BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/1 p. 13-17
  • Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ N KOMEMORE LANMÒ JEZI
  • SA PEN AN AK DIVEN AN REPREZANTE
  • KÈK FASON POU N PREPARE NOU
  • KI MOUN KI DWE MANJE NAN PEN AN E KI DWE BWÈ NAN DIVEN AN?
  • FASON W REYAJI DEVAN ESPERANS KI NAN EKRITI YO
  • ÈSKE W AP LA?
  • Ki siyifikasyon Soupe Seyè a genyen pou ou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Poukisa nou dwe selebre Soupe Seyè a ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Fè sa pou nou montre nou sonje m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Rasanbleman bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/1 p. 13-17
Yon plèn lin k ap briye sou tèt chanmòt kay kote Jezi ansanm ak apot li yo ap selebre Pak la.

Rezon ki fè n selebre soupe Seyè a

“Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — 1 KOR. 11:24.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa n dwe selebre soupe Seyè a?

  • Ak ki sa yo sèvi nan Memoryal la e ki sa yo reprezante?

  • Ki fason kretyen yo reyaji devan esperans Bondye ba yo a?

1, 2. Ki sa Jezi te fè nan sware jou 14 Nizan ane 33 epòk nou an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

LI GENTAN fènwa, men, gen yon plèn lin ki klere anpil sou Jerizalèm. Se sware jou 14 Nizan ane 33 epòk nou an. Jezi ak apot li yo fèk fin selebre fèt Pak la ki fè yo sonje jan Jewova te delivre pèp Izrayèl la anba jouk Ejipsyen yo sa gen 15 syèk. Kounye a, pandan Jezi ansanm ak 11 apot fidèl li yo, li vin ak yon repa espesyal ki t apral fè yo sonje Jezi t apral mouri anvan jounen an finia. — Mat. 26:1, 2.

2 Jezi te pran pen ki san ledven, li priye sou li epi l pase l bay apot li yo, li di: “Men. Manje.” Li te pran yon koup ki gen diven, li priye sou li tou epi l di: “Nou tout, nou mèt bwè ladan l.” ​(Mat. 26:26, 27). Jezi pa t pase okenn lòt manje bay disip fidèl li yo, men, li te gen anpil bagay pou l di yo nan sware sa a moun pap janm bliye a.

3. Ki kesyon nou pral jwenn repons yo nan atik sa a?

3 Se konsa Jezi te vin ak Memoryal lanmò l, yon evènman yo rele “soupe Seyè a” tou (1 Kor. 11:20). Konsènan evènman sa a, gen kèk moun ki gendwa ap mande: Poukisa nou komemore lanmò Jezi? Ki sa pen an ak diven an reprezante? Ki jan n ka prepare n pou Memoryal la? Ki moun ki dwe manje nan pen an e ki dwe bwè nan diven an? E ki fason kretyen yo reyaji devan sa Ekriti yo di konsènan esperans yo genyen an?

REZON KI FÈ N KOMEMORE LANMÒ JEZI

4. Ki sa k vin posib grasa lanmò Jezi?

4 Antanke desandan Adan, nou eritye peche ak lanmò (Wom. 5:12). Pa gen okenn moun enpafè ki ka bay Bondye yon ranson pou tèt li oswa pou lòt moun (Sòm 49:6-9). Sepandan, grasa lanmò sa a, Jezi te peye sèl ranson ki te akseptab nan je Bondye a anpalan de kò pafè Jezi a ansanm ak san l ki te koule a. Lè Jezi te prezante valè ranson an bay Bondye, li te fè l vin posib pou n delivre anba peche ak lanmò epi pou n jwenn lavi ki pap janm fini an kòm kado. — Wom. 6:23; 1 Kor. 15:21, 22.

5. a) Ki jan n fè konnen Bondye ak Kris renmen lèzòm? b) Ki sa k fè n ta dwe asiste Memoryal lanmò Jezi?

5 Dispozisyon Bondye pran pou l bay ranson an montre Bondye renmen lèzòm (Jan 3:16). Sakrifis Jezi a montre Jezi renmen nou tou. Rezon an se paske antanke “ouvriye abil” Bondye, anvan Jezi te vin sou tè a li te ‘vrèman atache ak pitit lèzòm yo’! (Pwo. 8:30, 31, NW.) Rekonesans nou genyen anvè Bondye ak Pitit gason l lan ta dwe pouse n asiste Memoryal lanmò Jezi a e konsa n ap obeyi kòmandman sa a ki di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — 1 Kor. 11:23-25.

SA PEN AN AK DIVEN AN REPREZANTE

6. Ki jan n dwe konsidere pen ak diven yo itilize nan Memoryal la?

6 Lè Jezi t ap tabli Memoryal la li pa t fè yon mirak pou l fè pen an ak diven an tounen kò l ak san l nan sans literal. Olye de sa, men sa l te di konsènan pen an: “Sa a reprezante kò m.” Konsènan diven an, li te di: “Sa a reprezante san m, ‘san alyans lan’, ki gen pou koule pou anpil moun.” ​(Mak 14:22-24). Kidonk, sa klè, nou dwe konsidere pen an ak diven an kòm senbòl.

7. Ki sa pen yo itilize nan Memoryal la reprezante?

7 Nan evènman enpòtan sa a ki te fèt nan ane 33 epòk nou an, Jezi te sèvi ak pen san ledven ki te rete nan manje Pak la (Egz. 12:8). Nan Ekriti yo, pafwa, yo sèvi ak ledven kòm senbòl koripsyon oswa peche (Mat. 16:6, 11, 12; Lik 12:1). Donk, lefètke Jezi te sèvi ak pen san ledven an sa te gen anpil enpòtans paske l te byen reprezante kò Jezi ki san peche (Ebre 7:26). Se sa k fè se ak kalite pen sa a yo sèvi nan Memoryal la.

8. Ki sa koup diven yo itilize nan Memoryal la reprezante?

8 Diven Jezi te itilize nan jou 14 Nizan ane 33 epòk nou an te reprezante san Jezi e se menm bagay la tou pou koup diven yo itilize nan Memoryal la jodi a. San Jezi te koule ‘pou padon peche’ nou nan Gòlgota, yon zòn ki andeyò Jerizalèm (Mat. 26:28; 27:33). Etandone pen ak diven yo itilize nan Memoryal la reprezante sakrifis ki gen anpil valè Jezi te bay an favè moun ki obeyisan yo epi nou apresye dispozisyon sa a ki demontre lanmou, li apwopriye pou nou chak prepare nou pou n obsève selebrasyon soupe Seyè a ki fèt chak ane.

KÈK FASON POU N PREPARE NOU

9. a) Ki sa k fè l enpòtan pou n suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la? b) Ki santiman w genyen konsènan ranson an?

9 Lè n suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la nou jwenn nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a, n ap kapab medite sou sa Jezi te fè anvan l mouri. Kòm rezilta, sa ka ede n prepare kè nou pou soupe Seyè ab. Men sa yon sè te ekri: “Nou toujou ap tann Memoryal la. Chak ane ki pase li vin pi espesyal pou nou. Mwen sonje m te kanpe nan ponp finèb la, [...] mwen t ap gade kò papa m mwen renmen anpil la, se lè sa a m te vin rann mwen kont tout enpòtans ranson an genyen. [...] M te konn tout vèsè ki pale de ranson an ak fason pou m esplike yo! Men, se sèlman lè m te twouve m devan sitiyasyon terib sa a, mwen te santi jan lajwa anvayi kè m lè m ap panse ak tout byenfè nou pral jwenn grasa ranson an ki gen anpil valè.” Vrèmanvre, lè n ap prepare n pou Memoryal la l ap bon pou n reflechi ak fason sakrifis Jezi a libere nou anba esklavaj peche ak lanmò.

Yon Temwen Jewova k ap medite sou dènye semèn Jezi te pase sou tè a pandan l ap fè rechèch nan yon apendis nan vèsyon revize Bib Tradiksyon monn nouvo a.

Sèvi ak zouti ki disponib yo pou w prepare kè w pou Memoryal la. (Gade paragraf 9.)

10. Ki efè preparasyon n ap fè pou Memoryal la gendwa genyen sou travay predikasyon an?

10 Preparasyon pou Memoryal la kapab gen ladan l planifikasyon nou fè pou n patisipe plis nan kèk fasèt nan ministè a, petèt lè n pran sèvis pyonye oksilyè pandan epòk Memoryal la. Toutpandan n ap envite etidyan Labib yo ansanm ak lòt moun nan soupe Seyè a, n ap kontan dèske n ap pale de Bondye, de Pitit gason l lan ansanm ak benediksyon Jewova sere pou moun ki fè l plezi e k ap ba l louwanj. — Sòm 148:12, 13.

11. Nan ki sans kèk Korentyen te konn pran nan pen ak diven yo itilize nan Memoryal la yon fason ki pa konvnab?

11 Pandan w ap prepare w pou soupe Seyè a, egzamine sa apot Pòl te ekri kretyen ki te nan kongregasyon Korent yo. (Li 1 Korentyen 11:27-34.) Pòl te fè konnen nenpòt moun ki manje nan pen an e ki bwè nan koup la yon fason ki pa konvnab t ap “koupab anrapò ak kò Seyè a [Jezi Kris] e anrapò ak san l”. Kidonk, yon moun Bondye chwazi pou al nan syèl ta dwe “byen egzamine tèt li toudabò pou l wè si l diy”, e se sèlman apre sa l ap kapab manje nan pen an epi bwè nan diven an. Si l pa fè sa, l ap “rale kondanasyon sou tèt li”. Lefètke anpil nan Korentyen yo te gen move konduit, sa te fè yo ‘fèb, yo te malad, e yon bon kou nan yo t ap dòmi nan lanmò nan domèn espirityèl’. Petèt gen kèk nan yo ki te konn tèlman manje anvan oswa pandan Memoryal la opwen yo pa t ka ret je klè ni domèn mantal ni nan domèn espirityèl. Lefètke yo te manje nan pen an epi bwè nan diven an yon fason ki pa konvnab, yo te pèdi apwobasyon Bondye.

12. a) Ak ki sa Pòl te konpare Memoryal la, e ki avètisman l te bay moun k ap patisipe yo? b) Ki sa yon moun ki konn manje nan pen an e ki konn bwè nan diven an dwe fè si l ta fè yon peche grav?

12 Pòl te konpare Memoryal la ak yon manje l ap manje ak lòt moun epi l te bay moun k ap patisipe yo avètisman sa a: “Nou pa ka ap bwè nan koup Jewova epi pou n ap bwè nan koup demon. Nou pa ka ap manje sou ‘tab Jewova’ epi pou n ap manje sou tab demon.” ​(1 Kor. 10:16-21). Si yon moun ki konn manje nan pen an epi bwè nan diven an pandan soupe Seyè a ta fè yon peche grav, li dwe chèche jwenn èd nan domèn espirityèl. (Li Jak 5:14-16.) Konsa, moun sa a Bondye chwazi pou al nan syèl la ki montre l pwodui “fwi ki mache ak repantans” pap montre l meprize sakrifis Jezi a lè l manje nan pen an epi l bwè nan diven yo itilize nan Memoryal la. — Lik 3:8.

13. Ki sa k fè l vrèman enpòtan pou n priye Bondye pou esperans li ban nou an?

13 Toutpandan n ap prepare n pèsonèlman pou Memoryal la, l ap bon pou n reflechi sou esperans Bondye ban nou an e pou n priye l sou sa. Pa gen okenn moun ki vwe lavi l bay Jewova e k ap suiv Pitit gason Jewova a fidèlman ki ta renmen montre l pa respekte sakrifis Jezi a lè l manje nan pen an epi l bwè nan diven yo itilize nan Memoryal la san l pa gen bonjan prèv ki montre l se yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl. Nan ka sa a, ki jan yon moun ka konnen si wi ou non li kapab manje nan pen an epi bwè nan diven an?

KI MOUN KI DWE MANJE NAN PEN AN E KI DWE BWÈ NAN DIVEN AN?

14. Etandone moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan nouvo alyans lan, ki sa yo fè pandan Memoryal la?

14 Moun ki gen dwa manje nan pen an epi bwè nan diven yo itilize nan Memoryal la se moun ki pa gen okenn dout yo nan nouvo alyans lan. Men sa Jezi te di konsènan diven an: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m.” ​(1 Kor. 11:25). Pa mwayen pwofèt Jeremi, Bondye te fè konnen li t apral fè yon nouvo alyans ki t ap diferan ak alyans Lalwa li te fè ak Izrayelit yo. (Li Jeremi 31:31-34.) Bondye te fè nouvo alyans sa a ak Izrayelit espirityèl yo (Gal. 6:15, 16). Nouvo alyans sa a te valide grasa sakrifis Kris la epi l te antre an fonksyon grasa san Jezi ki te koule a (Lik 22:20). Jezi se Medyatè nouvo alyans lan epi moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl ki nan nouvo alyans lan ap resevwa yon eritaj nan syèl la. — Ebre 8:6; 9:15.

15. Ki moun ki nan alyans Wayòm nan, e ki privilèj moun sa yo pral genyen si yo rete fidèl?

15 Moun ki gen dwa manje nan pen an epi bwè nan diven an konnen yo se moun ki nan alyans Wayòm nan. (Li Lik 12:32.) Moun ki vin disip Jezi Bondye chwazi pou al nan syèl ki ret atache ak Jezi e ki patisipe nan soufrans li yo gen pou yo dirije avè l nan syèl la (Flp. 3:10). Etandone moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl la se moun ki nan alyans Wayòm nan yo pral dirije kòm wa avèk Kris nan syèl la pou toutan (Rev. 22:5). Se moun sa yo ki gen dwa manje nan pen an epi bwè nan diven an pandan soupe Seyè a.

16. Fè yon ti pale sou Women 8:15-17.

16 Se sèlman moun lespri a bay temwayaj yo se pitit Bondye ki dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an pandan Memoryal la. (Li Women 8:15-17.) N ap remake Pòl te sèvi ak yon mo Arameyen “Abba” ki vle di “O Papa!” Yon timoun gendwa sèvi ak mo sa a lè l ap pale ak papa l paske se yon mo ki eksprime afeksyon. Li se melanj de mo: yon mo entim ki se “papi” ak yon mo ki demontre respè ki se “papa”. Moun ki resevwa “lespri ki pèmèt Bondye adopte [yo] antanke pitit li” vin tounen pitit espirityèl Bondye. Lespri a li menm ap bay temwayaj ansanm ak lespri pa yo, sa ki fè yo rann yo kont yo se pitit Jewova chwazi pou al nan syèl. Se pa paske yo pèdi gou pou yo viv sou tè a. Yo gen asirans yo pral eritye Wayòm nan ak Kris nan syèl la si yo ret fidèl jiska lamò. Jodi a, se yon tikras moun sèlman ki rete nan 144 000 moun k ap suiv Kris pye pou pye e ki “gen yon onksyon ki soti nan sila a ki sen an”, anpalan de Jewova (1 Jan 2:20; Rev. 14:1). Se grasa lespri Bondye ki fè y ap di byen fò: “Abba, Papa!” Ala yon bèl relasyon yo gen ak Bondye!

FASON W REYAJI DEVAN ESPERANS KI NAN EKRITI YO

17. Ki esperans moun Bondye chwazi yo genyen, e ki jan yo konsidere esperans sa a?

17 Si w se yon kretyen Bondye chwazi, esperans ou gen pou al viv nan syèl la se yon sijè enpòtan ki fè pati priyè w. Lè Bib la ap pale konsènan moun yo ‘pwomèt pou yo marye’ ak Jezi Kris ki se Lemarye ki nan syèl la, ou aplike pawòl sa yo ak ou menm pèsonèlman epi w pa ka tann pou w vin fè pati “lamarye” Kris la (2 Kor. 11:2; Jan 3:27-29; Rev. 21:2, 9-14). Lè Bondye ap eksprime lanmou l gen pou pitit espirityèl li yo nan Pawòl li a, ou di tèt ou: “Se avè m l ap pale.” Epi, lè pitit Jewova chwazi pou al nan syèl yo jwenn enstriksyon nan Pawòl li a, lespri sen pouse w obeyi enstriksyon sa yo epi l pouse w di nan kè w: “Sa konsène m.” Konsa, lespri Bondye met ansanm ak lespri pa w pou bay temwayaj ki fè w konnen ou gen esperans pou w al viv nan syèl.

18. Ki esperans “lòt mouton” yo genyen, e ki jan w konsidere esperans sa a?

18 Yon lòt bò, si w fè pati “gwo foul” “lòt mouton” yo, Bondye ba w esperans pou w viv sou tè a (Rev. 7:9; Jan 10:16). Ou ta renmen viv pou toutan nan Paradi a e kè w kontan lè w ap medite sou sa Bib la di konsènan fason lavi a pral ye sou tè a. Ou pa ka tann pou w jwi lapè ann abondans ki pral genyen an ansanm ak fanmi w ak lòt moun ki jis yo. Ou swaf pou w wè moman kote rate manje, povrete, soufrans, maladi ak lanmò pap la ankò (Sòm 37:10, 11, 29; 67:6; 72:7, 16; Iza. 33:24). Ou swaf pou w akeyi moun ki pral resisite e ki pral gen posiblite pou viv pou toutan sou tè a (Jan 5:28, 29). Se pa ti rekonesan w rekonesan anvè Jewova lefètke l ba w esperans pou w viv sou tè a! Menm lè w pa manje nan pen an e w pa bwè nan diven an, ou asiste Memoryal la yon fason pou w montre w gen rekonesans pou sakrifis ranson Jezi Kris la.

ÈSKE W AP LA?

19, 20. a) Ki fason esperans Bondye ba w la kapab vin yon reyalite? b) Poukisa w pral asiste soupe Seyè a?

19 Kit ou gen esperans pou w al viv nan syèl la kit ou gen esperans pou w viv sou tè a, se sèlman si w demontre lafwa nan Jewova Dye, nan Jezi Kris ak nan ranson an esperans sa a ap kapab vin yon reyalite pou ou. Lè w asiste Memoryal la, w ap gen opòtinite pou w reflechi sou esperans ou a ansanm ak kokenn enpòtans lanmò Jezi a genyen. Kidonk, fikse objektif pou w se youn pami plizyè milyon moun ki pral asiste soupe Seyè a jou vandredi 3 avril 2015 lan, apre solèy la fin kouche, nan Sal Wayòm yo ansanm ak lòt kote sou tè a.

20 Lè w asiste Memoryal la, sa ka fè w vin gen plis rekonesans pou sakrifis ranson Jezi a. Lè w koute diskou a avèk anpil atansyon, sa ka pouse w demontre lanmou pou pwochen w lè w fè yo konnen sa w te aprann sou lanmou Jewova ansanm ak bèl objektif li gen pou limanite a (Mat. 22:34-40). Kidonk, ann fè tout sa n kapab pou n la nan soupe Seyè a!

a Pou Ebre yo, yon jounen te kòmanse lè solèy la kouche e l te fini nan lòt kouche solèy la.

b Gade pati 16 nan bwochi Guide d’étude de la Parole de Dieu a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje