BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/8 p. 3-4
  • Ki sa k pase apre yon moun fin mouri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k pase apre yon moun fin mouri?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Nan ki kondisyon moun mouri yo ye?
  • Pral gen yon rezirèksyon!
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa lanfè ye? Èske se yon kote yo toumante moun pou toutan?
    Repons Bib la bay
  • Lanmò pa mete fen nan tout bagay!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Yon espwa reyèl pou moun pa nou yo ki mouri
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/8 p. 3-4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L POSIB POU YON MOUN VIV APRE L FIN MOURI?

Ki sa k pase apre yon moun fin mouri?

Granmoun ak timoun ki kanpe bò kote yon sèkèy nan yon simityè

“Mwen te panse lè yon moun mouri gen twa kote l ka ale: nan syèl, nan lanfè oswa nan pigatwa. Mwen te panse mwen pa t ni twò bon moun pou m al nan syèl ni twò mechan pou m al nan lanfè. Sa pa t fin klè pou m konprann kiyès ki nan pigatwa. Mwen pa janm wè sa okenn kote nan Bib la. Se senpleman moun ki te konn di sa.” — Lionel

“Yo te anseye m tout moun al nan syèl apre yo fin mouri, men mwen pa t kwè sa. Mwen te panse lanmò mete fen nan tout bagay, pa gen espwa pou moun ki mouri yo.” — Fernando

Èske w konn mande tèt ou: ‘Sa k pase moun ki mouri yo toutbonvre? Èske moun nou renmen yo ki mouri ap soufri yon kote? Èske n ap jan m rewè yo ankò? Ki jan nou ka sèten?’ Tanpri ann konsidere kounye a sa Ekriti yo anseye. Toudabò, ann egzamine ak ki sa Bib la konpare lanmò. Ansuit, n ap pale sou esperans Bib la Pawòl Bondye a bay.

Nan ki kondisyon moun mouri yo ye?

REPONS BIB LA BAY: “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou. Epitou, yo pa gen anyen y ap jwenn ankò, paske yo bliye yo nèt. Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou, paske pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm kote w prale aa.” — Eklezyas 9:5, 10, NW.

Yon fason senp, tonm nan se kote moun ale lè yo mouri. Se yon kote senbolik oubyen yon eta kote moun nan pa konn anyen ditou, li sispann tout aktivite li te konn fè. Ki jan Jòb yon gason fidèl te konsidere tonm nan? Li te pèdi tout byen l ak tout pitit li nan yon sèl jou, epi bridsoukou, te gen yo pakèt gwo bouton ki te leve sou tout kò l ki t ap fè l soufri anpil. Li te sipliye Jewova: “O! Pito w ta sere m nan Tonm [“nan lanfè”, selon Douay Version], pito w ta kache m jiskaske w pa fache ankò.” ​(Jòb 1:13-19; 2:7; 14:13, NW). Sa klè, Jòb pa t konprann Tonm nan se yon lanfè dife, yon kote li t apral soufri pi rèd. Okontrè, li te panse Tonm nan se yon kote l ap jwenn soulajman.

Gen yon lòt fason nou ka aprann sou kondisyon mò yo. Nou ka egzamine sa Ekriti enspire yo di konsènan uit moun ki te resisite. — Gade kare “Uit rezirèksyon yo rapòte nan Bib la”.

Pa gen youn nan uit moun sa yo ki di yo te yon kote ki bay anpil kè kontan ni yo te yon kote yo t ap toumante. Si moun ki te resisite yo t al yon kote konsa apre yo te fin mouri, èske yo pa t ap pale de sa ak lòt moun? Epitou, èske Bondye pa t ap fè ekri sa nan Bib la, liv li enspire a, pou tout moun te ka wè sa? Pa gen okenn bagay konsa nan Ekriti yo. Li klè, uit moun ki te resisite yo pa t di anyen sou sijè sa a. Poukisa yo pa t di anyen? Paske yo pa t konn anyen, se tankou yo te nan yon pwofon somèy. Anfèt, kèk fwa, Bib la sèvi ak egzanp moun k ap dòmi pou l esplike sa lanmò ye. Pa egzanp, David ak Etyèn, de moun fidèl, t ap “dòmi nan lanmò”. — Travay 7:60; 13:36.

Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo? Èske yo ka leve sot nan dòmi sa a?

a Nan Tradiksyon monn nouvo a, yo sèvi ak mo “Tonm” nan pou yo tradui mo ebre ki bay “Cheyòl” la ak mo grèk “Adès” la. Gen kèk vèsyon Labib ki itilize mo “lanfè”, men ide ki fè konprann lè yon moun mouri l al toumante nan yon dife lanfè a pa nan Ekriti yo.

UIT REZIRÈKSYON YO RAPÒTE NAN BIB LAb

Pitit gason yon vèv Pwofèt Eliya te resisite pitit gason yon vèv ki t ap viv nan vil Safat nan nò peyi Izrayèl. — 1 Wa 17:17-24.

Pitit gason yon dam Chounèm Pwofèt Elicha ki te ranplase Eliya te resisite pitit gason yon dam Chounèm e li te remèt pitit la bay paran li. — 2 Wa 4:32-37.

Yon mesye ki te nan yon tonm Kadav yon mesye ki moun Mowab yo te vin antere menm kote ak Eliya te touche zosman Eliya. Lè kadav la touche zosman pwofèt la, mesye a te resisite. — 2 Wa 13:20, 21.

Pitit gason yon vèv ki moun Nayin Jezi te kanpe yon antèman ki t ap fèt pa deyò vil Nayin pou l te ka resisite yon jèn gason e li te remèt jèn gason sa a bay manman l ki te nan lapenn. — Lik 7:11-15.

Pitit fi Jayiris la Jayiris, yon ofisye ki t ap dirije sinagòg la, te sipliye Jezi pou l ede pitit fi l la ki te malad. Jezi te resisite pitit fi Jayiris la ki te gentan mouri yon ti tan apre. — Lik 8:41, 42, 49-56.

Laza, bon zanmi Jezi a Laza te mouri depi kat jou lè Jezi te resisite l devan yon pakèt moun. — Jan 11:38-44.

Dòkas, yon vèv Apot Pyè te resisite dam sa a yo te konnen kòm yon bon moun akoz tout bon aksyon li te konn fè. — Travay 9:36-42.

Etich Yon jèn gason yo rele Etich te mouri; li te tonbe sot nan yon fenèt byen wo. Apot Pòl te resisite l. — Travay 20:7-12.

b Rezirèksyon ki pi enpòtan an se rezirèksyon Jezi Kris. Jan atik ki vin apre a pral montre sa, rezirèksyon Jezi Kris vrèman diferan parapò ak uit rezirèksyon sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje