BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/1 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Pi bon fason pou n reyaji devan enjistis
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Èske moun k ap rele pou mande sekou yo ap jwenn jistis?
    Kèk lòt sijè
  • “Èske Bondye gen enjistis lakay li?”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Fason n ka andire enjistis yo fè nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/1 p. 16
Yon dam ak pitit li ki nan lamizè

REPONS BIB LA BAY

Ki kalite moun Bondye ye?

Bondye se yon espri, moun pa kapab wè li. Se li ki kreye syèl la, tè a ak tout bagay ki gen lavi nan yo. Pa gen moun ki kreye Bondye. Li pa gen kòmansman (Sòm 90:2). Bondye vle pou lèzòm chèche l e pou yo konnen laverite sou li. — Li Travay 17:24-27.

Nou ka konnen non Bondye. Nou ka wè kèk bèl kalite li genyen lè nou admire bèl bagay li fè yo (Women 1:20). Men, pou nou byen konnen Bondye nou dwe etidye Pawòl li a, Labib. L ap ede nou byen konnen ki kalite moun Bondye ye e jan li renmen nou. — Li Sòm 103:7-10.

Ki jan Bondye santi l devan enjistis?

Jewova, Kreyatè nou an, rayi enjistis. Li kreye lèzòm pòtre ak li (Detewonòm 25:16). Se sa k fè pifò nan nou rayi enjistis. Se pa Bondye ki fè gen enjistis sou tè a. Bondye kreye lèzòm ak libète pou yo deside. Malerezman, gen anpil moun ki mal sèvi ak libète sa a Bondye ba yo a, e yo fè lòt moun enjistis. Sa fè kè Jewova sere e li gen lapenn. — Li Jenèz 6:5, 6; Detewonòm 32:4, 5.

Jewova renmen jistis e li pap tolere enjistis pou toutan (Sòm 37:28, 29). Bib la fè nou pwomès talè konsa Bondye pral mete fen nan tout enjistis. — Li 2 Pyè 3:7-9, 13.

Bib la fè nou pwomès talè konsa Bondye pral bay tout moun jistis.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 1 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje