

CHAK MWA: Nan peyi Etazini, anviwon 9 jèn gason sou 10 ak 3 jèn fi sou 10 gade pònografi.

CHAK ANE: Sou tout tè a, konpayi pònografi yo fè anviwon 100 MILYA DOLA (U.S.).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje