Ou kapab reziste devan tantasyon!
“Mwen pa t gen entansyon gade pònografi. Men, pandan m te sou Entènèt gen yon reklam ki parèt. San m pa konn poukisa, m jis klike sou li epi l ouvri.” — CODYa.
“Gen yon bèl jèn fi nan travay mwen ki te kòmanse flète avè m. Yon jou, li mande m pou m al nan otèl avè l pou n al ‘trip’. M te konnen egzakteman sa l te vle.” — DYLAN.
“MWEN ka reziste devan tout bagay sof devan tantasyon.” Deklarasyon sa a dekri fason kèk moun konsidere tantasyon. Nan kè yo, yo konsidere tantasyon kòm yon bagay ki agreyab. Poutan, gen lòt moun ki konsidere tantasyon kòm yon ènmi yo ta renmen venk toutbon. E ou menm, ki jan w konsidere tantasyon? Lè w devan yon tantasyon, èske w dwe sede oswa èske w dwe reziste?
Natirèlman, se pa tout tantasyon ki gen gwo konsekans. Pa egzanp, ou ka fin di ou pap manje bonbon ankò, apre sa, ou ka tante pou w manje yon dènye grenn. Li difisil pou tantasyon sa a ta detwi lavi w. Sepandan, gen lòt tantasyon, si w sede devan yo, sitou sa ki mennen nan imoralite seksyèl yo, sa ap gen gwo konsekans sou ou. Men avètisman Bib la bay: “[Nenpòt moun] ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l’ap detwi tèt li.” — Pwovèb 6:32, 33.
Ki jan w ta dwe reyaji si sanzatann ou ta devan tantasyon pou w fè imoralite? Men repons Bib la bay: “Volonte Bondye, se pou nou vin sen e se pou nou evite [imoralite seksyèl]. Chak moun pami nou dwe konnen ki jan pou l gen kontwòl sou pwòp kò l nan sentete ak nan onè.” (1 Tesalonisyen 4:3, 4). Ki jan w ka rive gen detèminasyon sa a? Ann egzamine twa konsèy k ap ede w.
Premye konsèy: Pwoteje je w
Lè n gade imaj ki ka eveye dezi seksyèl lakay nou, sa ap fè nou gen plis dezi ki pa kòrèk. Pou Jezi montre relasyon ki genyen ant sa n ap gade ak sa nou anvi, men avètisman li te bay: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” Jezi te itilize yon ipèbòl ki frapan pou l te bay konsèy sa a: “Se sa k fè, si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w.” (Matye 5:28, 29). Ki sa Jezi te vle anseye nou? Pou n reziste devan tantasyon, nou dwe aji yon fason ki fèm e nou pa dwe kite je nou gade imaj chokan.
Lè je w tonbe sou yon imaj chokan, kouri vire je w.
Ann pran yon egzanp: Imajine je w al tonbe sou limyè yon tòch soudi, yon limyè ki ka avegle w. Èske w t ap kontinye gade l? Jamè! Ou t ap prese vire je w pou w ka pwoteje vizyon w. Se menm bagay la tou, si je w tonbe sou yon imaj ki ka eveye dezi seksyèl lakay ou, kit se yon imaj ki enprime, kit se sou ekran w, kit se yon moun, se pou w kouri vire je w. Pwoteje lespri w pou l pa anpwazonnen. Juan se yon moun ki te renmen gade pònografi lontan. Men sa l di: “Lè m wè yon bèl fi, byen souvan, m anvi gade l yon dezyèm fwa ak yon twazyèm fwa. Se sa k fè, mwen fòse je m gade yon lòt kote epi m di tèt mwen: ‘Priye Jewova! Ou vrèman bezwen priye kounye a!’ Apre m fin priye, sa pa t pran tan pou anvi m te genyen an pase.” — Matye 6:9, 13; 1 Korentyen 10:13.
Reflechi sou egzanp Jòb tou, yon moun ki te fidèl, ki te di: “Mwen te fè yon alyans ak je m, donk, kòman m ta fè ap plede gade yon fi ki vyèj?” (Jòb 31:1, NW). Èske w pran menm detèminasyon sa a?
Yon bagay ou ka fè: Si je w tonbe sou yon imaj ki ka eveye dezi seksyèl lakay ou, kouri vire je w. Imite salmis sa a ki te di nan yon priyè: “Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen.” — Sòm 119:37, NW.
Dezyèm konsèy: Pwoteje panse w
Piske nou tout enpafè, pafwa nou ka ap lite kont move dezi. Bib la di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè yo nouri l, li bay peche.” (Jak 1:14, 15). Ki jan w ka evite tonbe nan yon labirent konsa?
Lè w gen move panse, sispann reflechi sou yo epi priye.
Lè w gen move dezi, sonje ou ka chwazi fason pou w reyaji devan yo. Goumen kont move dezi yo. Derasinen yo nan lespri w. Pa ret ap panse sou bagay imoral. Men sa Troy, yon mesye ki te renmen gade pònografi sou Entènèt, te di: “M te goumen pou m retire move panse nan lespri m lè m konsantre sou panse ki pozitif pito. Sa pa t fasil pou mwen. Plizyè fwa m te rekòmanse gade yo ankò. Men, finalman, m te vin aprann kontwole lespri m.” Men sa yon dam ki rele Elsa, ki te konn ap goumen kont tantasyon li te jwenn pou l fè imoralite lè l te adolesan, te sonje: “Lefètke m te rete okipe e m te konn priye Jewova, sa te ede m kenbe move panse yo lwen nan lespri m.”
Yon bagay ou ka fè: Lè panse imoral ap toumante lespri w, sispann reflechi sou yo epi priye imedyatman. Goumen ak move panse yo lè w ranpli lespri w ak ‘bagay ki vrè, bagay ki merite konsiderasyon, bagay ki jis, bagay ki pwòp, bagay ki merite pou yo renmen yo, bagay ki gen bon repitasyon, depi se yon bèl kalite e depi se yon bagay ki merite louwanj’. — Filipyen 4:8.
Twazyèm konsèy: Pwoteje tèt ou
Lè w devan yon tantasyon, e se yon bagay ou te anvi, epi w jwenn opòtinite pou fè l, ou ka tonbe nan pwoblèm byen fasil (Pwovèb 7:6-23). Ki sa w ka fè pou w pa viktim?
“Se lè gen moun la sèlman m al sou Entènèt.”
Men yon konsèy saj Bib la bay: “Moun ki entèlijan an wè malè a, li kouri kache, men moun ki pa gen eksperyans lan al pase e li dwe sibi konsekans lan.” (Pwovèb 22:3, NW). Donk, se pou w pwoteje tèt ou. Prevwa sitiyasyon ki ka lage w nan pwoblèm epi evite yo (Pwovèb 7:25). Filipe te venk abitid li te genyen pou l gade pònografi. Men sa l di: “Mwen te mete òdinatè fanmi an yon kote tout moun te ka wè l e m te enstale yon lojisyèl ki anpeche move imaj antre. Se lè gen moun la sèlman m al sou Entènèt.” Men sa Troy, yon mesye nou te pale de li anvan sa, di: “Mwen evite gade fim ki gen sèn imoral epi mwen evite rete nan mitan moun k ap pale de sèks yon fason ki endesan. M pa vle met tèt mwen nan sitiyasyon ki ka lage m nan pwoblèm.”
Yon bagay ou ka fè: Egzamine pwen fèb ou yon fason ki onèt, epi planifye sa w ap fè pou w evite sitiyasyon ki ka fè w jwenn tantasyon. — Matye 6:13.
PINGA W ABANDONE!
Bon, e si malgre tout gwo efò w fè, ou febli epi w tonbe nan tantasyon? Pinga w dekouraje e pinga w sispann fè efò. Men sa Bib la di: “Moun ki jis la kapab tonbe menm sèt fwa, men l ap leve kanmenm.” (Pwovèb 24:16, NW). Wi, Papa nou ki nan syèl la ankouraje nou pou n “leve”. Èske w ap aksepte èd li ba ou avèk amou? Kidonk, ou pa dwe janm bouke priye l. Lè w etidye Pawòl li, w ap rive bati lafwa w. Ranfòse detèminasyon w pran lè w asiste reyinyon yo. Pran kouraj nan pwomès sa a Bondye fè w: “M ap fòtifye w. M ap ede w.” — Izayi 41:10, NW.
Cody, nou te pale de li nan kòmansman atik la, fè konnen: “Sa te mande gwo efò pou m te rive venk abitid m te genyen pou m gade pònografi. M te retonbe ladan l plizyè fwa, men grasa èd Bondye te ban m, finalman m te kite abitid sa a.” Dylan, nou te pale de li anvan sa, di: “M te ka fè sèks ak kolèg mwen an byen fasil. Men, mwen te fèm avè l e m te di l: ‘Non!’ Lè yon moun gen yon konsyans ki klè, sa fè moun nan santi l byen. Sa k pi enpòtan, m konnen mwen te fè Jewova fyè de mwen.”
Lè w kenbe fè m epi w reziste devan tantasyon, ou mèt gen asirans Bondye ap fyè de ou tou! — Pwovèb 27:11.
a Yo chanje non moun yo nan atik sa a.