BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/11 p. 6-7
  • Èske nou dwe pè Satan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou dwe pè Satan?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Èske Satan egziste?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Kilès Dyab la ye ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Se pou nou opoze ni ak Dyab la ni ak manèv li yo
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Èske w kwè toutbonvre Dyab la egziste ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/11 p. 6-7

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE SATAN EGZISTE?

Èske nou dwe pè Satan?

Yon mari ak madanm li k ap kouri kite kay yo ki kontamine pou y al respire lè ki pwòp deyò a

Monoksid kabòn nan envizib e li danjere menm jan ak Satan.

Li difisil anpil pou yo detekte l. Li pa gen ni koulè ni odè, li ka pran viktim li yo san yo pa menm rann yo kont. Petèt, se li ki responsab plis pase mwatye nan kantite moun ki mouri nan pwazon nan monn nan. Koupab sa a se: Monoksid kabòn. Sepandan, ou pa bezwen panike pou sa. Gen plizyè mwayen pou w detekte gaz sa a e pou w pwoteje tèt ou. Avèk sajès, gen anpil moun ki enstale alam kont gaz sa a e yo prete atansyon ak nenpòt siyal alam sa yo bay.

Menm jan ak monoksid kabòn nan, Satan envizib, li vrèman difisil pou lèzòm detekte l, e li danjere anpil. Sepandan, Bondye pa kite nou san èd. Ou pap bezwen pè Satan si w pwofite kado Bondye bay ki vin apre yo.

Nou gen libète pou n chwazi. Jak 4:7 di: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” Byenke Satan pisan, li pa ka fòse w fè sa ou pa vle fè. Ou gen yon chwa pou w fè. Nan 1 Pyè 5:9 nou jwenn pawòl sa yo: “Kenbe tèt ak li [Dyab la], rete fèm nan lafwa.” Sonje Satan te kite Jezi apre Jezi te rejte twa tantasyon l yo yon fason ki fèm (Matye 4:11). Menm jan an tou, ou ka chwazi reziste kont efò Satan ap fè yo.

Nou ka zanmi Bondye. Jak 4:8 ankouraje nou pou n “pwoche bò kote Bondye”. Se Jewova menm ki envite nou vin bon zanmi avè l. Ki jan nou ka fè sa? Pi bon mwayen pou n kòmanse se lè n aprann plis bagay sou li nan Bib la (Jan 17:3). Sa nou aprann sou Jewova yo ap pouse n renmen l, e anretou, lanmou sa a ap pouse n fè volonte l (1 Jan 5:3). Toutpandan n ap pwoche bò kote Papa nou ki nan syèl la, ki jan l ap reyaji? Disip Jak fè konnen “[Bondye] ap pwoche bò kote nou”.

Yon jèn gason k ap etidye Labib, apre sa, li priye Bondye epi li detwi bagay li genyen ki gen rapò ak movèzespri

Jewova pran dispozisyon nan domèn espirityèl pou l pwoteje w.

Li pwomèt l ap pwoteje nou. Pwovèb 18:10 (NW) di: “Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon.” Natirèlman, sa pa vle di non Bondye genyen an se yon non ki bay chans. Okontrè, sa vle di moun ki vrèman gen respè pou non Bondye kapab rele l pou yo mande l pwoteksyon nenpòt ki lè.

Yon egzanp k ap itil nou. Travay 19:19 aprann nou yon bagay enteresan sou moun ki te fèk vin kretyen nan vil Efèz. Men sa nou li: “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun. Yo te kalkile pri yo te koute, e yo jwenn yo te vo 50 000 pyès ann ajana.” Kretyen sa yo te detwi tout bagay yo te genyen ki te gen rapò ak movèzespri kèlkeswa kantite kòb bagay sa yo te koute. Egzanp sa a ka itil nou anpil jodi a. Monn sa a chaje ak bagay mistik, bagay ki gen rapò ak movèzespri. Menm kèk objè moun konn itilize ak kèk pratik yo konn fè ki gen rapò ak movèzespri men ki parèt san danje ka mete yo anba enfliyans demon. Li vrèman enpòtan pou n elimine bagay sa yo nan lavi nou kèlkeswa sa sa koute. — Detewonòm 18:10-12.

Rogelio nou te pale de li nan premye atik ki nan seri sa a pa t kwè Dyab la egziste pandan 50 premye ane nan lavi l. Men, apre sa, li te vin egzamine pwennvi l ankò sou kesyon an. Poukisa? Men sa Rogelio fè konnen: “Se premye fwa nan lavi m mwen te gen yon Bib. Konesans mwen te vin genyen sou Bib la te konvenk mwen Dyab la egziste. Se menm konesans sa a kounye a ki pwoteje m pou m pa tonbe anba enfliyans li.”

“Konesans mwen te vin genyen sou Bib la te konvenk mwen Dyab la egziste. Se menm konesans sa a kounye a ki pwoteje m pou m pa tonbe anba enfliyans li.”

Èske w ta renmen la pou w wè lè Satan pap egziste ankò? Ou kapab la lè sa a. Bib la predi yon epòk kote yo pral lage Dyab la “nan letan dife ak souf la”, li menm ki twonpe anpil moun (Revelasyon 20:10). Anfèt, dife ak souf literal pa ka fè yon kreyati espirityèl ki envizib anyen. Kidonk, letan dife a dwe reprezante destriksyon etènèl. Bondye ap detwi Satan pou toutan. Ala yon bèl epòk sa pral ye pou moun ki renmen Bondye yo!

Annatandan, kontinye aprann tout sa w kapab sou Jewova ak sou fason l ajib. Imajine ou menm ki vivan nan epòk kote finalman n ap ka di toutbonvre: “Satan pa egziste!”

a Si pyès monnen ann ajan y ap pale la a se te denye women an, kantite kòb sa t ap bay la t ap egal ak salè anviwon 50 000 travayè pou yon jounen travay, se yon bon valè lajan!

b Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa Bib la di sou Satan ak sou pratik ki gen rapò ak movèzespri, gade chapit 10 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Ou ka mande nenpòt Temwen Jewova liv sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje