BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/4 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/4 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki sa lavni rezève pou limanite?

Yon fanmi ki montre konsiderasyon pou yon dam aje ki pa menm ras ak yo

Nan ki sans lanmò Jezi fè l posib pou gen yon sosyete kote moun gen sousi youn pou lòt?

Pa gen dout, lèzòm ap kontinye fè pwogrè nan domèn syantifik. Men, èske y ap rive fè yon sosyete kote moun vrèman gen sousi youn pou lòt? Non. Jodi a, se egoyis ak avidite k ap domine nan monn nan. Sepandan, Bondye prevwa yon bagay ki pi bon pou fanmi ki sou tè a. — Li 2 Pyè 3:13.

Pawòl Bondye a dekri yon monn kote moun pral renmen youn lòt. Moun pral viv an sekirite e pap gen okenn moun k ap fè yo soufri. — Li Mika 4:3, 4.

Ki fason Bondye pral elimine egoyis?

Lè Bondye te kreye lèzòm, li pa t fè yo ak okenn tandans egoyis. Men lè premye gason an te chwazi dezobeyi Bondye, li te pèdi pèfeksyon li te genyen an. Nou eritye tandans egoyis la nan li. Men, Bondye pral sèvi ak Jezi pou l fè lèzòm vin pafè ankò. — Li Women 7:21, 24, 25.

Ann amoni ak volonte Bondye, Jezi te mouri kòm yon sakrifis pou l te ka anile efè dezobeyisans premye moun nan te genyen (Women 5:19). Konsa, Jezi fè l vin posib pou lèzòm gen yon bèl avni lè yo pral libere anba tandans egoyis yo genyen pou yo fè sa ki mal. — Li Sòm 37:9-11.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje