SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | ÈSKE L POSIB POU YON MOUN VIV APRE L FIN MOURI?
Èske gen espwa pou moun ki mouri yo?
Èske moun ki mouri yo ka tounen viv ankò?
REPONS BIB LA BAY: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa [Jezi], e y ap soti.” — Jan 5:28, 29.
Jezi te predi lè moman an va rive, anba dominasyon Wayòm li an, tonm yo pral vid. Men sa Fernando nou te pale de li nan atik anvan an fè konnen: “Premye fwa m te li Jan 5:28, 29 la, mwen te jwenn yon vrè espwa, e mwen kòmanse reflechi sou lavni yon fason pozitif.”
Nan tan lontan, Jòb, yon sèvitè fidèl Bondye, te gen espwa Bondye ap resisite l apre lanmò l. Men kesyon Jòb te poze: “Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò?” Apre sa, li te reponn ak konfyans lè l te di: “M ap ret tann toutotan mwen oblije ret tann [pandan l nan Tonm nan], jiskaske delivrans mwen rive. W ap rele m, e m ap reponn ou.” — Jòb 14:14, 15, NW.
Rezirèksyon Laza a ban nou espwa pou lavni.
Rezirèksyon an pa t yon ide ki nouvo pou Mat, sè Laza a. Apre Laza te mouri, Jezi te di Mat: “Frè w la ap leve.” Mat di l: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a.” Jezi di l: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò.” (Jan 11:23-25). Apre sa, menm kote a Jezi te resisite Laza! Istwa pasyonan sa a ban nou yon apèsi sou yon pi gwo evènman ki gen pou rive alavni. Imajine rezirèksyon konsa pral fèt sou tout tè a!
Èske gen moun k ap resisite pou y al viv nan syèl la?
REPONS BIB LA BAY: Pawòl Bondye a montre rezirèksyon Jezi a pa menm ak uit lòt rezirèksyon yo rapòte nan Bib la. Uit moun sa yo te retounen viv sou tè a. Sepandan, konsènan rezirèksyon Jezi a, men sa Bib la di: “Jezi Kris [...] adwat Bondye, paske se nan syèl la li ale.” (1 Pyè 3:21, 22). Èske se Jezi sèlman ki te resisite pou l viv nan syèl? Anvan Jezi te monte nan syèl, li te di apot li yo: “Lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou.” — Jan 14:3.
Kris te ale nan syèl e li t al fè preparasyon pou kèk nan disip li yo. Kantite moun k ap resisite pou lavi nan syèl la se 144 000 (Revelasyon 14:1, 3). Men, ki sa disip sa yo pral fè bò kote Jezi nan syèl la?
Yo pral vrèman okipe! Men sa Bib la fè n konnen: “Tout moun ki benefisye premye rezirèksyon an, yo byennere e yo sen. Dezyèm lanmò a pa gen pouvwa sou yo, men yo pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an an.” (Revelasyon 20:6). Moun sa yo ki resisite pou y al viv nan syèl la pral dirije tè a antanke wa e antanke prèt ansanm ak Kris.
Ki moun k ap resisite apre sa?
REPONS BIB LA BAY: Nan Ekriti enspire yo nou jwenn pawòl sa yo Pòl te ekri: “Men espwa mwen gen nan Bondye, e se espwa sa a mesye sa yo genyen tou: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Travay 24:15.
Pawòl Bondye a ban nou asirans plizyè milya moun ki mouri pral tounen viv ankò.
Kiyès ki fè pati gwoup moun Pòl pale de yo antanke “moun ki jis” yo? Ann pran yon egzanp. Men sa yo te di Dànyèl, yon gason fidèl, nan fen lavi l: “Kanta pou ou, ale jiska lafen, e w ap repoze w, men w ap leve pou w jwenn lo pa w nan fen jou yo.” (Dànyèl 12:13, NW). Ki kote Dànyèl pral viv lè l leve sot nan lanmò? “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:29, NW). Epitou, Jezi te di: “Byennere moun ki gen tanperaman dou, piske Bondye pral ba yo tè a.” (Matye 5:5). Dànyèl ansanm ak lòt gason ak fi ki rete fidèl ak Bondye yo pral resisite pou yo viv sou tè a ankò pou toutan.
Kiyès ki fè pati gwoup moun Pòl rele “moun ki enjis yo”? Yo se plizyè milya moun ki t ap viv e ki mouri san yo pa t janm jwenn posiblite pou yo konprann epi aplike verite ki nan Bib la. Apre yo fin resisite, y ap anmezi pou yo konnen Jewovaa ak Jezi e y ap vin renmen yo (Jan 17:3). Tout moun ki chwazi sèvi Bondye yo pral gen posiblite pou yo viv pou toutan menm jan ak Jewova.
Tout moun ki chwazi sèvi Bondye yo pral gen posiblite pou yo viv pou toutan, ak kè kontan e an sante.
Ki jan lavi sou tè a pral ye?
REPONS BIB LA BAY: Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Revelasyon 21:4.) “Y ap bati kay e y ap abite nan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay.” — Izayi 65:21, NW.
Imajine n ap viv nan yon kondisyon konsa ak moun nou renmen yo ki resisite! Sepandan, nou ka mande ki jan nou fè sèten rezirèksyon an ap fèt vre?
a Jewova se non Bondye jan Bib la fè konnen sa.