ANNOU PWOCHE BÒ KOTE BONDYE
“Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf”
Èske w pa ta renmen pou ni ou menm ni fanmi w viv an sante e pou nou viv lontan? Èske w pa anvi viv nan yon monn kote pa gen lapèn, pa gen soufrans e pa gen lanmò? Lè moun ap panse ak yon monn konsa se pa reve y ap reve je klè. Okontrè, se toutbon, talè konsa pral gen yon monn kote ap gen jistis, paske se objektif sa a Jewova genyen. Gade kòman Revelasyon 21:3-5 dekri fason Jewova pral reyalize objektif li genyen. — Li vèsè yo.
“[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo.” (Revelasyon 21:4). Ki kalite dlo Bondye pral siye nan je nou? Se pa dlo ki konn sot nan je nou lè nou kontan ni se pa dlo ki la pou pwoteje je nou yo. Pwomès Bondye a gen rapò ak dlo ki sot nan je nou poutèt n ap soufri oubyen poutèt nou nan chagren. Bondye pap annik seche tout dlo nan je nou. Li pral siye dlo nan je nou nèt nan sans li pral retire bagay ki fè nou kriye san nou pa vle yo tankou soufrans ak chagren.
“Pap gen lanmò ankò.” (Revelasyon 21:4). Ki bagay ki fè moun plis kriye san yo pa vle pase ènmi yo rele lanmò a? Jewova pral delivre moun ki obeyisan yo anba grif lanmò. Kòman? L ap elimine vrè koz lanmò a: peche nou eritye nan men Adan an (Women 5:12). Sou baz sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, Jewova pral fè moun ki obeyisan yo vin pafèa. Apre sa, li pral “elimine” dènye ènmi an, lanmò (1 Korentyen 15:26). Moun ki fidèl yo pral viv jan Bondye te vle yo viv la, sa vle di pou toutan, e y ap viv an sante.
“Pap gen [...] doulè ankò.” (Revelasyon 21:4). Ki kalite doulè ki pap la ankò? Tout soufrans mantal, afektif, fizik nou genyen akoz peche ak enpèfeksyon, pral disparèt, bagay sa yo lakòz plizyè milyon moun ap viv nan move kondisyon.
Talè konsa pral gen yon monn kote pap gen dlo nan je, pap gen chagren e pap gen lanmò ankò. Petèt w ap mande tèt ou: ‘Ki kote monn sa a ap ye?’ Èske pwomès Bondye fè a se pou moun al viv nan syèl? Non. Ann egzamine poukisa. Toudabò, men pawòl nou jwenn nan kòmansman pwomès la, “tant Bondye a avèk lèzòm,” e se sou tè a lèzòm ap viv (Revelasyon 21:3). Ansuit, nan pwomès la yo dekri yon monn kote “pap gen lanmò ankò”, yon monn kote lanmò te egziste epi apre sa lanmò pap egziste ladan l ankò. Pa t janm gen lanmò nan syèl la, men gen lontan depi lanmò egziste sou tè a. Li klè, pwomès Bondye fè pou moun mennen yon bèl vi a se sou tè a li pral reyalize.
Bondye pral seche dlo k ap koule nan je nou akoz soufrans ak chagren.
Jewova vle nou kwè nan pwomès li fè kote pral gen yon monn nouvo ki gen jistis. Tousuit apre li fin dekri benediksyon moun pral jwenn, men pawòl li di pou l bay garanti sa li di a ap fèt vre: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Apre sa li di: “Pawòl sa yo, moun ka fè yo konfyans, e yo se laverite.” (Revelasyon 21:5). Nou ankouraje w aprann plis bagay sou fason ou menm ak moun ou renmen yo ka pami moun ki gen kè kontan k ap adore Bondye, moun ki pral wè pwomès Bondye fè a reyalize yon fason grandyoz.
Lekti Labib ou ka fè pou desanm
1 Pyè 1-5; 2 Pyè 1-3; 1 Jan 1-5; 2 Jan 1-13; 3 Jan 1-14; Jid 1-25–Revelasyon 1-22
a Pou w ka aprann plis bagay sou sakrifis Jezi te bay kòm ranson an, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.